15/06/2026
Daprè plizyè temwayaj, "Ti Blan Bim", yon polisye ki fè pati detachman sekirite ki t ap akonpaye atis Ariana, ta enplike nan agresyon de jounalis nan Plas Bwaye samdi pase. Pami viktim yo genyen Louis Oralien, ki ansanm ak lòt travayè laprès la t ap chèche jwenn aksè ak espas kote atis la te ye a pou yo te ka reyalize kèk imaj.
Selon enfòmasyon ki rive jwenn nou, youn nan jounalis yo te resevwa plizyè kou pandan ensidan an. Kounye a, li ta gen pwoblèm nan youn nan zepòl li ak youn nan je li, ki pa ta fonksyone nòmalman apre agresyon an.