Desrameaux des mots

Desrameaux des mots Des mots pour inspirer, éclairer la foi, la pensée et l´action. un espace de communication, de leadership et de développement personnel.

18/02/2026

💬 Nouveau podcast ! « Les bancs publics : entre pouvoir, amour et politique » 🪑❤️🗳️
Découvrez comment un simple banc devient le théâtre de nos vies : rencontres furtives, discussions passionnées, luttes de pouvoir… La sociologie du quotidien comme vous ne l’avez jamais entendue ! 🎧✨

La sociologie du quotidien.Paske tout moun ap viv nan sosyete à se yon nesesite poun reflechi sou sosyete a.  Paske nou ...
13/02/2026

La sociologie du quotidien.
Paske tout moun ap viv nan sosyete à se yon nesesite poun reflechi sou sosyete a. Paske nou ka fè soosyoloji nan chak ti detay..

13/02/2026

🎙️ Première apparition – Sociologie du quotidien
Ce matin, dans une simple file d’attente à la banque 🏦, j’ai vu bien plus que des corps serrés. J’ai vu le pouvoir, la méfiance, la patience, la hiérarchie sociale 👀. Rien n’est banal. Chaque détail raconte Haïti 🇭🇹. Écoutons, analysons, réfléchissons ensemble. ✍🏾🔥

MWEN PAP SIYEN PETISYON AN.Plizye zanmi voye petisyon an pou mwen. Mwen li petisyon an, Fòm di rezonm yo pa gen anyen po...
12/02/2026

MWEN PAP SIYEN PETISYON AN.

Plizye zanmi voye petisyon an pou mwen. Mwen li petisyon an, Fòm di rezonm yo pa gen anyen pou wè ak klivaj relijyon, yo chita sou rasyonalité, metòd ak byen kanalize enèjim. Dayè Se menm rezon sa yo ki fèm siyen plizyè nan petisyon Rudy Sanon yo, malgré se pa nèg ki janm rate okazyon pou kalonnen legliz. Menm toujou retrouvem nan koz lap defann yo. Lè ayiti bon lap bon pou nou tout kèlkeswa relijyon klas ak koulè nou.

Gen bagay fòk nou mande tèt nou èske se edikasyon sivik, sansibilizasyon oubyen petisyon ki ka regle yo. Si se vwe yon petisyon kapab fè opinyon yon moun ak yon ti gwoup vin tounen yon konba kolektif, si se vwe li ka enfliyanse yon deba piblik, Youn nan wòl fondamantal petisyon se fè pouvwa desizyonèl yo tande vwa yon mass moun pou aji nan yon sans ou yon lòt. Nan kad petisyon pou madanm ak pitit kandida rete nan peyi a kisa nap tann leta fè?

èske se mande nap mande leta poul mete sa sou fòm yon lwa oswa nan dekrè elektoral ?..mwen panse si se sa lwa sa tapwal vin vyole anpil dwa..tankou dwa pitit kandida ki majè ak pitit kandida pou yo viv kote yo vle sou latè depi yo gen mwayen pou sa..epi vyole dwa politik yon moun madanm, mari ak pitit li pa vle viv ayiti. Litap prèske retire dwa anpil Ayisyen ki ap viv aletranje pou enplike yo nan politik, jan yo pouse do yo depi anpil lane deja.

Onètman mpanse seta dwe plis yon kanpay sansibilizasyon jan li kòmanse fèt pou mande pèp souvren pa vote kandida si madanm ak pitit yo pap viv Ayiti. Wi nou gen dwa sa ak grenn vòt nou.
Pèsònèlman mpanse sa ka jefò anplis poun fòse dirijan yo travay pou peyi a lè yo konnen avni fanmi yo makònen ak bout tè sa..

Men mwen sim tap kanalize enèji pam..mtap fè kanpay..
- Poun vote moun ki gen bon pase ( mete yon gwoup jèn anketè ki pwal nan katye kote kandida te leve, nan lekòl, inivèsite ak kote yo tap travay. epi fè repòtaj)

- Poun vote moun ki gen eksperyans nan lidèchip. Ki abitye dirije moun, enstitisyon ak pwojè..gen moun nou vote, premye gwo dokiman yo li se yon pwojè lwa.

