22/02/2025
Direktè: Bonjou, Madam JEAN. Mèsi paske w te vini. Nou t ap pale sou pwoblèm disiplin timoun ou a nan klas la, men mwen te vle diskite sou yon apwòch ki baze sou disiplin pozitif pou ede l amelyore konpòtman li.
Paran: Bonjou, Mèsi paske ou fè m konnen. Mwen vle pi byen konprann sa disiplin pozitif la ye.
Direktè: Disiplin pozitif se yon metòd ki baze sou ankourajman ak respè. Li pa sèlman konsantre sou pinisyon pou move konpòtman, men li mete plis aksan sou ranfòse bon konpòtman epi ede timoun yo aprann fè bon chwa.
Paran: Enteresan. Men, si timoun nan pa suiv règ yo, kouman li fè respekte san pinisyon?
Direktè: Bon kesyon. Disiplin pozitif sèvi ak konsekans natirèl. Pa egzanp, si yon timoun pa fè devwa yo, olye nou pini l, nou ka montre l enpak la lè li jwenn yon ba nòt. Nou ka diskite sou kijan l ka amelyore sitiyasyon an, olye nou fè l pè. Nou ankouraje tou dyalòg pou ede timoun nan konprann poukisa règ yo enpòtan.
Paran: Èske sa pa fè yo vin pi endisipline ? Timoun yo dezòd anpil wi Dirèk.
Direktè: Okontrè, timoun yo gen plis tandans respekte règ yo lè yo konprann rezon ki dèyè yo e lè yo santi yo respekte. Lè timoun yo santi yo tande epi apresye, yo gen plis motivasyon pou fè bon chwa.
Paran: Sa sonnen lojik. Men nan ki fason mwen ka aplike metòd sa lakay la ?
Direktè: Kòmanse pa kominike klèman règ ou yo epi eksplike konsekans ki natirèl si yo pa respekte yo. Lè timoun nan fè yon bon bagay, felisite l pou efò l yo. Si gen yon konfli, eseye rezoud l nan dyalòg olye pini san eksplike. Sa ka mande pasyans, men li vrèman efikas sou tèm long lan.
Paran: Mèsi anpil pou eksplikasyon yo. Mwen pral eseye metòd sa yo lakay epi wè kijan timoun nan reyaji.
Direktè: Mèsi pou kolaborasyon w. E si w gen nenpòt kesyon, pa ezite kontakte m. Nou la pou ede ansanm.
Paran: Mèsi ankò!
Direktè: Pa gen pwoblèm. Ann kontinye travay ansanm pou devlopman timoun yo nan kominote a.
MÈSI PASKE TE LI TÈKS LA, PATAJE L SILVOUPLÈ! 🙏