Sakapfet PAP

Sakapfet PAP Plateforme multimédia dédiée à Port au Prince et ses environs: son histoire, ses évènements et ses attractions

Yon angajman ki nesesèSakapfèt PAP te prezan nan mach òganize pa Fondation TOYA pou denonse vyolans seksyèl epi pote sol...
28/08/2026

Yon angajman ki nesesè

Sakapfèt PAP te prezan nan mach òganize pa Fondation TOYA pou denonse vyolans seksyèl epi pote solidarite ak sivivan yo.

Nou jwenn aktivite a edifyan, enpòtan e nesesè, paske li pèmèt nou reflechi sou yon reyalite ki pa dwe rete nan silans ni konsidere kòm yon pwoblèm prive. Vyolans seksyèl se yon pwoblèm sosyete ki mande angajman tout moun.

Patisipe nan yon demach konsa se raple nou nesesite pou nou pwoteje sivivan yo, mande jistis, denonse enpinite epi egzije plis responsablite nan men Leta ak tout aktè konsène yo.

Nou felisite Fondation TOYA ak tout moun ki te pran lari pou pote vwa yo. Se atravè solidarite, sansibilizasyon ak aksyon kolektif nou kapab kontribye nan yon sosyete ki pi jis e ki pi an sekirite pou tout moun.

Sakapfèt PAP te la pou temwaye, pataje epi kontinye bay vwa ak inisyativ ki gen enpak sou sosyete a.

28/08/2026

Notre équipe de Sakapfèt Pap a eu le plaisir de répondre présente à l’invitation de MascAyiti, dans le cadre du concours national de texte et de bande dessinée « Mon Héros, Mon Modèle ».

Cette rencontre avec la presse, organisée le 26 août 2026 à la DNL, a été l’occasion d’en apprendre davantage sur cette belle initiative qui met l’éducation, les arts, la créativité et la culture au service de la valorisation de nos modèles et de nos héros.

Sakapfèt Pap était là pour écouter, comprendre et surtout continuer à faire ce que nous faisons le mieux : être au rendez-vous des initiatives qui font bouger Haïti.

U14 LA AP TOUNEN PÒTOPRENS AK TÈT YO LEVE! Apre yon bèl pakou, anpil disiplin, detèminasyon ak kouraj, jèn nou yo fè nou...
28/08/2026

U14 LA AP TOUNEN PÒTOPRENS AK TÈT YO LEVE!

Apre yon bèl pakou, anpil disiplin, detèminasyon ak kouraj, jèn nou yo fè nou fyè yon lòt fwa ankò lè yo ranpòte CPU Challenge Series la.

Yo pa t sèlman jwe pou genyen. Yo te jwe ak kè, ak fyète, ak koulè peyi a sou do yo. Yo te pote non Ayiti pi lwen, epi yo montre yon lòt fwa ankò tout potansyèl jèn jenerasyon an genyen.

Kounye a, yo ap retounen Pòtoprens ak twofe a nan men yo, fyète a nan kè yo, epi respè tout yon peyi dèyè yo. 🇭🇹

Mete respè sou non U14 la!
Yo fè nou fyè!

Adresse

#6 Angle Rue Metellus Et Roger
Pétionville
HT6140

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sakapfet PAP publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager