09/02/2025
Selon Jhonson Napoleon;
Aprè yon experience ki te ka koutel trè chè nan la vil
Little Bro, m kontan tande ou sou yon lòt chemen espirityèl kounye a. Objektif ou pou rekonsilye e reyini Ayisyen an se yon misyon ki vrèman nòb.
Men pou mwen, gen yon sèl moun sou tè sa a ke mwen vrèman rayi. Nèg sa a pase 3 zan ap bay manti sou mwen sou rezo sosyal yo.
Dabò, li akize m kòm si m ap travay ak gouvènman Chinwa, e li konnen m gen yon paspò amerikin.
Apre sa, li deklare m vy*lé yon ti fi òfelen ayisyen ki gen selman 16 zan.
Li monte manti a pi wo toujou, li mete non m nan list moun ki dilapidé lajan PetroCaribe a, li asosye m ak les Martelly, Lamothe, dilè dwòg, ak tout lot kalite koripsyon.
M vinn tounen yon parias nan jé moun nan kominoté a, yon kominoté m ladan l depi 1993 pa gen moun ki jamm tande anyen mal sou mwen.
Mwen mennen l lajistis. Okòmansman, li te fè l sanble li pa enkyete, men lè li wè m serye, li kòmanse fè fo dokiman pou voye bay tribinal Kanada.
Frè mosye Micatin Morvan, menm voye yon fo rapò polis bay tribinal la, li pretann di ke mwen voye 3 moun ki nan gang pou to*yel.
Akòs manti misye yo, mwen pèdi biznis mwen, mwen pèdi kredibilite m, epi mwen pèdi lapè m. Fanmi m viktim ak tout fanatik li yo ki tap simen latwoublay.
Sak pi mal la, mwen pèdi yon relasyon m te ladan l lanmou paske paran fi a te kwè manti li yo epi fòse l kite m.
Apre m fin depanse $114,000 nan avoka e pou tradwi bann kaka li tap ranse yo, kelke jou avan nou al nan tribinal avoka l mande l prev li tap radoté di chinwa li yo te ba li yo, se lè sa avoka misyé wè se yon kakatwè li te ye.
Li paka peye avoka l
Li pa gen okenn prev
Li ba fo rapò polis ki sot ayiti
Avoka l eksplike misye konsekans li tap genyen nan Canada 🇨🇦 si avoka m pote radot sa yo montre yon jij, e m te pare pou fini ak li en piblik.
Avoka l rele avoka m sipliyé l pou l Mande pou m pou m pa al nan tribunal e lap fè misye fè tout sa m mande l. (M gen let la ma montre w lè nou kwazé)
Se sak fè w wè LÈT li te li en kreyol la se mwen ki ekril pa misye li.
Men li pa respekte 95% akò a li signen a.
M kanpe la a
Mwen poko fini ak misye,
M gen pou m tounen nan tribinal ak li e li konnen gen anpil lajan pou l peye.