PlanetGary B.

PlanetGary B. Abone Abone !

07/09/2025

Mass konpa
Tap tcheke konsa avanl ba nou plezi an

Jean Gary Josirin
TrapAyiti
Icône des temps

*Premye Fey – Bazilik*Mwen lanse *PlanetGary B.* ak yon fey ki senp, men sakre: *Bazilik*.  Yo konn rele l *"fey beny"*,...
27/06/2025

*Premye Fey – Bazilik*

Mwen lanse *PlanetGary B.* ak yon fey ki senp, men sakre: *Bazilik*.
Yo konn rele l *"fey beny"*, *"fey sen"*, *"remèd grangou"*.
Nan Bonbadopolis, li pouse toupatou… men li pa tèlman remake.
Jodi a, mwen mete limyè sou li.

Bazilik se pa sèlman fey.
Li se yon *gerizon vivan*:
- Li soulaje lestomak
- Li bay kalmi nan panik
- Li ede moun dòmi
- Li geri mal gòj, rim, ak mal tèt
- Gen moun ki mete l nan ben pou *netwaye lespri*

Li sèvi tou nan kwizin lakay: pou bay gou, bon sant, ak remèd nan plat.

Men pi gwo leson mwen aprann nan li:
*Ou pa bezwen parèt, ou pa bezwen bwi — ou ka senpleman ekziste e geri moun.*

Se pa tout bèl bagay ki fè bri. Gen fey ki mache tou dousman, men kite tras nan tout kè yo touche.

*PlanetGary B.*, se vwa sa yo. Se limyè sa yo. Se memwa sa yo.
M swete w jwenn ou nan chak foto, chak fey, chak ti silans mwen mete la.

Byenveni sou planèt mwen.

Adresse

Rochefort Desforges
Bombardopolis
50000

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque PlanetGary B. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager