07/08/2026
Si w panse fè yon pitit pou yon gason ap fè l rete avèk ou oubyen renmen w plis, reflechi byen. Paske pafwa, se pa gason an w ap kenbe, se lavi pa w ak lavi yon timoun ou ka mete nan yon sitiyasyon ki difisil.
Ann pran egzanp yon jèn fi ki te renmen ak yon jèn gason, li tap fou pou li. Pou li menm, jenòm sa a te reprezante anpil bagay nan lavi l. Men, avèk le tan, li te kòmanse santi relasyon an t ap chape anba men l. Li te pè pèdi moun sa a, li te pè wè tout rèv li te genyen yo brize epi pa reyalize ak li.
Nan tèt li, yon panse te kòmanse grandi: “Si mwen fè yon pitit pou li, li pap ka kite m. Li pral rete pou timoun nan.” Li te kwè tibebe a t ap ka aranje tout bagay epi ranfòse lanmou nan kè gason an pou li. Se konsa li te vin kòmanse bay jenòm nan manti sou dat règ li, epi kèk fwa li te menm konn fouye zegwi nan prezèvatif la jis pou gason an te ka ansent li.
Men lavi montre l yon bagay ki difisil pou aksepte: yon timoun pa kapab fòse yon moun renmen w. Yon gason ka renmen pitit li, li ka pran responsabilite l, men sa pa vle di l ap rete nan yon relasyon kote kè l pa la. Lè yon moun rete sèlman paske l santi l oblije, pafwa se doulè, fristrasyon ak anpil blesi ki pran plas lanmou. Ou ka twouve w nan yon sitiyasyon kote w ap kriye plis pase timoun sa a, sitou si w pa t gen mwayen pou okipe l.
Leson an senp: pa pran yon gwo desizyon tankou fè yon pitit sèlman pou kenbe yon moun bò kote w pou satisfè emosyon w ak ego w. Yon moun ki deside ale ka toujou jwenn yon fason pou l ale. Men ou menm ak timoun nan ap rete pou peye konsekans yon chwa ki te fèt nan objektif pou pa pèdi yon moun, olye l te fèt paske w te pare pou bay lavi.
Yon timoun pa dwe antre nan mond lan kòm yon mwayen pou sove yon relasyon. Li merite vini kote ki gen lanmou, preparasyon ak responsabilite. Vrè lanmou pa bezwen yon timoun pou fòse yon moun rete. Moun ki renmen w toutbon an ap chwazi w ak tout kè l.