25/11/2025
✨ AVIS POU TOUT MOUN KI VLE EDE OU KI VLE MANDE EDE ✨
Lè nou anonse nou pral bay yon èd, anpil moun konn ekri nou an prive pou di: “Pa bliye nou…”
Men jodi a, map fè nou konnen 4 bagay ki trè enpòtan pou nou tout konprann:
1️⃣ Dimanche Backup pa chwazi o aza.
Nou verifye chak moun avan, paske nou vle èd la ale kote ki vrèman bezwen l.
2️⃣ Nou gade si moun nan toujou aktif sou paj la:
Si w toujou like, pataje, komante, sa montre ou fè pati kominote a e ou merite atansyon.
3️⃣ Nou verifye si w pataje travay nou yo:
Sitou lè ou pataje post nou yo sou paj pèsonèl ou, sa ede kominote a grandi.
4️⃣ Epi pi enpòtan an: IJANS OU.
Si bezwen w reyèl, grav, e enpòtan – nou toujou bay plis priyorite.
Nou pa ka ede tout moun an menm tan, men nap toujou fè pi byen nou pou rive kote sa nesesè.
Mèsi paske w fè pati fanmi sa. 🙏❤️
DimancheBackup