19/03/2026
Gade de bò imaj sa a byen. Sou bò gòch, nou wè kote neglijans ak panse pasif ka mennen nou: nan stagnation ak dekourajman. Men sou bò dwat, nou wè pouvwa panse kreyatris la: yon moun ki kanpe wo, ki wè opòtinite, epi k ap avanse ak detèminasyon.
Nan CFP, nou la pou n ede w kite bò gòch la pou w monte sou tèt mòn ki bò dwat la. Pa janm bliye: lè w vle yon bagay tout bon vre, w ap jwenn mwayen an, w ap sispann bay eskiz.
Ann aji ansanm:
Ekri "MWEN CHWAZI AVANSE" nan kòmantè yo si w deside devlope yon panse kreyatris jodi a!
# # # Pataje pou n Ede Plis Moun
Pa bliye pataje afich sa a ak yon lòt moun. Objektif nou se motive plis moun posib pou yo avanse sou tout plan pozitif.
Slogan nou: "Ann avanse avè n, pandan wap ede yon lòt avanse."