22/05/2026
Se avèk anpil emosyon ak kouraj jèn Elie, yon fyè jwè ekip FC Toro ki soti La Plaine, te voye yon mesaj fò pandan match la. Nan yon jès ki te touche anpil moun, li retire mayo li pou fè tout moun konprann doulè ak reyalite zòn li ap viv ladan l chak jou. Se pa sèlman football li vin jwe, men li pote vwa tout yon kominote kap mande lapè, sekirite ak yon pi bon lavi.
Elie mande pou yo libere La Plaine, pou timoun yo kapab viv byen, jwe san laperèz, ale lekòl anpè epi grandi nan diyite. Dèyè chak dribble, chak kous, chak gout swe sou teren an, gen rèv yon jenès ki vle wè zòn li chanje. Football la tounen yon fason pou pale pou tout sila yo ki pa gen mikwo pou fè tande vwa yo.
FC Toro toujou kanpe bò kote jenès la, bò kote espwa a, paske nou kwè yon jou La Plaine ap reprann souri li, epi timoun yo ap kapab viv ak kè kontan nan katye yo. Respè pou Elie pou kouraj li, pou mesaj li pote a, ak pou lanmou li genyen pou kominote li. ⚽🙏🏾🇭🇹