06/01/2026
*Siksè Total pou 1ye Edisyon "Konbit Soup JOUMOU Laplèn" nan Site Solèy*
Site Solèy, Ayiti – Nan okazyon selebrasyon 222 lanne lendepandans peyi nou ak onore Soup Joumou kòm Patrimwàn Imateryèl limanite, premye edisyon Konbit Soup JOUMOU Laplèn te dewoule ak anpil siksè nan dat premye janvye 2026 la, nan espas Lise Divivye.
Aktivite sa a, ki te reyalize gras ak inisyativ *Organisation Sociale pour l'Epanouissement des Jeunes (OSEJ) ak Lycée De Duvivier de Cité Soleil, te benefisye sipò enpòtan plizyè patnè tankou: GWoup Konbit, AJOUSP, CLAB, Karavann Lafamilia, PRAXIS, EE-Haïti, Oeil Haïti ak TCL.*
Yon Jounen Solidarite ak Refleksyon
Pandan jounen sa a, plis pase 215 bòl soup te distribye nan yon anbyans tèt ansanm ak fratènite. Anplis pataje soup la, piblik la te patisipe nan plizyè aktivite lwazi tankou jwèt ansanm, ki te pèmèt konekte jèn, granmoun, ak lidè nan zòn nan.
Yon pwen fò nan aktivite a se te Konferans Deba ki te anime pa entèvenan kalite tankou: Roodley Thierry,Mirlène Saturné, Junior MARCIEUX, Pierre Marc BAPTISTE.
Objektif prensipal deba sa yo se te sansibilize kominote a sou enpòtans kilti nou epi rebay lespwa nan mitan popilasyon Laplèn nan.
*Satisfaksyon ak Pèspektiv*
Pou yon premye Edisyon, se te yon kou mèt. Satisfaksyon an te total nan mitan patisipan yo ak òganizatè yo. Manm OSEJ ak direksyon Lise Divivye a pwofite remèsye tout moun ki te kontribye nan siksè sa a.
Yo deja anonse lòt gwo aktivite mobilizasyon sosyal pou rès ane a, epi yo bay tout moun randevou pou premye janvye 2027 pou yon dezyèm edisyon k ap pi gwo toujou.
Pou plis enfòmasyon:
Pierre Marc BAPTISTE Baptiste Pierre Marc
38396648/ 55030148
[email protected]
Konbit Soup Joumou