24/07/2026
Nan deklarasyon li, pandan pasaj li nan chapèl legliz katolik senterèz 9em seksyon chomey la samdi 18 jiyè 2026 la. Mon seyè MARIE ERICK GLANDAS TOUSSAINT di:.
Se te anprezans premye sitwayen seksyon an SALOMON LAPLANTE, ak plizyè lòt manm katèl kazèk la e an prezans youn nan manm katèl majistra komin benè a ., MARIE ANTOICIDE VENANT , E anpil fidèl legliz katolik senterèz la ak anpil manm nan kominote 9em seksyon an ,mon seyè a te kontan pran lapawol poul te deklare ke chapèl senterèz 9em seksyon chomey la ap vin pawas tout fwa moun 9em mete têt ansanm ak fidèl legliz katolik senterèz la pou yo rive konstwi legliz la.
-se te avèk anpil souri ak lajwa nan vizaj tout moun ki te prezan nan moman mon seyè a tap fè deklarasyon saa ,te resevwa Nouvel saa.
Kounya se Nou menm pitit 9em seksyon benè a ki pou pase aksyon.
Nap raplew sòti 1915 rive 18 jiyè 2026 la mon seyè MARIE ERICK GLANDAS TOUSSAINT se 5em mon seyè ki rive vizite Fidèl chapèl legliz katolik senterèz 9em seksyon benè a.
Se te sou lidèchip Père JOLIE BOIS JEAN CLAUDE ak kèk manman responsab chapèl legliz katolik senterèz la aktivite saa rive reyalize.
Nap invitew swiv nan kèk imaj. # # #
48 44 0661