29/08/2026
🎉🎂 Jodi a, se yon jou espesyal!
Tout ekip la ak kominote ki kwè nan vizyon Mèt Cherlineda Laviolette mete tèt ansanm pou swete li yon bòn fèt. ❤️Nou salye ak anpil respè angajman li, kouraj li, detèminasyon li ak sèvis li vle rann kominote nou an. Se kalite angajman sa yo ki mande anpil sajès, pasyans ak devouman.
Nan okazyon anivèsè li, nou swete li sante, fòs, sajès, pwoteksyon ak anpil siksè nan tout pwojè li yo.🌿 Ke nouvo ane sa nan lavi li pote plis limyè, plis fòs ak plis opòtinite pou kontinye travay pou yon pi bon avni pou Nippes.Bòn fèt, Mèt Cherlineda Laviolette! 🎂❤️
Ann kontinye kwè nan vizyon an, ann kontinye avanse ansanm.