15/01/2023
Papa m rakontem istwa yon Konpè Brenò ki manke pran baton ak prizon pou yon bagay li pa konnen men se sa tou ki pral fè l rich avan li mouri.
Te gen yon pèyizan ki tap viv nan yon ti zòn nan komin , li pat konn li ni ekri sèl espwa li se travay latè. Nan epòk la jaden te konn bay ranndan wi men fok ou gen bon venn tè e fok ou te gen tè an kantite tou.
Sitwayen sa ki tap viv ak madanm li ak 6 timoun pat gen kantite tè vrèman ki te ka rive nouri tout fanmiy lan. Kom li pat gen anpil tè pou li travay li te konn vann jounen travay anpeyan ak kek gran don nan zòn lan ki gen gwo plantasyon.
Vin gen yon epok lavi di, sechrès kanpe, kote Jaden Konpè Brenò pa gen manje, pafwa li soti al chèche kote li ta mete jounen travay li pa jwenn.
Men chak swa vwazinaj ki rete ozalantou a remake lakay konpè Brenò gen lafimen kap monte. Kom vwazinaj se bèt ki landjèz, nan lide pou fè jouda genyen ki rive pwoche bò lantouraj konpè Brenò a pou wè kisa kap kwit nan dife sa chak swa konsa. Sel sa yo te wè se yon gwo chodyè byen kouvri kap bouyi.
Dèvenn pou konpè Brenò se menm moman sa anpil bèt ap pèdi nan zòn lan, aloske chak swa konpè Brenò ap antre li toujou gen yon sak byen lou sou dol e se lè li antre dife pral limen. Pawol kòmanse pale, anpil moun ki gen bèt pèdi nan zòn lan pa gen lot moun yo akize se konpè Brenò. Paske chak li antre lakay li ak yon gwo sak epi tou se nan yon gwo chodyè pou li kwit sal pote a. Pa gen dlo ki ka lave konpè a, men kom nou konnen kote konplo mare chen pa jape. Konpè Brenò podjab pa janm konnen si gen alèt wouj sou li e si gen gwo akizasyon konsa sou dol.
Bèt kontinye ap pèdi nan zòn lan, pèyizan yo deside al kote chef seksyon an al fè plent Konpè Brenò. Men laverite se pa menm epok ak jodia, kote se lè yo fin akizew kondanew se lè sa ankèt pral mennen pou jijew.
Yon jou swa Chef seksyon an pran revòlvè li mete nan ren l, li akonpanye ak 2 choukèt lawouze epi li debake lakay Konpè Brenò ozanviwon 10h nan aswè paske se lè sa yo rapòtel ke misye konn ap kwit bèt li vole yo.
Chef seksyon an rive vre li fè salitasyon lizay ak moun yo epi konpè brenò kite chita leve pou li bay chef la chita se menm moman an tou li di: Ki bon van ki mennenw bò esit ?
Chef la reponn: Mw de pasaj nan zòn lan mw wè nou poko domi mw pase bay 2 blag ak nou. Men saw tande a 2 chouket lawouze yo sere nan fè nwa a ak kòd yo ak baton yap tann kout siflèt chef seksyon an pou yo mete Konpè Brenò anba kod.
Anpil blag tonbe men lè a ap mache tou. Anpil ale vini fèt ant konpè Brenò ak Madanm li bò chodyè ki poko ka mete atè paske chef seksyon an la. Finalman chodyè mete atè epi anpil bòl komanse drese. Apre yon ti tan, madanm konpè Brenò vini ak yon kouvè byen ranje epi li fè reverans devan chef la li di: A vòt sèvis wi laseksyon.
Chef la menm ranje chita li resevwa plat la li reponn :Avèk plèzi lamadam. Men madanm lan deplase tou wont.
Lè chef la leve tòchon kite kouvri plat la, avek sezisman li wè se moun yo tap bouyi. Li pa kwè toujou lal gade nan chodyè pou li byen verifye. Dlo soti nan je chef seksyon an.
Menm sware a chef seksyon an pran misye li mennenl nan jaden pal li fèl koupe bannann, fouye yanm ak manyok e menm pretel zannimo pou pote pwovizyon yo lakay li. E nan demen maten chef seksyon an bay misye jere pou li plizyè kawo tè ak plizyè pak bèt.
Me kijan delivrans konpè Brenò vini. E li ta pral yonn nan gran abitan nan zòn lan avan l mouri.
Anpil fwa se bouch lènmiw yo menm ki pral provoke pou ou yon delivrans ou pat atann.