tout kote

tout kote Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from tout kote, Advertising/Marketing, 320 Collins Drive, .

✈️🇺🇸 Une opération de recherche et de sauvetage est en cours
03/04/2026

✈️🇺🇸 Une opération de recherche et de sauvetage est en cours

🚨🇮🇷🇺🇸 Iranian state media are reportedly offering a $60,000 reward for the capture of downed American pilots.
03/04/2026

🚨🇮🇷🇺🇸 Iranian state media are reportedly offering a $60,000 reward for the capture of downed American pilots.

Si pa gen sitirè paka gen vòlè, ou menm ki gen pitit fi komanse veye yo ak kèk ti jeune gason, misye gen o mw 25 lane, l...
29/03/2026

Si pa gen sitirè paka gen vòlè, ou menm ki gen pitit fi komanse veye yo ak kèk ti jeune gason, misye gen o mw 25 lane, li antre nan relation ak yon ti adolesant 11 lane, daprè Sam konfime se misye ki tou metel nan lavi gason, lèm mache chache m jwenn dosye a nan tribinal Deja men puiske paran ti lèzanj la se malere ak malerèz tribinal panche nan bò misye ki fè aksyon an, kounya dim ki diferans ki genyen ant moun ki nan tribinal sa yo ak mesye viv ansanm yo, pou mw gen yon gro diferans paskem te we yon alye lanmò100jou te fe yon aksyon konsa misye te fel sal te dwe fè men lakay nou la misye ap mache nan figi tout, yon zanmil ki rele kendy te pranl kache li, ti grimèl sa se sè misye kap bay fanmi victim lan presyon li fe konnen depi yo pa poze yo lap vini ak bak@p pou yo… bref kounya nou menm ki reve yon lot Akayè nou menm ki reve yon peyi jistis kisa nou dwe fè, m genyen vwa misye tou, metew nan plas paran sa yo pouw te gen pitit fi ou selman 11 lane epi yon jeune gason fel aksyon sa.daprè ansyen zansèt ki gen bon enfòmasyon de dosye a

Jenès Zye Kale pran lapawòl devan gwo enkyetid k ap monte nan kominote Gonavyèn nan, kote manb popilasyon an pa sispann ...
10/02/2026

Jenès Zye Kale pran lapawòl devan gwo enkyetid k ap monte nan kominote Gonavyèn nan, kote manb popilasyon an pa sispann eksprime dout yo sou lanmò ki fèt nan kondisyon ki pa klè. Sitiyasyon sa a lakòz laperèz, rimè, ak tansyon sosyal.

Nou konprann doulè popilasyon an.
Nou konprann kòlè ak kesyon ki poko gen repons.
Men nou voye jete tout fòm vyolans ki vize kèlkeswa gwoup moun nan sosyete a.

Pou yon pi bon apwòch fas ak soulèvman sa a epi pou pwoteje lavi moun, Jenès Zye Kale fè rekòmandasyon sa yo bay tout aktè ki konsène yo.

1. Rekòmandasyon pou mòg yo
Nou mande pou:
- Gen sispansyon imedya de tout pratik ki ka sanble ak komisyon pa pousantaj, rekonpans sou nenpòt fòm, oswa enterè finansye lè yon moun bay yon mò.
- Fonksyònman mòg yo vin transparan, klè, ak reglemante.
- Pa gen okenn pratik ki ka kreye dout oswa konfli enterè nan tèt popilasyon an.

2. Rekòmandasyon pou ougan, manbo, ak peristil yo
Nou mande pou:
- Refize etène malad ki pa pase lopital an premye.
- Egzije dosye medikal avan tout entèvansyon mistik.
- Ankouraje tout malad fè tchekòp jeneral lopital pou konnen klèman si se maladi medikal oswa maladi sinatirèl.
- Travay tèt kole ak sante piblik pou pwoteje lavi moun yo.

3. Rekòmandasyon pou otorite lopital ak sante piblik yo
Nou mande pou:
- Mete an plas yon sistèm referans klè, fòmèl, ak fonksyonèl ant lopital yo ak peristil yo, pou asire swivi medikal avan tout lòt entèvansyon.
- Kominike ak popilasyon an enfòmasyon medikal ki klè, verifiye, ak aksesib sou koz lanmò yo, nan respè etik ak lalwa.
- Pran lapawòl piblikman, regilyèman, pou demanti rimè, korije move enfòmasyon, epi retabli konfyans popilasyon an.
- Òganize ak ankouraje kanpay edikatif, emisyon radyo, ak platfòm sou entènèt pou fòme ak sansibilize popilasyon an sou kesyon lasante piblik.

4. Rekòmandasyon pou otorite lokal yo
Jenès Zye Kale mande:
- Pou Lameri Ansagalè, an tèt kole ak Lameri Pwentarakèt, pran yon arete prese prese pou anpeche lagè eklate nan mitan popilasyon an.
- Pou arete sa a entèdi nenpòt otorizasyon pou ouvèti nouvo mòg sou Zile Lagonav la, ni nan komin Ansagalè ni nan komin Pwentarakèt, jiska nouvel lòd.
- Paske li pa nòmal pou yon zile ki genyen anviwon 87 077 abitan genyen plis pase 20 mòg.
- Pou otorite minisipal yo soti yon arete sou fonksyònman peristil yo ak aspè legal yo (patant, otorizasyon, regleman).
- Mezi sa yo nesesè pou retabli konfyans popilasyon an, diminye tansyon sosyal, epi pèmèt otorite yo fè evalyasyon ak regilasyon serye sou sektè a.

5. Apèl bay popilasyon an
Jenès Zye Kale lanse yon apèl pou:
- Kalmi ak responsablite.
- Youn pa touye lòt sou okenn baz.
- Pa gen destriksyon mòg.
- Chache verite ak prèv, san vyolans.

Pozisyon Jenès Zye Kale
Nou kanpe:
- Pou lavi.
- Pou verite.
- Pou dyalòg.
- Kont mit ki mennen nan vyolans.
- Kont destriksyon kominote a.

Lagonav bezwen limyè, pa dife.
Lagonav bezwen verite, pa rimè.
Lagonav bezwen lapè.

08/02/2026
Me foto Fanmiy yo rive jwenn Mouri anndan Machin nan Jodia a nan Vil Okap.yè Madi 6 Janvye 2026 la.➡️ Wilnica Brize, 33 ...
07/01/2026

Me foto Fanmiy yo rive jwenn Mouri anndan Machin nan Jodia a nan Vil Okap.yè Madi 6 Janvye 2026 la.
➡️ Wilnica Brize, 33 lane (manman)
➡️ Ralph Gustave (papa)
➡️ Wildensky Rolph Gustave, pitit gason an, elèv Kolèj Notre-Dame Okap, selon pyès idantifikasyon yo.

Address

320 Collins Drive

30134

Telephone

+14044935183

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when tout kote posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to tout kote:

Shortcuts

  • Want your business to be the top-listed Advertising & Marketing Company?

Share