- Poun vote moun ki gen konpetans ak kalifikasyon..wi nou pran kou nan moun ki gen papye men sa pa fè lékòl pèdi valè. Anplis de papye fòk nou gade kisa moun sa realize deja konkrètman.

- Anfen karaktè ak entegrité.karaktè se vizaj ou lèw nan difikilte.entegrité se moun ki san repwòch..( relativement)..nou bezwen moun ki abitye pran gwo desizyon menm lè yo konnen yo ka pèdi anpil..nan vizyon pam yon moun ki vle dirije peyi sa menm lanmò fòw pa pè..( yon jounalis ka mande : banm kèk avantaj ou pèdi pou konvisyonw).

ayisyen tèlman pran kou, nou tèlman tonbe nan tchouboum lide nou pa janm sispann travay poun wè kijan nou ta soti nan sa. nou pwan kou nan men blan nan men milat, nan men tèt grenn nan men entelektyèl nan men men vakabon, nan men Prèt, Pastè, vodouyizan, nou pwan kou nan men vakabon ki pat menm gen paspò vwa pou yo ta vwaye ni madanm yo, menm jan nou pwan kou nan men neg ak fanm tout fanmi yo lòt bò.

Nan eleksyon kap vini yo.
- Mtap renmen wè yon gwoup jèn inivèsitè ki pran pwojè kandida yo ak pati yo ki dekòtike yo pou fè pèp la konprann pibyen.
- Mtap renmen we repòtaj kredib sou rezo yo ki pale de pase kandida yo.
- Mtap renmen wè plis jèn fanm ak jèn gason ki soti al fè kanpay fwape pòt moun, san kandida pa ba yo kob san yo pa gen espwa vin pran djòb men paske yo kwè nan lide chanjman kandida sa ap pote.
- mtap renmen wè gen pen prizon pou nenpot kandida ki ofri moun mil goud.
- Mtap renmen wè popilasyon an ki ap pote 100 gourdes, 250 goud pou sipòte kandi pa yo pou anpeche yo al sal men yo nan kout milyon boujwa ki achte yo depi anlè.
- Mtap renmen wè brigad vijilans devan biwo vòt yo poun anpeche abolotcho vin kraze biwo paske kandida pa yo pap mennen.

Paske Pou mwen an Ayiti se pèp, vakabon, ak blan ki bay pouvwa. sam di yo se pou edike pèp la epi netralize vakabon. Pou Blan mpoko konn sa pou nou fè.

Sanw pa site non ki kritè ou panse nou ta dwe priyorize nan chwa kandida.
kijanw panse nou ka edike pèp sa pou yo fè pi bon chwa?

kijanw panse nou ka netralize, vakabon ak kèk fwa menm lapolis ki nan kraze biwo vòt ?
kisaw panse nou ka fè pou blan sispann foure zig li nan eleksyon nan sant tribilasyon ?

30/01/2026

Bienvenue sur ma page
Par ce vieux discours je voudrais vous accueillir honorablement..

J´ai frôlé la vocation de politicien dans cette allocution. Mais la vérité c´est que j´essaie toujours d´utiliser le verbe pour éveiller l´esprit et la conscience. Le plaisir que ça procure à l´écoute n´est qu´une cerise sur le gâteau..

Je suis Desrameauxdesmots
Vous avoir comme auditeurs est un honneur,
Vous servir, un immense plaisir.




30/01/2026

Stop🤚 prenez votre caméra mentale et faites une photo 📷 de l´avenir. Si c´est du vide il vous faut une vision..si c´est flou ajustez votre lentille avec plus de focus..

Sachez que chaque action quotidienne est un effort pour imprimer cette photo en support dure.

Si tu es fier de ta prise, ça n´à rien à voir avec la photographie tu es juste un bon visionnaire..

Sak rete ? Met granmoun sou ou, jodi à se pibon jou pouw monte blòk nan konstriksyon rèv ou. Menm si son kout tiwèl pa kite jounen sa pase pouw pa fè anyen..sinon rèv ki te dwe reyalize nan yon mwa pwal chavire nan 2 mwa...

Ann ale..Ann ale..leve..souke kòw..fokis..sispann plenyen..

Adresse

Centre Ville
Cap-Haïtien

Téléphone

+50932332946

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Desrameaux des mots publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager