10/02/2026
Jenès Zye Kale pran lapawòl devan gwo enkyetid k ap monte nan kominote Gonavyèn nan, kote manb popilasyon an pa sispann eksprime dout yo sou lanmò ki fèt nan kondisyon ki pa klè. Sitiyasyon sa a lakòz laperèz, rimè, ak tansyon sosyal.
Nou konprann doulè popilasyon an.
Nou konprann kòlè ak kesyon ki poko gen repons.
Men nou voye jete tout fòm vyolans ki vize kèlkeswa gwoup moun nan sosyete a.
Pou yon pi bon apwòch fas ak soulèvman sa a epi pou pwoteje lavi moun, Jenès Zye Kale fè rekòmandasyon sa yo bay tout aktè ki konsène yo.
1. Rekòmandasyon pou mòg yo
Nou mande pou:
- Gen sispansyon imedya de tout pratik ki ka sanble ak komisyon pa pousantaj, rekonpans sou nenpòt fòm, oswa enterè finansye lè yon moun bay yon mò.
- Fonksyònman mòg yo vin transparan, klè, ak reglemante.
- Pa gen okenn pratik ki ka kreye dout oswa konfli enterè nan tèt popilasyon an.
2. Rekòmandasyon pou ougan, manbo, ak peristil yo
Nou mande pou:
- Refize etène malad ki pa pase lopital an premye.
- Egzije dosye medikal avan tout entèvansyon mistik.
- Ankouraje tout malad fè tchekòp jeneral lopital pou konnen klèman si se maladi medikal oswa maladi sinatirèl.
- Travay tèt kole ak sante piblik pou pwoteje lavi moun yo.
3. Rekòmandasyon pou otorite lopital ak sante piblik yo
Nou mande pou:
- Mete an plas yon sistèm referans klè, fòmèl, ak fonksyonèl ant lopital yo ak peristil yo, pou asire swivi medikal avan tout lòt entèvansyon.
- Kominike ak popilasyon an enfòmasyon medikal ki klè, verifiye, ak aksesib sou koz lanmò yo, nan respè etik ak lalwa.
- Pran lapawòl piblikman, regilyèman, pou demanti rimè, korije move enfòmasyon, epi retabli konfyans popilasyon an.
- Òganize ak ankouraje kanpay edikatif, emisyon radyo, ak platfòm sou entènèt pou fòme ak sansibilize popilasyon an sou kesyon lasante piblik.
4. Rekòmandasyon pou otorite lokal yo
Jenès Zye Kale mande:
- Pou Lameri Ansagalè, an tèt kole ak Lameri Pwentarakèt, pran yon arete prese prese pou anpeche lagè eklate nan mitan popilasyon an.
- Pou arete sa a entèdi nenpòt otorizasyon pou ouvèti nouvo mòg sou Zile Lagonav la, ni nan komin Ansagalè ni nan komin Pwentarakèt, jiska nouvel lòd.
- Paske li pa nòmal pou yon zile ki genyen anviwon 87 077 abitan genyen plis pase 20 mòg.
- Pou otorite minisipal yo soti yon arete sou fonksyònman peristil yo ak aspè legal yo (patant, otorizasyon, regleman).
- Mezi sa yo nesesè pou retabli konfyans popilasyon an, diminye tansyon sosyal, epi pèmèt otorite yo fè evalyasyon ak regilasyon serye sou sektè a.
5. Apèl bay popilasyon an
Jenès Zye Kale lanse yon apèl pou:
- Kalmi ak responsablite.
- Youn pa touye lòt sou okenn baz.
- Pa gen destriksyon mòg.
- Chache verite ak prèv, san vyolans.
Pozisyon Jenès Zye Kale
Nou kanpe:
- Pou lavi.
- Pou verite.
- Pou dyalòg.
- Kont mit ki mennen nan vyolans.
- Kont destriksyon kominote a.
Lagonav bezwen limyè, pa dife.
Lagonav bezwen verite, pa rimè.
Lagonav bezwen lapè.