02/07/2025
https://www.facebook.com/share/1611rGBASe/?mibextid=wwXIfr
Carme Jl
Istwa Rankont nou pi bèl👫🫶🏼💃🏻
5e edisyon🫶🏼❣️
5è edisyon se moman pam lan pou mwen pale de istwa rankont mwen ak marim ,
Ki fèt menm Dat ,menm Ane, menm Mwa Janvyea ,e menm Jou ak mwen❤️❤️😇😇
Marasam🤷♀️👩❤️👨
Carme👩❤️👨 Elson
Nou se 2 ti pijon👫😍♡
Mwen sonje lè nou te ayiti mwen ak marim te lekol menm kote📚🖊️ , men nou pat nan menm klas , se yon jou pandan mwen ap fête🍾🎂 fèt anivésè mwen , mwen tap enjoy 😃 anpil ak zanmi klas mwn,
Epi se jou saa bae 😍 ak zanmi li yo te pase devan klas mwen an 🤗,li wè nap enjoy li pran tiz 😄 li ak zanmi li yo kòmanse rantre nan klas la fèm dè swè ,antanke yon nèg galan nan rekreyasyon klas la li ht sirèt🍭🍬ak yon bouke flè 💐🌹 li tounen pote pou mwen😄😄 pandan mwn pat menm rekonet li avan, sa te vrèman epatem jou sa,
Men pou'm di nou depi lè li te parèt bò klas la nan kèm map di waw tèlmanm santi fason li ye rive sou mwn,😄 li tou seksi ,saj anpiiil epi li timid 😄 ,tout lòt zanmi li yo ap ouvè kò yo li rete byen dousman lap voye zye gade'm😍 ,mwn map vòlè je gadel chak je li tonbe nan jem li fè yon ti souri😍😄
lè moman rive pou chak moun ale swiv kou 📚📚li parèt kotem lan tou timid li dim
"Puis-je avoir votre numéro svp"
Mwen ki ap fè kapris 🤦🏾mwn dil "Non" mesye byen seryez 🤷♀️
Epi mwn redi li mèsi pou kdo🍭🌹 yo wi ,
Men mwn prale lakay mwen ak regrè 😌,paske mwn pat bali nimewo tlf lan ,map fè yon pakèt panse,
Jan ti neg sa saj la li montrem li galan yon bo ti gason konsa eske zanmim yo pap pase anba pou antre souli?
E lòt medam yo montre yo entèrese plis pasem,😃
( Nèg pa pou mwen,mwen gentan ap fè jalouzi😃😄)
Nan demen li bay yon zanmi li pote yon ti papye ban mwn ,ki gen nimewo telefòn pa li ,
Mwen tou ekri li aprè kek è de tan,
Se la nou vin ap pale li envite mwen sòti nan dimanch ,Mwen asepte a lepòk nou te ale nan yon Bar restaurant delmas "
Se la mwen ap aprann ke se menm jou ,menm dat ,menm Ane mesye a fèt ansanm ak mwen 😳 ,
Mwen sezi mwn pakwè li montrem kat li🫢 ,
Epi boom nan nou kòmanse pale💌📨 nèt ,lap di mwen se moun pal la ,mwen se marasa ak li , mwn pa janm montre li sim entèrese ak li , men ofon mwn renmen 🩷neg la 🫢😄😄, chak moun antre lakay yo ,men nou toujou kontinye pale , lap koutizem men mwen pako vle reponn li .
Mwen te nan yon gwoup mwen te konn vwayaje ,ale tounen ayiti , sitou nan moman vakans, mal chans pou mwen paran mwen te mande pou mwen tou rete ozetazini se la mwen vin tonbe nan tristès ankò 😱😢 Mwen pa gentan soti ak Mesye a pou yon 2èm fwa e mwen te gentan di nan tèt mwn se nan 2èm soti a map asepte 💞❤️❤️li nan vim 🤦🏾🤷🏾 podyab mwn ,
Lè mwen ekri misye mwen pa jwenn li e mwen aprann li gentan kite lekol la , chèche li sou Facebook mwen pa jwenn li , la mwen kòmanse dezespwa🤷♀️
"Men mwen di Bondye depi se moun pam lan kanmenm nap rekonekte kèlkeswa fason an"
E misye te toujou di mwen wè pa wè mwen se moun pal la ❤️,Mwen ap madanm li kan mem😄.
Poutan se lòt eksperyans desten te vle nou chak al fè ak lòt moun🤷♀️.
