28/04/2025
Pati Popilè Nasyonal (PPN)
Nòt pou laprès
SOU SITIYASYON PEYI A 28 AVRIL 2025
Yon lane depi Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) monte sou pouvwa
Ki rezilta a?
Pati Popilè Nasyonal (PPN) soti nan silans li sou sa k ap pase nan peyi a. yon lane aprè antre an fonksyon ekip Konsèy Prezidansyèl Tranzaksyon an ki gen misyon kreye bon jan kondisyon pou reyalize eleksyon nan peyi a. Dat 25 avril 2025 lan, fè yon rekòt depi KPT a ap dirije an grenn soulye san okenn enstitisyon kontwòl jan sa te ekri nan akò 3 avril 2024 la, alòske pèp la toujou ap viv yon lanfè: kote gang kontinye ap simen laterè, granmoun ti moun pa epaye. Kochon ak chen pa sispann manje moun mouri sou fatra. Gouvènman an ki gen misyon asire byenèt popilasyon an fèmen je l, se privilèj ak goumen pou pouvwa maten midi swa, epi lavi chak jou ap vin pi difisil.
Akò Montana ki te reprezante pi bon projè pou ateri TRANZISYON KOUPE FACHE anpetre atravè lidè akò a, Fritz Alphonse Jean, ki nan tèt KPT a, e ki pa voye okenn siyal sou wout chanjman reyèl peyi a ap tann nan.
Devan ansanm konsta tèt chaje sa yo:
Pa gen plan klè pou rezoud pwoblèm ensekirite malouk popilasyon an ap viv depi plizyè lane. Konsta a montre plis teritwa kontinye pèdi. 1,5Milyon moun ap dòmi nan kondisyon bèt pa ta sipoze viv.
Gang kontinye ap vale teren nan peyi a epi pèp la ap viv nan yon dézespwa total;
Kriz migrasyon an ap anvlimen, konpatriyòt nou yo kontinye ap monte lesyèl pa do kay vwazen. Otorite pouvwa tranzisyon pa bò lakay pa di yon mo;
Nou konstate (CSPN) nan rantre nan yon batay san limit pou lidèchip, pandan pèp la nan yon soufrans san parèy.
PPN di Twòp se Twòp atò!
PPN deside antre nan batay la, epi mande otorite an plase yo aji pou pi ta pa pi tris :
1. PPN mande tout manm li yo nan 4 kwen peyi a rejwenn brigad rezistans yo. Goumen ak tout sa k nan men nou pou fè echèk ak plan lanmò klas dominant sousou enperyalis ki vize efase nou sou bout tè papa Desalin nan;
2. Nou mande KPT a tanmen bonjan dyalòg ak tout fòs pwogresif yo pou refè plan tranzisyon an, nan lide pou fè l fonksyone kòmsadwa.
3- Diminye kantite manm KPT a jiska 3 moun
4. Voye CSPN nan ale
5. Deklare “Viv Ansanm” kòm òganizasyon teworis.
6. Dekrete lalwa masyal nan depatman Lwès, Latibonit ak Sant pou reprann kontwòl teritwa pèdi yo.
PPN mande kòdonatè KPT a Fritz Alphonse Jean pou mete mezi sa yo an aplikasyon prese prese, anvan 18 me 2025. Si non PPN ap nan obligasyon kontinye travay ak pèp la pou bay yon lòt altènativ, ki klè, serye ak onèt.
PPN Altènativ Pèp la
Pou Pati Popilè Nasyonal (PPN)
Bernadin KENY
Seekretè Jeneral