15/09/2026
NÒT OFISYÈL — RADIO LA SOURCE FM DE BOMBARDOPOLIS
Direksyon Radio La Source FM de Bombardopolis vle remèsye tout zanmi, oditè, kolaboratè ak sitwayen ki te pran tan pou rele nou, voye mesaj pou nou epi eksprime solidarite yo apre yo te aprann nouvèl sou arestasyon jounalis nou an, Yves Adson Fenelon, pandan li t ap fè emisyon li nan estasyon an.
Nou vle remèsye tou tout medya tradisyonèl ak medya sou entènèt ki te kontakte Radio La Source pou pote sipò yo, pran nouvèl sou sitiyasyon an epi montre solidarite yo ak jounalis nou an ak tout ekip estasyon an. Sipò sa a gen anpil valè pou nou.
Nou kontan enfòme piblik la ke Yves Adson Fenelon libere e li anfòm.
Radio La Source pwofite raple angajman li anvè prensip libète laprès ak libète ekspresyon. Konstitisyon Repiblik Ayiti a, nan Atik 28, rekonèt dwa tout Ayisyen genyen pou yo eksprime libreman opinyon yo. Atik 28-1 presize jounalis la egzèse pwofesyon li lib, nan kad lalwa, san otorizasyon ni sansi, eksepte nan ka lagè. Atik 28-2 rekonèt prensip libète laprès epi pwoteje jounalis la konsènan sous enfòmasyon li yo.
Sa vle di libète laprès se yon dwa fondamantal, men egzèsis dwa sa a fèt nan kad lalwa ak respè prensip etik pwofesyonèl yo. Konstitisyon an prevwa tou ke abi dwa ekspresyon ak enfraksyon ki gen rapò ak laprès antre nan kad lalwa penal la.
Radio La Source rete angaje pou l kontinye fè travay enfòmasyon li avèk responsablite, pwofesyonalis, endepandans ak respè pou lalwa, pandan l ap defann dwa jounalis yo pou yo kapab fè travay yo san entimidasyon oswa presyon ki ta ka anpeche yo akonpli misyon yo.
Nou remèsye tout moun ki kanpe bò kote nou.
Radio La Source FM de Bombardopolis
La Radio de la diversité
106.5 FM