17/04/2023
Rezilta lè ideyoloji yo gon sel direksyon!
Pafwa se pa mank lanmou ki kraze Relasyonw lan, men se mantalitew, .
Gen anpil koup ki fè raje sa ,poutan lè yo rivé etazini yo séparé. Genyen ki gen piti ak neg lan ki separe ,genyen ki marye, genyen tou ki te yon senp menaj .
Post sa pa juje personne couple ki trouve yo divize jodi an. koz andepi de tout , ou ka ap gad 2 moun ki renmen poutan ou pakonn ki sikonstans ,ni soufrans moun sa ap subi andedan relasyon sa. Ou ka wè moun nan te aksepte tout imilyasyon andedan relasyonl paskel pat jwenn posiblite reponn ak bezwen nesesèl et imedyatman yo rive nan yon lot peyi ki bayo opotinite yo kite relasyon an, men an reyalite relasyon sa te gentan kraze depi byen des temps ,yo jus potko divize
,.konsa tou wap jwenn genyen ki divize poul al jwenn yon lot pou papye, et genyen ki fel pa mechanste.
Men réalité an li senp ! Yon koup pa baze sou montre moun nan ou renmenl poutanl pa santil proteje. Li pa santil gon avni asire ladanl. Koz pa bliye isit pa chili, moun nan ka renmenw men sil remakew pagen volonté pou prospéré lap oblije vale lanmou sa paskel pap vi'n rabi bò kotew sanl pa réglé anyen. Et jiskametnan ou gon stati refijye ou poko immigré ,ki vle di ak nenpot kel moman yo ka resevwa lèt depotasyon.
Se pa wè yon couple ap viv byen epi pouw jus anvi konsa tou non! Fok gen baz, fok gen dyalòg et fok gen volonté....yon moun konn renmenw menl pawè avnil nan ou li oblije ale, alors pou sa pa repete fok ou pakwè nan di je t'aime ofri lanmou selman. , fok ou montre moun nan wap lite pou demen ,sispann viv pou jodi. Et siw konsa pagen moun ki kotew kap anvi ale, paske spesyalman fi, yo renmen lè yo bò kotew pou yo santi yo asiré.
Pafwa se pa lanmou ki kraze relasyonw lan, se fasonw panse, se mantalitew.
NOTE BIEN : Depiw te ranpli tach nesesè yo,kelkeswa fason yon moun kitew, wap jwenn yon pibon ranmasew.
☝️