11/12/2025
Charles Jobès : Yon etwal k ap klere nan batay kiltirèl ak lidèchip inivèsitè
Nan mitan jèn entèlektyèl k ap make lavi inivèsitè peyi a, non Charles Jobès tounen youn nan referans ki pa ka inyore. Etidyan nan UPNCH ( UniversitéPubliqueduNordauCap-Haïtien) , li parèt kòm youn nan figi ki pi angaje nan mouvman k ap chèche leve diyite, valè ak idantite pèp ayisyen an.
Avèk lansman “Jounen a L’Ayisyèn” nan UPNCH, Charles Jobès ouvri yon batay kiltirèl ki depase òganizasyon aktivite sèlman. Inisyativ sa a tounen yon espas pou reflechi, montre valè nou, epi ranfòse konsyans ayisyèn lan nan mitan jèn yo.
Pou plis make angajman li ak ranfòse sans respè pou senbòl nasyonal yo, li lanse tou inisyativ seremoni moute drapo chak maten nan lakou UPNCH avèk lòt kòlèg etidyan tankou VAL Joudelin, Ritchline Emmanuela Magloire, Harry-Kervenson LOUIS , Morice Brenéus, Chery Roozlyn kise yon seri jèn ki enspire konfyans nan jenerasyon sa. Seremoni an se yon jès ki senp, men ki gen gwo sans pou raple chak etidyan ke kilti ak idantite nasyonal la dwe viv chak jou.
Lidè sa a, anpil jèn rele “yon modèl pou jenerasyon an”, rive enpoze tèt li kòm yon vwa ki pa tranble nan mouvman Ayisyenis la. Angajman li pou defann kilti ak idantite nasyonal la fè anpil etidyan jwenn enspirasyon nan li, paske yo wè klè ke patriyotis se pa pawòl, men se aksyon ki fèt ak konviksyon.
Ak yon vizyon klè, yon devouman ki serye, epi yon lanmou ki pa gen limit pou Ayiti, Charles Jobès kontinye trase chemen li kòm youn nan jèn lidè k ap pote limyè ak espwa nan lavi inivèsitè a.
Yon etwal k ap monte, yon egzanp pou tout jèn, yon vwa k ap kontinye fè vibrasyon pozitif nan UPNCH ak nan sosyete a an jeneral.
Crédit photo :