Wozo Plus

Wozo Plus Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Wozo Plus, Miami, FL.

WOZO PLUS
Grandi • Aprann • Rire 💡🔥
Motivasyon • Mindset • Biznis 🚀
Lavi sosyal • Vlog • Info reyèl 🎬
📲 Follow nou sou tout platfòm yo
🔗 Antre nan Channel WhatsApp nou an pou plis koneksyon chak jou.

05/09/2026

Medjy fè gwo bri nan Paris ak karyè solo li yè swa

Atis ayisyen Medjy Toussaint te make lespri anpil moun yè swa nan Paris pandan yon konsè ki te rasanble anpil fanatik epi ki te chaje ak enèji ak emosyon. Pèfòmans lan te konfime popilarite li nan dyaspora a ansanm ak gwo enpak li sou sèn mizik ayisyèn nan.

Depi li te pran desizyon pou lanse karyè solo li, Medjy pa sispann franchi nouvo etap enpòtan. An me 2023, li te lage premye album li, 48 Rebecca, yon pwojè ki te fè anpil pale e ki te byen resevwa pa fanatik yo.

Youn nan mizik ki plis make piblik la sou album nan se Pasyante, kote li voye yon mesaj fò sou pasyans ak evolisyon pèsonèl: “Pran vi w, chanje tempo; sa ka pran tan, men w ap kontan.”

Avèk siksè sa yo ak resepsyon ekstraòdinè konsè Paris la, Medjy ap konfime plas li kòm youn nan vwa ki pi enpòtan nan nouvo jenerasyon mizik ayisyèn nan.

credit: Aky

05/08/2026

Jodi a anpil moun ap pale de IShowSpeed, men kiyès li ye vre?

IShowSpeed, vrè non li se Darren Watkins Jr., se yon jèn kreyatè kontni ameriken ki vin popilè gras ak live li yo sou YouTube ak lòt rezo sosyal. Li fè videyo sou jwèt, reyaksyon, mizik, ak moman komik ki fè anpil moun rete branche sou li.

Sa ki fè li pran rezo a, se enèji li, fason espontane li pale, ak style li ki diferan. Li toujou kreye kontni ki fè moun ri, sezi, oswa pale anpil sou li.

Avèk milyon abonnés ak dè milya vizyalizasyon, li rive fè gwo lajan atravè YouTube, sponsorship, mizik, ak kolaborasyon ak gwo mak.

Jodi a, IShowSpeed se youn nan pi gwo non sou entènèt la, e anpil jèn wè li kòm yon egzanp kijan rezo sosyal ka tounen yon vrè biznis.

05/07/2026

Lagè Ikrèn ak larisi ya toujou kontinye ak atak grav.
Larisi fè gwo atak dron ak misil sou plizyè vil.
Plizyè dizèn moun mouri oswa blese.

Lagè a toujou trè vyolan malgre li pale li di lap sispann-dife ya.

05/07/2026

� Gwo kriz Iran vs Etazini an ap chofe Mwayen Oryan
Tansyon militè ant Iran ak Etazini vin pi grav ak echanj atak nan zòn Strait of Hormuz la. Sitiyasyon an fè lemonn sou tansyon paske sa se youn nan pi gwo wout lwil nan mond lan.

� Lwil mondyal + mache finans yo sou chòk
Pri lwil ap monte desann rapid, pandan bous mondyal yo ap reaji ak chak nouvèl sou lagè a. Envestisè yo pa gen estabilite, e mache yo ap vin plis enstab chak èdtan.

� Lagè + lwil = gwo enstabilite ekonomik nan lemonn
� Chak nouvèl sou kriz la fè mache yo monte/desann imedyatman

� Mond lan ap swiv sitiyasyon an ak anpil enkyetid…

🚨 KODAK BLACK ARETE NAN ORLANDOKodak Black jwenn tèt li ankò nan pwoblèm ak lalwa nan Orlando, Florid.👉 Li te remèt tèt ...
05/07/2026

🚨 KODAK BLACK ARETE NAN ORLANDO

Kodak Black jwenn tèt li ankò nan pwoblèm ak lalwa nan Orlando, Florid.

👉 Li te remèt tèt li bay lapolis 👉 Yo arete li sou akizasyon trafik M**A (ecstasy) 👉 Li kounye a nan Orange County Jail

⚖️ Avoka li di li plede pa koupab, pandan ka a ap kontinye nan tribinal.

📌 Sitiyasyon an ka gen gwo konsekans sou karyè mizik li.

Hantavirus ap fè anpil pale atravè lemondDepi kèk jou, Hantavirus la ap fè anpil bri e li lakoz anpil kestyon sou risk l...
05/07/2026

Hantavirus ap fè anpil pale atravè lemond

Depi kèk jou, Hantavirus la ap fè anpil bri e li lakoz anpil kestyon sou risk li ka pote pou sante piblik.

Se yon viris ki souvan soti nan rat ak lòt ti wonjè. Moun ka pran li lè yo respire pousyè ki kontamine oswa lè yo an kontak ak p**i, poupou oswa saliv bèt sa yo. An jeneral, li pa transmèt fasil ant moun ak moun.

Men gen kèk ka espesyal nan Amerik di Sid (tankou Andes virus) kote yo deja obsève kèk transmisyon ant moun, sitou nan kontak pwòch tankou fanmi oswa moun k ap okipe malad.

Sa fè anpil moun mande si viris sa a ta ka vin pi danjere nan lavni tankou COVID-19.

Pou kounye a, ekspè yo di risk pandemi global la toujou limite, men yo rete sou vijilans.

Plizyè peyi deja rapòte ka pozitif tankou: USA, Ajantin, Chili, Brezil, Paragwe, Lachin, Kore di Sid, Almay, Fenlann, Swis, Lafrans ak Afrik di Sid.

Sa montre Hantavirus la se yon sijè sante mondyal ki mande anpil swivi.

Prevansyon rete esansyèl: evite rat, kenbe pwòpte, epi pran prekosyon nan kote ki ka

05/07/2026

� Update Hantavirus – 7 Mai 2026

OMS (World Health Organization) konfime jiska kounye a genyen 8 ka rapòte, ladan yo 5 ka konfime kòm hantavirus epi 3 ka sispèk. Malerezman, gen deja 3 moun ki mouri. Viris ki enplike a se Andes virus, sèl kalite hantavirus ki ka gen transmisyon limite ant moun lè gen kontak sere ak pwolonje.

Epidemi sa a lye ak bato kwazyè MV Hondius, kote pasaje yo te soti nan plizyè peyi apre yon vwayaj nan Amerik Latin. Kounye a, gen enfòmasyon ki montre 3 Kanadyen mete an izolman pou siveyans apre kontak ak ka yo.

Anpil lòt peyi tou ap kontinye swiv pasaje yo, epi kantite moun yo ap teste pozitif yo ap monte timidman pandan otorite sante yo ap fè plis kontwòl ak tès.

OMS fè konnen risk la pou piblik la rete ba, epi yo presize klèman: “Sa pa kòmansman yon lòt pandemi tankou COVID-19.”

� An rezime: sitiyasyon an serye, men li poko nan nivo COVID-19, epi siveyans mondyal la deja ranfòse pou evite plis pwopagasyon.

05/07/2026

Address

Miami, FL

Website

https://www.tiktok.com/@pluswozo?is_from_webapp=1&sender_device=pc, h

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Wozo Plus posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Wozo Plus:

Share