Lead Fm Haïti

Lead Fm Haïti Lead Fm, une référence dans le monde médiatique en Haïti.

Plizyè bandi pran BK nan Nò, Lanmò Sanjou ap Pwovoke Otorite yo, Mobilizasyon. Gonaïves dlo fè dega!Abonnez-vous please ...
05/09/2026

Plizyè bandi pran BK nan Nò, Lanmò Sanjou ap Pwovoke Otorite yo, Mobilizasyon. Gonaïves dlo fè dega!
Abonnez-vous please !!

Plizyè bandi pran BK nan Nò, Lanmò Sanjou ap Pwovoke Otorite yo, Mo...

🔴 Julio César Beltré, yon Depite dominiken ki reprezante pwovens Azua anba banyè pati PRM, depoze yon pwojè de lwa pou f...
05/09/2026

🔴 Julio César Beltré, yon Depite dominiken ki reprezante pwovens Azua anba banyè pati PRM, depoze yon pwojè de lwa pou fè kreyòl, anglè ak fransè vin tounen yon matyè obligatwa nan tout lekòl piblik ak prive an Repiblik Dominikèn, soti nan klas primè pou rive nan segondè.

Depite a esplike Ayiti ak Repiblik Dominikèn pataje menm zile a epi 2 peyi yo genyen gwo relasyon istorik, komèsyal, migratwa ak kiltirèl. Se poutèt sa li kwè ansèyman kreyòl kapab fasilite kominikasyon ant 2 pèp yo, amelyore fason yap viv antre yo epi ankouraje devlopman nan zòn fwontalye yo.

Sepandan, sa pa vle di kreyòl deja vin obligatwa nan lekòl dominiken yo. Pou mezi a antre an aplikasyon, Chanm Depite a ak Sena dwe vote pwojè a, epi prezidan Repiblik Dominikèn nan dwe pwomilge li poul tounen lwa.

Kredi: Princesse Darline

Wadson Mauricet, candidat au poste de CASEC à Boucan-Carré, département du centre.À l’approche des échéances électorales...
04/09/2026

Wadson Mauricet, candidat au poste de CASEC à Boucan-Carré, département du centre.

À l’approche des échéances électorales de 2026, Wadson Mauricet se présente comme candidat au poste de Conseiller d’Administration de la Section Communale (CASEC) dans la 2e section de Boucan-Carré.

Porté par la plateforme VIKTWA, le candidat entend placer son engagement sous le signe de l’unité, de l’engagement et du développement.

À travers sa candidature, Wadson Mauricet souhaite mobiliser les électeurs autour d’une vision davantage orientée vers le développement de la section communale. Son message de campagne met notamment l’accent sur la nécessité de renforcer l’unité et la participation citoyenne afin de répondre aux défis auxquels fait face la population.

Le candidat affirme vouloir mettre son engagement au service de la communauté et contribuer à l’amélioration des conditions de vie des habitants de la deuxième section de Boucan-Carré.

Selon Wadson Mauricet Boucan-Carré représente un espace électoral important. La candidature de Wadson Mauricet s’inscrit ainsi dans une dynamique de mobilisation autour des enjeux locaux et de la représentation de la population au niveau de la section communale.

Son slogan et les éléments de sa campagne cherchent à transmettre un message de confiance et de rassemblement aux électeurs appelés à faire leur choix lors des élections de 2026.

En se lançant dans cette course au CASEC, Wadson Mauricet présente clairement son programme, ses priorités et les actions concrètes qu’il souhaite entreprendre en faveur de la population.

Pour ce candidat, l’enjeu sera surtout de transformer les valeurs affichées, > , en propositions concrètes capables de répondre aux attentes des habitants de la deuxième section de Boucan-Carré.

Etazini-depòtasyon: Ansyen pwotektè sitwayen an Renan Hedouville ak 87 lòt migran ayisyen jwenn depòtasyon yo jodi jedi ...
04/09/2026

Etazini-depòtasyon: Ansyen pwotektè sitwayen an Renan Hedouville ak 87 lòt migran ayisyen jwenn depòtasyon yo jodi jedi 3 septanm lan. Ansyen pwomotè dwa moun nan te kite peyi a apre direktè jeneral ULCC a te mete avi rechèch dèyè l pou zak koripsyon li ta komèt nan egzèsis fonksyon l kòm pwotektè sitwayen.

