Voxpop 509

Voxpop 509 La voix du peuple haïtien sur l’actualité et la société.

20/04/2026

Yonn Nan bel album ki sòti Nan dènye Ane yo la, malerezman ki pa plete plafon. Album Nan rele silans, gwoup mizikal: Mood, chantè: Sanders Solon.

20/04/2026

Plen bagay gratis Kenyon moun ka aprann sou net la. Sispann pèdi tan Nan gade lòbèy selman.

19/04/2026

Pasaj Ariana Nan vil Okap, konfimem yon bagay: Mèri okap pran tout moun kap Viv okap Pou kochon.

25/01/2026

Okap SE yon vil a risk. Inondasyon, tranbleman de tè, sunami, SE pami bagay yo prevwa Sou vil okap. Eskew konnen malgre SA pi gwo sant ospitalye komin Nan ki SE jistiyen pat ka swanye 71 moun ke yon kamyon gaz ki te eksploze te choke. Jis imajine yon bagay ta pase Nan vil la ki pi grav. Donk gen de bagay SE Bondye kap kenbe nou men pa menm mete espwa yon seri de sekou SI yon seri de bagay rive. Non selman otorite sankoutcha nou menm tou kòm pè nou telman vin zonbi. Anfen...

25/01/2026

Nan chèche manje chak jou, gen yon pakèt bagay nou vin neglije Poutan SE bagay ki enpòtan. Kòman nou fè aksepte AP Viv Nan yon komin Pou pa gen yon kamyon ponpye ki nòmal la?

22/01/2026

Donk SE tout bon nou livre peyi a la? Anbasad amerikèn fè yon nòt soti konsa epi tout moun bèbè? Kote nèg lagoch yo? Pa gen kache lonbrit Nan benyen ankò nou mèt deklare Ayiti kòm yon eta, yon depatman, yon aneks mwen pa konnen ki non nap bal pote de Etazini.

21/01/2026

Nan koze lajistis mwen toujou tande yo di enstriksyon yon jij se bagay sekrè. Kote Pierre Esperance jwenn rapò SA lap li sou Edgar Le Blanc an?

Sa nap gade la SE yon gwo twou dlo ki chita tou pre  moniman yo vètyè Nan okap. Sa gen 2 semèn. Sa lakoz gwo blokis aksi...
20/01/2026

Sa nap gade la SE yon gwo twou dlo ki chita tou pre moniman yo vètyè Nan okap. Sa gen 2 semèn. Sa lakoz gwo blokis aksidan etc. Ni otorite ni moun kap frekante wout la chak jou pa janm fè anyen. Me kòman otorite isi salòp e iresponsab an 2026. Me kòman pèp ayisyen vin pasif e manfouben an 2026. E SVP SE yon wout nasyonal #1 Devan yon moniman istorik e mondyal. Nou pa moun ankò.

Kredi foto: Markolove Love Markendy paul

20/01/2026

Leta ta sipoze pran yon dekrè Pou okenn sivil pa egzekite sivil, SE Leta kibdwe egzekite moun. Gen yon fenomè "bwakale" depi kèk tan kap grandi Nan sosyete a mwen panse SI leta pa frennen sa pita ka pi tris.

Adresse

Cap-Haïtien
1134

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Voxpop 509 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager