21/05/2025
❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
~~~Ma Haine Contre Mon Amour ~~~
❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*
Pseudo:*Doudeline*
Tel:*37709862*
Page Facebook:https://www.facebook.com/profile.php?id=61553544511301&mibextid=ZbWKwL
Groupe whatsapp:*Ma Distraction*
💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖
Épisode 25
Bruno reziyel malgre lap tranble se premye fwa li pot tet li bay paran: nou ka antre poun pale svp.
Roland dil wi pandan yap antre se menm moman sa Valentina ap soti.
Valentina seziii: depim rat mwen resi pran Nan pèlen bon sal vin fèla menm...
Victor te rive nan lekòl la li tou al kote madame la.
Madame lan: mwen fè tout saw te di yo .
Victor: wap touche en likid.
Madame lan: wi nou pagen pwoblèm.
Madame lan lonjel kaye an,,Victor te dil bay medam yo tout sa yap bezwen pou travay,,nou konn cosmetologie pwan kob,et se youn nan meyè école ki gen nan vil la.
Victor peye madame lan li pwan medam yo yo ale.
Roland tap koute Bruno: men mwen tande Cia tap pale.
Bruno jennen: epa fot mwen Cia pat janm dim sil te jumelle mwen fè yon erè,,et mwen pa vle pèdi Cia,,ou se gason ou ka konnen sa lèw jwenn yon fi ou santi ki renmen'w et ou renmenl,,ki gen 60% nan saw bezwen nan yon fanm ,,wap pè pèdi moun sa,,erè an deja fèt se bby ki koz mwen dezole pou sa.
Roland: mwen toujou di Cia sa,,depil rive yon kote se fèl konnen li jumelle men akoz 2 konpotman Valentina li pa sipote 'l.
Bruno: se nan sam pwan la,,mwen renmen Valencia anpil se youn nan fi mwen pa vle nan fè 2 kou avèl.
Roland: mwen renmen aksyon ou an,,et mwen konpwann ou tou.
Bruno: mwen konnen sam fè a pa bon paske mwen pat konnen et lap difisil pou Cia retounen kwè nan mwen menm Jan ak avan,, mwen vle pou'l padonem net e poul retounen fèm konfyans ankò menm Sim konnen sa pap fasil.
Valentina tap koute deyè pot lan : sa vle di Bruno renmen Cia nan tout nivo sa poul paka Tann li mennen l bay paran se li menm ki pote tet li vini fok mwen ta mouri selman pou Valencia heureuse Sim paka manje manje a ankò mwen ta prefere gatel.
Ronald: se ou menm ki pou met bon jènjanw deyò pouw retounen gen konfyans mennaj ou gason'm ,, aksyonw fè a pouvem ke Cia antre Bonne main , pase ret pase selman bat pouw pa fè menm tenten ou te fè nan pase yo ankò Valencia se 2 je nan tet mwen siw konnen ou Vin nan vil pouw brizel oubyen pouw kouchel apre pouw ale li pap bon pou mwen avew .
Bruno: sim tap pwofite de Cia papi mwen patap vin kotew sanl pa okouran mwen renmen l anpil pa enkyetew tout tan bondye pretem ti souf lan map rann li heureuse mèsi pou konfyans ou fèm.
Valencia pat janm jwenn Bruno ni wèl.
Jayson : map depozew wi.
Valencia: banm ekril dil map nan wout.
Jayson: mwen deyò a.
Valencia pwan valise li: pou dat li dim wi lap vini la.
Jayson pwan apèl la: wi.
Asha: cheri lakay ou mwen pwale wi poukisaw pa janm reponn apèl mwen.
Jayson: komanse pa mete pyew lakay la ankò svp et sispann relem.
Asha chita: bb pa dim ou serye papi se yon erè mon cœur ki fanm ki pa jalou pou nèg li.
Jayson: siw te fè jalouzi li te bon wi,,epim pa nan fè istwa avèw Asha bye( li rakwoche).
Asha kanpe: non non Jay pa serye mon Jay paka serye.
Valencia rele Bruno malerezman li kite téléphone lan nan machin lan,,Valencia ekril dil li deplase paske'l pa janm wèl.
Violanda te fin pwan Andoo kite swaf wè papa'l.
Violanda ap kondwi: pwal fè pitan'm lot semaine.
Leo: yon jalou madanm mwen ap fè la.
Violanda: oh Andoo kouri jwenn san dekole sou wou.
Leo: me li domi tou manmie banm kondwi.
Violanda : non ret chita ak pitòw.
Leo sourire lap karese cheve Andoo kap domi sou li.
Victor pase ak medam yo al achte rad,,sandal,,valise tout saw konnen yon demwazèl ap bezwen Victor fè medam yo achte tout,,medam yo kontan anpil,,poutan matant yo nan bezwen.
Kemisha:mwen Regrèt pat konn maltrete grimas yo,,kounya mwen pouki al nan fè manje la pou Mesyedam yo,,nan fè byen me sam jwenn merci wi lavi.
Ou poko wè plenyen lougawou.
Li te fè yon lè tout moun tap chache wout lakay yo,,Jayson te pwan nan yon blokis ,,Bruno te wè mesaj lan li te chita tann Valencia,,Rose te tou pale avèl,,Leo te ale lakay li,,Daniella tap mawon manmanl pou pat pozel kesyon après yon inèdtan Valencia rive,,li remèsye Jay li desann.
Valencia etone: epa machin Bruno an ki la( lap avanse).
Rose te nan boutik la: Cia.
Valencia: Bonswa manman.
Rose: komanw ye pitan'm gon moun kap tann ou andan an.
Valencia deja wè se Bruno: ok manman.
Valencia antre.
Roland kanpe: Bonsoir chérie.
Valencia bo'l: Bonsoir pa.
Roland pase men nan tèt li,,li soti.
Bruno: manmie.
Valencia kwaze menl: ou te diw tap vin chache'm.
Bruno kanpe: mwen ta pwal chachew mom panse se nan 5h bb,,lèm pwan telephone lan wèw dim ou deplase.
Valencia: et sa wap fèla.
Bruno ralel sou li: te vin kay paran madanm mwen,,te vin di paranw janw vole kèm,,janw chanje yon vagabond mwen renmenw Valencia.
Valencia kontan li sourire,,li pase men nan kou'l: et mwen renmenw plis papi,,pat pansew tap fè sa non trésor.
Bruno: lèm rive la pa konnen chérie.
Valencia: pwal retire rad sou mwen wap tann mwen ou byen wap vini avèm.
Bruno jennen: li pa...
Valencia pa kitel fini li pwan menl: pa enkyetew mon amour.
Alexandra fin ranje manje sou tab la pou Mesyedam yo.
Leo: poukisaw pa desann?
Alexandra tap parèt: mwen jwenn li kap bo jodya Bondye banm yon pakèt pitit koken( li kontinye wout li).
Daniella: avèw li ye la.
Leo: mwen konnen papam ki dil sa.
Daniella: kisa?
Leo vire: anyen.
Daniella pouse yon soupir li tou desann.
Tout fanmiy tap manje nan lapè,,Hillary ak Kiara te two kontan moman yo sot viv la.
Hillary: De la poussière à la Gloire.
Kiara: Kite Bondye fè travay li.
Hillary: anverite mwen poko ka fin kwè sa map viv la.
Kiara ap manje: Gloire.
Nwit lan te met pye solèy la gentan ale bay etwal yo plas pou briye.
Mesye yo nan telefòn.
Bruno: tout vagabond gon grenn fanm yo damou.
Leo: mwen konfime saw di an broh.
Harry: sèl mwen ki poko damou.
Leo: yow demwazèl la tap fè yon bon madanm pou wou malerezman.
Harry: sim te toujou pale avèl et ou bliye se wou'k ta sipoze avèl.
Bruno: nou pa fanmiy pou'n pale menm jan konsa vwa makak yo gra tankou se volè.
Mesye yo rii.
Bruno: si Cia te kitem tap preparem poum chire djòl bobot sè an,,tap ale avèl nan lot kay la mal rache avèl anba kok.
Harry: pwan Leo met avèw li bon nan sa.
Leo: retirew sou mwen madanm mwen jalou.
Harry: gon fanm ayiti la wou map voye al frapel,,manzè dil renmen'm twop.
Bruno: Leo pa bezwen ladanl.
Leo: merci frèm pa okipe lot demwazèl lan kap pale.
Mesye yo kontinye pale koze yo jis yal domi,,tout moun plonje nan yon somey profon.
Reste jour yo pase byen rapid nou nan samdi maten.
Slandie gen jou an pou li li gentan lakay Violanda: rele'l di wap lakay mwen pou'l pagen ide vin la.
Violanda sourire: banm fè sa.
Violanda antre nan chanm li pou'l rele Leo.
Leo: Hi manmie.
Violanda ap sourire: mwen deranje'w chef.
Leo: nou poko 10 minute non man.
Violanda: wey,,mal lakay Slandie pou'm edel fè yon bagay beb.
Leo: ou vle'm al depozew chérie.
Violanda: mwen te vle diw sa cheri Slande gentan la mon amour.
Leo: ok manmie map vin chachew lèw fini.
Violanda: je t'aime Leo.
Leo sourire: je t'aime aussi my love.
Violanda sourire: youpi ban mal prepare surprise pou maranm.
Valencia nan telefòn ak Bruno.
Bruno: nap soti pita chérie.
Valencia: dakò bb mom ou ok.
Bruno: wi man li mande pou wou.
Valencia sourire.
Valentina: pou'w pa wont se res mwen wap pwan,,yon gason mwen fin kouche avèl pou li kouchew tou.
Valencia: bon se wou'k sa**pe la,,se wou ki about ak boudaw ou mèt fè saw vle mwen pap kitel pou wou,,li koupew li koupew nèt li pat voye relew chienne kew ye.
Valentina fache: se wou'k pa bon tout jounen pwan poz sen ou,,et mwen pa Regrèt koupe yo paske'l dous et li bay lajan.
Valencia riiiiiire: an papi ou te peye'l koupe an cheri,,konsidere se nan kafe ou te ale ou koupe yon bouzen,,se pou'w te krache nan bouda bouzen sa pou'w te retire vye devèn lan moun sa paka pa malad.
Bruno pa renmen diskisyon an: manmie.
Valentina fache li al kare'l anba Valencia: repete saw sot di yo ankò.
Bruno ap tande: manmie bay vag cherie svp.
Valencia kanpe: et sim dil sa wap fè,,bouzen yo pi bon pase'w ou menm se bay drivew pou ti kk monnen,,se bay krache andanw pandan wap koupe pou dechay sèlman dorénavant mwen pa pèw ,,et se dènye nèg wap gen zye sou li,mwen ap rete avèl nap kite lè nou vle,,koupe li koupew lan pa anyen ou reyisi paske se saw vle gen sam genyen,,ebyen bat bravo pou wou chienne ( li frape Valentina li soti deyò).
Valentina manje dan : ou fenk deklare'm lagè.
Aswivvvvvvvvv......