04/09/2026

📌Erik Prince, fondatè konpayi sekirite prive Blackwater, deklare Depatman Deta ameriken ak Anbasad Etazini nan Pòtoprens gen gwo enfliyans sou fason Ayiti ap dirije.

Daprè li, politik Etazini aplike ann Ayiti pandan plizyè ane yo pa bay rezilta epi yo kontribye nan echèk sistèm nan. Li konsidere apwòch ameriken an kòm yon dezas pou peyi a.

Prince fè deklarasyon sa yo pandan konpayi li asosye ak operasyon sekirite ann Ayiti. Pozisyon li soulve kestyon sou enterè ekonomik aktè etranje yo nan kriz la. Sepandan, deklarasyon sa yo reprezante opinyon pa li epi yo bezwen verifye ak lòt sous endepandan.

📡Saint-Marc Konekte, Se je’w sou tout sa k ap pase. Reyalite san makiyaj.

03/09/2026
03/09/2026

🔴 Gouvènè repibliken Eta Ohio a, Mike DeWine, pat kache mekontantman li apre lanmò trajik Pierre Damas Bel.

Nan yon deklarasyon piblik, DeWine di li pa fè okenn sans pou ICE mete yon braslè elektwonik nan pye yon jèn konsa epi fèl viv chak jou anba menas depòtasyon, tankou li se yon kriminèl danjere.

« Èske se sa nou vle tout bonvre? Èske nou vle wè yon jèn konsa, ki tap etidye, ki te gen gwo rèv pou avni li epi ki te vle itil peyi a, jwenn arestasyon epi fè fas ak depòtasyon tankou li te yon kriminèl ? » se kesyon sa yo Gouvènè DeWine te poze.

Depi anvan trajedi a, li te mande pou gouvènman federal la pa mete fen nan TPS Ayisyen yo epi pou yo pa lanse depòtasyon masiv kont kominote ayisyèn Springfield la.

03/09/2026

🚨 NÒT PIBLIK | RTH FORCE INFOS SOTI NAN SILANS :

KLARIFIKASYON AK DENONSYASYON SOU YON PLAN ATAK AK DENIGREMAN !

Administrasyon RTH FORCE INFOS 98.7 FM pran nòt yon piblikasyon paj Facebook PLON GAYE INFOS mete deyò, kote li fè referans ak yon sèten Altidor Chenet, pandan li prezante l kòm yon jounalis RTH FORCE INFOS epi li rapòte kèk akizasyon ki ta konsène li.
Pou evite tout konfizyon nan opinyon piblik la, nou pote klarifikasyon sa yo :

🔴 Altidor Chenet pa t jounalis RTH FORCE INFOS. Li te sèlman pase nan yon peryòd estaj pou anime yon emisyon kiltirèl pandan anviwon twa sesyon. Apre evalyasyon administrasyon an, yo te mete fen nan estaj la paske kalite travay la pa t koresponn ak estanda nou t ap chèche a.
Administrasyon an te egalman konstate kèk pwoblèm disiplin nan relasyon li ak lòt kolaboratè nan espas la. Se poutèt sa, desizyon pou mete fen nan estaj li a te pran anvan Mibalè te pèdi kontwòl li.

Kidonk, si akizasyon oswa denonsyasyon ki site nan piblikasyon PLON GAYE INFOS la ta gen yon baz legal, nou raple yon prensip fondamantal : nan matyè penal, chak moun responsab pèsonèlman pou pwòp zak li. RTH FORCE INFOS pa kapab responsab pou zak yon moun ta komèt deyò kad medya a.
⚠️ POUKISA RTH FORCE INFOS NAN SANT MESAJ LA?

