BJ Thewiseman La Musique Dans L'Art Ma Passion.

BJ Thewiseman La Musique Dans L'Art Ma Passion. BJ Thewiseman Graphic Design est là pour vous servir, Flyers, Logo,bannière , cartoon professionel,carte visite ,carte marriage,carte d'invitation etc...

Merci mon Dieu pour les épreuves qui m’ont fortifié, pour les joies qui m’ont éclairé, et pour l’espérance qui ne m’a ja...
16/12/2025

Merci mon Dieu pour les épreuves qui m’ont fortifié, pour les joies qui m’ont éclairé, et pour l’espérance qui ne m’a jamais quitté.
Que Ta lumière guide mes décisions, que Ta paix habite mon âme, et que Ta grâce m’accompagne aujourd’hui et toujours.
Amen.🙏🙏🙏
Joyeux anniversaire à moi 🍾🍾🍾🍾🍾🍾🍾🍾🍾🍾🥂

Tout moun vle viv byen pou lontan, men se pa yon bagay ki fasil. Sosyete a chaje bagay kap antrave libète w, e anpil mou...
08/12/2025

Tout moun vle viv byen pou lontan, men se pa yon bagay ki fasil. Sosyete a chaje bagay kap antrave libète w, e anpil moun pa janm vle respekte libète chak moun. Vye enterè fè moun nan konfli tout jounen, lapè ak trankilite w pa garanti. Kè kontan ki makònen ak bon laswenyay pa yon bagay ki fasil nan jou sa yo. Nan mezi ou kapab, asire w ke yon disip kap simaye sou wout li libète, lapè ak trankilite, kè kontan ak lasante. Se pou w fasilite pwogrè lòt yo.

Gen moman nan pakou w ki konn chaje pwoblèm, sousi ak gwo baryè. Ou konn vle bay vag, men gen yon pati nan ou ki vle kon...
29/11/2025

Gen moman nan pakou w ki konn chaje pwoblèm, sousi ak gwo baryè. Ou konn vle bay vag, men gen yon pati nan ou ki vle kontinye malgre tout obstak ak difikilte yo. Sonje ke w pa gen dwa kanpe menm si bagay yo rèd. Move moman sa yo ap fè w grandi, yap ba w plis kapasite pou w jere plis demen. Prefere w jere chalè pandan yon moman nan vi w, e apre ou chanje sa olye wap viv nan konfò w pandan w pa janm pwogrese. Pa gen kanpe, menm si bagay yo difisil anpil se kontinye avanse.

BJ Thewiseman La Musique Dans L'Art Ma Passion. Boursiquot Joseph

Bat kò w, lote moun sou moun pap mennen w okenn kote. Moun ki vle reyisi a fokis sou yon sèl patnè, yon sèl relasyon. Ch...
28/11/2025

Bat kò w, lote moun sou moun pap mennen w okenn kote. Moun ki vle reyisi a fokis sou yon sèl patnè, yon sèl relasyon. Chak moun lib pou mennen lavi yo vle, men gen yon jan pou w ye pou w chita lavi w pi byen si w vle reyisi. Si objektif ou se eklate demen, bat kò pa pou ou, chwazi moun pa w la, kap yon alye, yon bwa dèyè bannann ou. Sispann trip ak drive sèlman, sispann trennen nan tout kwen kote plezi a ye, fokis sou objektif ou ak pwojè w yo pou lavi w miyò demen.🧠

Ou pa bezwen ap jistifye tout jounen chwa w yo, depi yo nan liy konviksyon w. Chak moun gen libète chwazi sa yo vle, sa ...
25/11/2025

Ou pa bezwen ap jistifye tout jounen chwa w yo, depi yo nan liy konviksyon w. Chak moun gen libète chwazi sa yo vle, sa kap bon pou yo, sa ki fè yo santi yo byen. Pa pèdi tan ak enèji nan eksplike tout moun rezon ki kache dèyè chwa w yo. Kit se chwa politik, santimantal, spò, elt. Dayè gen moun ki pap janm konprann ou paske yo pa toleran ditou. Kanpe dèyè chwa w, asime konviksyon w san w pa nan pèdi tan ak jistifye w tout jounen devan antouraj ou.