Aprem te fin fe plis ke 2 lane mwen pat janm
tande li mwen ta pral gen yn lot moun
nn vim, men mwen te konn toujou tande yap di
majorité neg gonayiv poum pa di tout se
gwo malfekte ki egziste, men mwen te konn
ap fè blag ak sa paske mwen pat ko pase anba
men yon neg gonayiv
Te gen yon epok mw te vin rankontre
ak yon neg kite soti Gonayiv sou
Facebook. Le sa a, mw te selibatè, mwen tap
viv pou kont mwen nan yon apatman 2
chanm a kouche ak yon salon epi kizin
douch, mwen te gen tout afèm ladanl mw travay
mwen bay tet mwen tt Sam bezwen poum viv🤷🏾,
pandan ke li menm li tap viv nan yon
kolokasyon ak yon zanmi li. Apre selman
3 jou depi nou te rankontre, misye pran
tout rad li, san mwen pa menm dil vin abite
avem, li vin enstale | lakay mw. Mwen te di li
klèman ke mwen pa t pare pou viv ansanm
ak yon moun mwen pa t vreman konnen🤗🙄,
men li te reponn ke sa pat yon
pwoblèm. Li fe m kwè ke ansanm, nou tap simonte tout bagay.
Pou premye 6 mwa yo, mwen asire tout
bagay nan kay la paske li pat nn travay , men vu kem te renmen li 🤷♀️,mpat trouve se te yn gran choz paskem te knn abitye reponn ak bzwn kay mw san ed pèson moun, epi lè li
komanse travay, se la mwen te pral dekouvri vrè vizaj li, li te vin egoyis anpil, se komsi li te knn nn konpetisyn avem😩, san respè, epi li te komanse trayi m regilyèman.
Chak fwa mwen dekouvri li t ap twonpe m, li t ap eseye fè m santi kömsi se mwen ki gn tò, sa te lakoz mwen pedi konfyans nn tet mwen, chak lem al travay lannwit li sou tout live selibatè ap chache fanm lap di li bezwen yon mennaj ki pa gen mennaj pandan ke lap viv nn kay avem, se te premye eksperyans mwen viv menm kay ak yn moun ,
Mwen te fè tout Sak te depann de mwen poum te ka fel plezi nn tout sans,
Mwen te konn toujou ap wè mesaj kote li t ap disa ak lòt zanmi li,
Sak pi grav la😩aprè misye chanje konplètman ,lap montrem tout defo li yo , lap twonpem💔😢 ,lap stresem, chak moun kite konn dim sa mwen pat konn vle kwè ,
E chak mwen bare li kap twonpe 💔mwen , mwn kite li aprè se gade mwen gade mwen tounen avèl ,e li toujou dim se radòt map fè mwen paka kite li oh se mwen kap vin mande li tounen nan kay la , pandan ke se pa anyen posib li te k ofrim nan relasyon an , menm arive derespekte fanmim, paske yo dil si fanm nn pa avew anko ou pas dwe ap rann lavil enposib, li joure papam de masisi 🤦♀️, dil pa konn koupel😭, Mwen te konn toujou wè yap di mwen misye pa moun pam lan men chak poum soti anba li mwn pat kapab,
Pi move bagay misye te fè mwen ,lè li sispèk mwen pa bezwen li ankò pou tout bon vre , li wè kèm❤️ kòmanse kontan , li chèche konnen sa ki koz sa , li rantre lakay mwen sanm pa konnen fouye tlf mwen ,pirate tlf📲📱li pran numéro nouvo mennaj mwen an , bali anpil manti sou mwen, menm arive voye foto n**e ke mwen te gen ak li lontan ,voye bay nèg la jus poul fè relasyon an kanpe , li pran videyo sipriz kem te knn fel Avan ke nou te gn relasyn li voye bay Elson poul dil knsa kob Elson konn ban mw se li menm kem ap okipe ak yo, li mache met tt zanmim anfas mwn, bagay pesonel zanmim te konn pale avem li rele zanmim yo poul di ke mwn konn pale yo mal avek li, pran machin mw li kondwi 6h tan jis poul ale koupe fi, li menm pran foto peni🍆🍆 Elson li jwenn sou tlf mwn ,li pran yo li voye yo bay li anko epi lal di Elson oh ou gen pigwo manch pasem ou pi bo gason pasem ou ka jwenn yon lòt fanm Carme pa mérite ou,
