30/08/2026
Yon gwoup etidyan nan depatman Grandans voye mesaj sa a nan sal redaksyon Radio Sociale pou denonse yon Sèten Sénord Abraham ki ta ta kase ponyèt yo, pran lajan yo pou yon zafè lekòl pwofesyonèl ki patap regle anyen k serye, epi l disparèt nan depatman an.
Sénord Abraham, endividi sa abite Miragwàn, li ateri Jeremi li louvri yon lekòl pwofesyonèl ilegal, san papye, li rele CEPA centre école professionnel abraham (telefòn li se 3608-0583), li louvri l depi mwa dawout 2025 nan Rue Stenio Vincent prolongé nan anèks École Communautaire Mixte St Pierre, li te vin louvri l nan lekòl IMAF ki twouve l nan komin Mowon, ebyen lekòl la rete li disparèt nan mwa avril 2026 aprè yon gradyasyon ki fèt nan yon chanm kay kote yo remèt etidyan yo yon sètifika ki pa itil yo anyen.
San konte temwayaj anpil etidyan ansyen kou nouvo ki di yo peye tout kòb yo men yo pa klotire kou yo. (Gade nan imaj yo pou detay)
Yon gwoup etidyan te fè yon manda pou direktè a Sénord Abraham lefèt ke l p ap viv nan depatman Grandans se nan Nip li ye, yo te oblije voye l ba li sou nimewo whatsapp li e li te resevwa l jan n ka gade sa nan imaj yo.
Menm endividi sa fè yon lòt konplis li pase pou avoka Decharles pou vin fè presyon ak menas sou avoka etidyan yo pou kraponnen yo.
Sa n ap mande svp, se jwenn endividi sa pou l vin reponn kesyon lajistis, kòm se nan vil Miragwàn li ye n ap mande komisè Jean Ernest Muscadin pou l chache kontwòl annakè a ki kite depatman Nip pou l vin eskwoke moun nan depatman Grandans.
Ansuit n ap mande pou lameri grandans ak Mowon louvri je yo sou jan ka sa ki pa sispann devlope, kote yon gwoup moun ka debake epi yo bwote lajan yon bann moun epi yo disparèt.
Nou menm gwoup etidyan sa yo, nou oblije pran rezo sosyal yo ak medya pou n mande kote yo jwenn endividi sa yo pou yo mare yo mennen yo bay lajistis.
Ekip Radio sociale la swete limyè fèt nan dosye sa a
E ke lajistis triyonfe.