VIV OTORITE BONDYE

VIV OTORITE BONDYE Pòt la pral femen jan 7 : 16
"Paj predikasyon, meditasyon biblik ak pawòl ankourajman chak jou."

30/07/2026

DISIPLIN AP DETWI LAVI W | 3 Erè Ki Anpeche W Reyisi

Èske w santi rèv ou pa avanse? Youn nan pi gwo rezon an kapab se mank disiplin.
Nan videyo sa a, w ap dekouvri kijan mank disiplin fè moun pèdi tan, rate opòtinite, epi rete lwen objektif yo. W ap aprann tou kèk etap senp pou bati disiplin epi kòmanse chanje lavi w depi jodi a.
Si videyo sa a ede w, pa bliye: 👍 Like videyo a 💬 Kite yon kòmantè 🔔 Abòne ak chanèl la pou plis videyo motivasyon ak devlopman pèsonèl.
Sonje byen: Disiplin se pon ki mennen ant rèv ou ak siksè ou.

30/07/2026

Èske w janm kite laperèz anpeche w pran yon desizyon enpòtan? Laperèz se youn nan pi gwo obstak ki fè anpil moun rete kote yo ye a epi abandone rèv yo.
Nan videyo sa a, w ap aprann kijan pou rekonèt laperèz, konprann efè li sou lavi w, epi jwenn kouraj pou avanse malgre difikilte yo.
💙 Si videyo sa a ankouraje w:
👍 Like videyo a
💬 Kite yon kòmantè
🔔 Abòne ak chanèl la pou plis videyo sou motivasyon ak devlopman pèsonèl.
Sonje: Kouraj pa vle di ou pa pè. Kouraj se avanse menm lè ou gen laperèz.

19/07/2026

BISHOP ESTIVEN BERNARD ETIDE LA PAWÒL BONDYE, TÈM INI POU IFRIYANSE YON GENERASYON,

15/07/2026

Lavi a bèl

15/07/2026

Lavi a bèl... men li frajil. ABONE
Jodi a ka yon jou plen lajwa, men demen ka pote yon lòt reyalite. Se poutèt sa, pa mete tout espwa w nan sa ki pase, ni nan sa mond lan ofri.
Mete konfyans ou nan Bondye, paske se Li menm ki pa janm chanje. Lè tout bagay ap bouje, Li rete menm jan an. Lè moun chanje, Li rete fidèl. Lè fòs ou fini, gras Li toujou ase.
"Jezi Kris la se menm yè, jodi a, e pou tout tan." — Ebre 13:8
🙏 Ke Bondye beni w epi kenbe w fèm nan lafwa, kèlkeswa sikonstans lavi a.

09/07/2026

Èske ou ka bare van an? NON!
Si ou pa ka bare van an ak men ou, ou pap janm ka bare sa Bondye deside fè.
Gen moun ki ka pale sou ou, kritike ou, fè jalouzi, oswa eseye mete baryè sou wout ou. Men, lè Bondye bay lòd, pa gen okenn fòs sou tè a ki ka kanpe volonte Li.
Sonje sa Jezi te di: "Van an soufle kote li vle..." (Jan 3:8)
Sa vle di travay Bondye pa depann de pèmisyon moun. Lè tan Bondye rive, pòt yo ap louvri, benediksyon yo ap vini, epi pwomès Li yo ap akonpli.
Pa kite sa w ap wè fè w pèdi espwa. Kontinye priye, kontinye kwè, kontinye mache ak Bondye. Moun ka eseye retade ou, men yo pa ka anile sa Bondye prepare pou ou.
Si Bondye pou ou, kiyès ki ka kont ou?
🙏 Ekri "Amèn" si ou kwè pa gen moun ki ka bare sa Bondye gen pou lavi ou.

04/07/2026

li pa t janm fasil pou vrè sèvitè Bondye yo. Anpil ladan yo te pase nan gwo eprèv, pèsekisyon, ak soufrans, men yo te rete fidèl.

30/06/2026

Tan se youn nan pi gwo richès Bondye ban nou. Men se fason nou itilize l ki fè diferans."

29/06/2026

🙏✨

29/06/2026

Nou pa dwè Tolere peche

Dirección

Santiago

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando VIV OTORITE BONDYE publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a VIV OTORITE BONDYE:

Atajos

Compartir