Tan se premye richès ou genyen pou w byen jere si w vle reyisi. Pa gaspiye l nan sa ki pap itil ou anyen. Planifye byen ...
24/11/2025

Tan se premye richès ou genyen pou w byen jere si w vle reyisi. Pa gaspiye l nan sa ki pap itil ou anyen. Planifye byen sa w gen pou w fè, e menm lè sa ta devye, adapte w rapid. Pran tan pou w fòme tèt ou, pou w aprann, pou w travay, e pou w repoze w e pran plezi w tou. Pase tan w ak moun kap bouste w, kap fè w pwogrese nan vi w. Fason ou jere tan w enpòtan anpil nan reyisit ou, jere, itilize tan w byen zanmi.

Si w gen gwo pwojè san w pa janm fè anyen pou w ateri yo se kòve wap fè. Okenn lide pa gen valè san aksyon pou reyalize ...
23/11/2025

Si w gen gwo pwojè san w pa janm fè anyen pou w ateri yo se kòve wap fè. Okenn lide pa gen valè san aksyon pou reyalize l. Bagay yo difisil se vre men gade kisa w ka fè toujou pou w kòmanse. Se mete men nan saw gen pou w regle kap ede w avanse. Chita planifye sèlman pap fè w fè yon pa, gade kijan pou w kòmanse. Aji sou pwojè w yo pou w ka pran chimen siksè.

Fòk ou gen pasyans nan travay avan w fè  siksè. Tout sakrifis ou jodiya gen pou  pote bon rezilta. Kontinye wouze jaden ...
21/11/2025

Fòk ou gen pasyans nan travay avan w fè siksè. Tout sakrifis ou jodiya gen pou pote bon rezilta. Kontinye wouze jaden pwojè w, rezilta travay ou gen pou fè w anpil plezi. Pa chita tann reyisit, se travay chak jou pou w merite l. Pran pasyans pandan w ap kontinye aji pou w reyalize objektif ou. Travay di pou rèv ou boujonnen demen.

Ou limite tèt ou lè w panse ke rèv ou enposib. Sa ap anpeche w dedouble nan aksyon w yo. Vizyon w pa dwe limite, paske k...
20/11/2025

Ou limite tèt ou lè w panse ke rèv ou enposib. Sa ap anpeche w dedouble nan aksyon w yo. Vizyon w pa dwe limite, paske kapasite w san limit. Se pa paske li difisil pou w panse li enposib. Tout gran pwojè ap koute w anpil tan, sakrifis, enèji avan ou rive reyisi l. Nan mantal ou, toujou panse ke tout sa w vle posib. Defonse w pou sa, wap jwen bon rezilta kanmèm. Pran pasyans, kenbe foug ou ak detèminasyon w nan aksyon, wap rive jwen bout pwojè w yo yon jou.

19/11/2025

Ebyen nou nan mondyal tande gwo dat ki se batay Vètyè 18 novanb

Antouraj ou konte anpil nan reyisit ou. Antoure w ak moun kap bouste w, kap motive w, kap soutni w nan tout sa ki bon. E...
18/11/2025

Antouraj ou konte anpil nan reyisit ou. Antoure w ak moun kap bouste w, kap motive w, kap soutni w nan tout sa ki bon. Evite moun kap fè w pèdi tan, moun ki pap ede w nan anyen, moun ki la sèlman pou dekouraje w. Chwazi moun wap frekante swivan kote w vle ale. Gade sa w ka fè ak chak moun . Si tout sam manyen mwen manyen l ak tout kè m poukisa tout sa kap touche m paka touche ak kè l ? Konsèy mwen pou ou zanmi toujou fè tout bagat nan vi sa ak tout kèw menmke w pakonn sawap jwenn paske saw seme vle pa vle wap rekòlte yon jou kanmenm ,se sak fè antouraj ou detèmine kijan avni w ap ye.

BJ Thewiseman La Musique Dans L'Art Ma Passion.

Adresse

Bas-Ternier, La VAllée De Jacmel Sud'est
La Vallée De Jacmel

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque BJ Thewiseman La Musique Dans L'Art Ma Passion. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager