12/17/2024
Pwoteje flanbo w
Pwoteje flanbo w se pwoteje flanm ou, pwoteje rèv ou, pwoteje pasyon w, pwoteje enèji Pozitiv ou, pwoteje sa ki fè kè w kontan.
Pa pèdi tan ak Moun ki ap rale w desann nan kanivo a, ki tounen yon vanpi k ap s***e tout lespwa ke w genyen. Li fasil pou rekonèt Moun sa yo, paske pawòl yo se negativite sèlman li pote, yo wè malè nan tout bagay, yo se ekspè nan bay konsèy sou tout bagay ki p ap reyisi san janmen eseye anyen pou pwòp vi pa yo.
Anpil fwa yo aji konsa san ke yo pa rann kont ke yo pote yon pawòl ki p ap pèmèt ou vanse, men gen lòt fwa se yon jalouzi ki eksprime, yon santiman ensekirite, li jis pè ou fè plis pwogrè pase l nan inisyativ ou yo. E si pawòl moun sa yo paka anpeche w kontinye vanse, ou konnen yo pare pou komèt nenpòt zak pou w pa reyisi.
Si m di w pa kole ak Moun sa yo, ou gentan wè ak kiyès mwen rekòmande w pou pase tan w. Moun k ap ede w reyisi nan pwojè w yo, kote nou se yon sous motivasyon you n pou lòt. Kwè m sou vle, kategori Moun sa yo pa anpil, lè w tonbe sou yon bon grenn konsa, se Kenbe l fò, pwoteje l tout jan w kapab, paske li se flanbo k ap klere chimen w.
Akòde tèt ou yon ti tan. Kale je w sou aktivite jounen w yo, gade li anfas, egzamine l kòmsi ou te yon korektè nan egzamen, epi onèt nan koreksyon jounen an. Gade aksyon w yo, Gade moun ou kominike ak yo pandan jounen an, epi kòmanse triye, tout sa ki se yon flanbo pou ou, kenbe yo epi pwoteje yo.
Lè mwen pale de pwoteje, mwen fè referans ak trètman w ap bay moun sa yo, enpòtans ou montre moun sa yo gen pou ou. Kounya pwoteje flanbo pa w la ki andan w, se evite yon seri evènman, konvèsasyon, koute yon seri de bagay, gade yon seri de bagay, e menm rive elimine sa w estime ki dwe elimine pou w ka pwoteje flanbo w ki se motè w.
Nan fen jounen an, sa w dwe konprann, sèke ak Moun ou pase tan w, yo ka konstwi w, konsa tou yo ka detwi w e se sa ki pi fasil, paske kraze pa mande prèske okenn efò, poutan konstwi, se yon pwosesis li ye e ki egzije pasyans ak travay san kanpe. Chak segonn ka konstwi ou detwi lavi w sou yon fòm oubyen yon lòt ti kras pa ti kras. Enpak yo tèlman piti, se sak fè w pa konsyan de dega yo, men yo la e y ap kòmanse vizib aprè en nan, dezan, e genyen menm depi sou twa mwa yo gentan parèt.
Men bout verite a, se pa tout moun ki merite bò kote w, e sa ki dwòl la, moun sa ka madanm ou ke w te chwazi sou enfliyans lanmou avèg san entelijans, li ka pwòp fanmi an ke w pa chwazi. Si kategori moun sa yo la deja, ou ka eseye evite yo, men li ka difisil pou elimine yo, se ou menm pou jwenn meyè fòmil pou evite dega moun sa yo ka pote nan vi w.
Ou dwe fè tout sa w konnen pou pwoteje flanbo Lespwa w ak rèv ou. Premye etap la pa lòt ke idantifye moun ki kwè nan pwogrè, ki ap ede w reyalize rèv ou yo, ki ap pote enèji Pozitiv chak jou nan lavi w. Moun ke w santi byen lè w bò kote yo. Si pa malè, ou ta tonbe nan mitan moun negativ yo, fè silans, epi degaje w kouri sòti nan mitan yo.
E si malgre tou, ou pata jwenn moun ki ap ede w kenbe flanbo w limen tou wouj, rale liv yon otè k ap ede w vanse pou w fè lekti, gade chanèl YouTube ki nan menm liy avè w, tande mizik ki ap pèmèt ou rete motive. Fè tout sa w konnen pou pwoteje flanbo w.
Mèsi!
Pa bliye PATAJE| LIKE| KÒMANTE| pou Mesaj la ka rive pi lwen!!! Sa p ap koute w anyen!!!
Coach Koolodo (R.V)🥇
N ap tann ou nan Gwoup pou n ka kore You n lòt ak Enèji Pozitif ke n ap pataje ansanm!! Klike sou lyen sa pou w rejwenn nou --> https://chat.whatsapp.com/Dg1iUUt9w7RFzVLFsW7PLP
Mèsi!!!
🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟
---+----+-----+----+-----+-----+----+-----+----+---
🏅🏅🏅 Follow Energy Positive on via .0 or instagram.com/energypositive2.0 | ---> tiktok.com/.0 | via .0 or
facebook.com/energypositive2.0 l # Energy
Don't forget to subscribe on our YouTube via this link: https://www.youtube.com/EnergyPositive?sub_confirmation=1..send your 📷 via : https://wa.me/17244693247 🎬 👉 / Email: [email protected]