11/02/2026
🤔 Ann pale franchman: Ki pi gwo "tèt chaje" ou genyen ak Facebook?
Anpil fwa, nou panse se sèl nou menm k ap lite, men verite a se ke anpil biznis lokal ap pase menm tray la. Di nou nan kòmantè, kilès nan pwen sa yo ki pi rèd pou ou:
1️⃣ "Mwen poste, pèsonn pa wè l": Ou pase tan fè yon bèl foto, ou pibliye l, epi se 2 Like sèlman ou jwenn (ou menm ak manman w). 😶
2️⃣ "Yo mande pri, epi yo disparèt": Se sa nou rele "Ghosting" la. Yo ekri "Price?", ou reponn, epi yo pa janm di w "merci" ale wè pou yo ta achte. 👻
3️⃣ "Mwen pa gen tan": Ou tèlman okipe ap jere kliyan nan telefòn oswa nan magazen an, ou pa janm gen tan pou w poste regilyèman. Paj la sanble abandone. 😫
4️⃣ "Mwen pa konn sa pou m ekri": Ou rete devan telefòn nan, ou pa konn ki lejann (caption) pou w mete ki pwal enterese moun toutbon. ✍️
💬 Ekri nimewo pa w la nan kòmantè a! N ap reponn chak moun ak yon ti konsèy gratis pou ede w debloke sitiyasyon an.
🌟 Si ou fatige batay pou kont ou...
Nan KLIYAN+, nou retire chay sa a sou do w. Pou sèlman $300/mwa, nou asire w paj ou aktif, pwofesyonèl, epi nou garanti w omwen 50 konvèsasyon ak moun ki enterese toutbon.
📩 Voye yon mesaj kounye a pou yon analiz gratis 3 minit sou paj ou a!