06/03/2026
📈 Konprann Ekonomi: Poukisa pri pwodwi yo moute oswa desann?
Anpil fwa nou konstate pri machandiz yo chanje sou mache a, men nou pa toujou konprann mekanis ki dèyè sa. Tout bagay baze sou de (2) poto mitan: Òf ak Demann.
1. Jwèt Òf ak Demann lan ⚖️
Lè pri a monte: Imajine gen 15 moun ki bezwen yon sak diri, men gen yon sèl machann ki genyen l. Paske pwodwi a ra, pri a ap moute. Se sa nou rele yon gwo Demann devan yon ti Òf.
Lè pri a chite: Si gen 100 machann k’ap vann menm diri a, epi se 5 moun sèlman ki vin achte, machann yo oblije ba w yon pi ba pri (konpetisyon) pou yo ka rive vann machandiz yo.
2. Poukisa gaz la enfliyanse tout bagay? ⛽
Gaz la se sa yo rele yon pwodwi transvèsal. Menmsi se diri w ap vann, ou bezwen kamyon pou pote l sot nan pwovens oswa nan pò. Depi pri gaz la moute, depi se machandiz ki deplase, pri l ap moute otomatikman pou kouvri frè transpò a.
3. Kisa ki rele Enflasyon an? 💸
Enflasyon se pa sèlman lè pri yon sèl bagay moute, se lè pri tout bagay ap moute an jeneral epi lajan nan pòch ou pèdi valè (pouvwa dacha). Sa ka rive pou plizyè rezon:
Lajan twòp: Lè gen twòp lajan an sikilasyon (pa egzanp BRH ki mete twòp lajan deyò) san pa gen plis pwodwi pou vann.
Katastwòf: Lè siklòn oswa tranbleman tè detwi rekòt, pwodwi yo vinn ra, pri yo eksploze.