Se bay mennaj mwen an tout vye pawòl sou mwen , E lap palem de mesye a se kòmsi se li ki konnenl li avanm, Men mwen pa janm kite li konnen si mwen te rekonet mennaj mwen an depi ayiti, mwen te antre nn depresyon mwn te dekonekte ak rezo sosyo mwen pa pos bel ti fotom anko, telman mwen te vin pèdi knfyans nn tet mw, lem wè tt bgy sa yo mwen di Elson Ann kraze kite sa, epil dim tanpèt nèj met pase, siklon met pase,pa gn anyn kap fèm pèdiw ankò nan vim paske ou se madanm pam, lem tande sa kem ouvè vap😂, Bondye pou mwen chak sa lidi sou mwen Mennaj mwen an pakwè li....brèf
Vagabond an metem sou boudam plat , chak jou mwen te konn ap kriye😭😭, di Bondye retirem kotem ye a fèm jwenn moun ki pou mwen tout bon an , lè mwen vin konfime ke se mare mwen mare ,mwen met kòm deyò mwen di map kite pou tout bon , E mwen esplike grann mwen tout rèv mwen fè yo, li fè tout sal konnen pou mwen ,mwen arive sòti anba nèg gonayiv la,
Epi se la Ad-Lysa te gen yon gwoup whatsapp mwen te ladanl tout moun tap lage foto mwn lage tou ,
Oh oh sezisman pirèd mwen wè foto marim lan sou gwoup la ,ke mwen te pèdi kontak avèl depi kek ane ,
Mwen privé li, Li sezi 😳😄 ,se kè kontan tou 2 bò yo epi lap esplikem kòman li te fè pèdi kontak mwen , lap dim men kòman yo brize💔 kè li ,
Se la mwen pral esplike li sa map pase nan relasyon ke mwn te genyn an, nou kontinye pale ,
Chak map domi mwen wè li nan dòmi ,pandan 2 fwa mwen rêve mwen nan yon gwo dife🔥 se li menm ki vin retirem ,pandan 2 fwa mwn wèsa nan dòmi,
Lèm esplike li rèv yo li dim
ou sonje ́mwen te toujou konn di ou .ou se moun pam lan😄😄
Mwen rirrr Hmm relasyon 💞🩷vin kòmanse pou tout bon kounyaa,
Kè mwen te brize💔💔 fè plizyè mòso men Bondye la nature ,gwo fòs nan bitasyon mwen yo te retire mwen nan vye relasyon toksik 💔ke mwen te ye , li fèm jwenn mari mwen ki respektem anpiil k tretem byen , ki pran swenm ,e ki respekte fanmi mwen , kap fèm viv lanmou💞❤️, nou deja fiyanse, trèbyento nap marye legliz💍💍❤️❤️.
Konsèy mwen pou chak moun ki kwè nan lanmou👩❤️👨,
E pou tout moun ki ka ap li istwa mwen an, mwen vle kite kek konsey:
1- Pa tolere mank de respe nan yon
relasyon - Si yon moun fè w soufri, fè w santi w ensifizan, oubyen kontinye trayiw, se pa lanmou sa. Lanmou pa fè mal.
2- Fè konfyans nan entuisyon w siw santi yon bagay pa dwat, swiv sans ou. Anpil fwa, premye enpresyon nou yo se vrè yo.
3- Fè tèt ou pase an premye, Pa pè kite pèdi yon moun fè w pèdi têt ou. Menm si w renmen yon moun, sonje ou dwe renmen tet ou anvan.
4- Pa pè kite yon relasyon toksik - Pa gen anyen ki pi mal pase rete kote w ap soufri, jis paske ou pè sa ki ka vini apre. Lavi toujou gen plis pou ofri si ou gen kouraj pou fè yon chanjman.
Mwen aprann ke malgre gen move
moun, gen bon moun tou. Elson se prèv ke gen moun ki ka fè w kwè nan lanmou ankò. Depi mwen kite relasyon toksik sa a, lavi mwen chanje, e mwen ka di san
dout mwen se yon moun kè kontan
kounya, pa rete anba yon moun kap maltretew ,ki pa gen respè pou ou ni pou fanmi w , pafwa wap rete tann yon moun chanje, se tet ou wap antere plis , trè souvan se mare yo mare w yon kote just pou w asepte ak tt sa yap fèw , E pa bliye moun pa w la👫 deja la se lè a ki pako rive pouw sòti kotew ye a ,sa desten sere pou ou pa gen anyn ki k fèw pa jwenn li, sofke toujou bat pouw gen rezon w ,respekte tèt ou an premye.
Yon gran Mèsi ak tout moun ki pran tan yo pou li istwa Carme 👩❤️👨ak Elson lan anpil lanmou pou nou😘😘.
Like & Share🔥🔥