PLON GAYE INFOS fè konnen li te kontakte Altidor Chenet. Men, si se li menm ki te bay enfòmasyon yo, poukisa paj la pa fè yon distenksyon klè ant Altidor Chenet ak RTH FORCE INFOS?
Nou raple tou ke moun sa a ta genyen yon paj Facebook ki rele ALDO PRESSE INFO.
Pou administrasyon RTH FORCE INFOS, fason mesaj la prezante a soulve kesyon lejitim sou objektif reyèl piblikasyon an : èske se Altidor Chenet yo t ap vize, oswa èske objektif la se te atake ak sal imaj RTH FORCE INFOS?
🚨 NOU DENONSE TOUT TANTATIV SABOTAJ
Sa fè plizyè semèn depi RTH FORCE INFOS ap denonse plizyè atak ak tantativ denigreman sou rezo sosyal yo.

Paj ofisyèl Facebook medya a sibi atak, gen tantativ pou sabote kont WhatsApp nou yo, ansanm ak tantativ pou jwenn aksè nan imel ofisyèl medya a, pami lòt ensidan.
Nou pa pral akize okenn moun san prèv. Men seri ensidan sa yo fè nou kwè gen yon machin k ap travay pou febli ak diskredite RTH FORCE INFOS, e ki ta ka chèche atenn menm imaj ak lavi pèsonèl PDG medya a, Haendel Absolu.
Nou rete vijilan.

⚠️ POU KISA ATAK SA YO?

RTH FORCE INFOS se yon medya ki bay tout moun aksè.
Si yon kandida oswa yon aktè politik genyen yon aktivite, yon pwogram oswa yon enfòmasyon li vle fè piblik la konnen, vini ak enfòmasyon yo, redaksyon an disponib pou trete yo nan kad pwofesyonèl li.
Si medya a poko ekri yon atik sou kandida pa w, sa pa ba pèsonn dwa pou sabote, denigre oswa fè konplo kont medya a.
Nou pa la pou sèvi okenn kanpay politik.
RTH FORCE INFOS se yon ti kras pou chak moun.
Nou mande tout moun respekte travay jounalis yo, libète laprès ak dwa medya yo genyen pou yo travay san presyon.

Nou raple ankò : an matyè penal, responsablite zak yon moun pèsonèl. Nenpòt akizasyon dwe pote devan otorite legal ki konpetan yo, avèk prèv ki nesesè yo.

Nou swete kominote entènasyonal ak nasyonal pran nòt de seri denonsyasyon jounal RTH FORCE INFOS a pwiske atak yo kòmanse pran lòt fòm .
Machin lanmò JOSEPH NEHEMIE an toujou nan lari , Haendel Absolu ap mande popilasyon an pote solidarité pou li pou li pa viktim menm jan an .

RTH FORCE INFOS ap kontinye fè travay li, malgre presyon, denigreman ak tantativ destabilizasyon.
Ke laverite, lalwa ak jistis triyonfe. 🇭🇹

PDG Haendel Absolu

RTH FORCE INFOS

03/09/2026
Haïti : nouvelle journée de tensions entre deux groupes armés rivaux à Petite-Rivière de l’ArtiboniteDeux groupes armés ...
03/09/2026

Haïti : nouvelle journée de tensions entre deux groupes armés rivaux à Petite-Rivière de l’Artibonite

Deux groupes armés rivaux ont repris les affrontements dans la matinée du mercredi 2 septembre 2026, dans la localité de Jean-Denis et ses environs, dans la commune de Petite-Rivière de l’Artibonite.

Il s’agit du gang de Savien et de groupes d’autodéfense qui s’affrontent pour le contrôle de plusieurs zones de cette région fortement touchée par la violence armée.

Selon notre correspondant permanent basé dans l’arrondissement, plusieurs personnes auraient déjà été touchées par b***e dans les deux camps. De violents affrontements se poursuivent toutefois dans la zone, où la situation demeure particulièrement tendue.

Crédit: Amerique Info7

Adresse

Rue Panaméricaine
Pétionville

Téléphone

+50931177233

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lead Fm Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Lead Fm Haïti:

Raccourcis

Partager