06/05/2026
Dekouvri 4 kle sikolojik pwisan pou w vann plis
Ou sonje istwa maryo,jèn m te di w ki nan biznis MLM lan
Li t ap voye mesaj chak jou konsa:
📱 “W ap chita lakay ou, w ap fè kòb”
📱 “Antre nan ekip la, se gratis”
📱 “Gen plizyè moun ki deja touche 500 $”
Men repons li te konn resevwa:
🧊 "Ok bro, m ap tcheke w demen."
🧊 "M pa twò enterese non frè m, m okipe pou moman an."
Mario te dekouraje, li di m:
“Sanble biznis sa pa fèt pou mwen non...”
M t ap souri, paske mwen te konnen se pa vre
li jis pa t metrize sikoloji angajman.
M te ba l 4 kle ki te chanje tout jwèt la:
✅ 1. Pwoksimite Sikolojik
Si w pale avè m sou “libète finansyè”, ou pèdi m.
Men si w di m:
🧠 “Ou fristre! paske telefòn ou ap friz chak jou,li pa kenbe chaj epi w pa gen kòb pou w achte yon lòt ?”
➤ Sa, se lavi m jodi a. Se sa ki rele pwoksimite sikolojik la.
Yon mesaj pwisan toujou gen youn nan 4 aspè sa yo:
Tanporèl: jodi a, kounye a pa nan fiti
Espasyal: lakay ou,nan zòn ou,komin ou pa byen lwen
Sosyal: ou menm dirèkteman, pa lòt moun
Ipotetik: sa w sèten, asire de li, pa sa ki ka rive,ensèten
✅ 2. Redwi Efò Mantal
Lè w voye mesaj ki di “Konstwi yon biznis otomatize gras ak maketin relasyonèl”
👉ou fè sèvo a di: “M pa gen tan pou sa.”😂
Men si w di:
🧠 “Ou bouke ekri ‘Bonswa, èske w enterese,epi pèsonn pa reponn?”
➤ Ou ba l yon imaj ki klè, li pa bezwen panse, li wè tèt li ladan.
Sèvo a renmen mesaj senp, rapid, vizyèl.
✅ 3. Enplikasyon Emosyonèl
Tout moun achte ak kè yo, pa ak tèt yo.
Ou panse moun achte yon fòmil pou “fè lajan”?
Non,Yo achte pou sove tèt yo anba:
Perèz
Fristrasyon
Wont
Fatig
Di m sa w santi, pa sa w panse.
Egzanp?
❌ “Mwen ka ede w gen plis kliyan”
✅ “Ou pa bouke ap poste sou estati w, e moun yo pa menm mande w pri a?”
Sa se emosyon,Sa se moun.
✅ 4. *MPale de Eksperyans Sansoryèl Konkrè
Ou sonje dènye fwa w t ap pale ak yon moun, epi w tande son “bip” notifikasyon an men se pa kliyan?
Ou pran telefòn ou, ou konn sa k dwòl la? ou wè se: “Pwomosyon Digicel” 😤
Epi w bezwen vann,sa fristran! Pa vre?
➤ Sa se eksperyans sansoryèl. Se jan moun sonje.
5 sans yo se pòtay ki ouvri tout emosyon.
Pale de:
bri
limyè ekran
tansyon nan kò
Odè
gou kafe ki pa fin cho ankò
Plis ou mete sans nan mesaj ou yo, se plis l ap kapte atansyon e pèsyaziv.
✋men Rezilta mario aprè sa?
Li te voye yon sèl mesaj.
Li te di:
“Ou leve maten an ak lestomak ou ap brile w e vant ou ap bouyi.pandan pòch ou vid,kont moncash ou vid”
Konbyen tan ou vle rete viv konsa san yon biznis k ap bò w kòb?
35 moun te reponn, 3 te achte yon pwodwi , 5 te vin patnè biznis li
Yon sèl mesaj te kreye yon gran chanjman
🔥 Ou vle aprann kijan pou w fè sa chak jou sou WhatsApp?
Fòmasyon Men Dore ✋ an la pou sa.
Ou pral aprann 5 estrateji maketin k ap ba w rezilta nan 7 jou — san w pa bezwen gen pil followers, ni yon biznis ki t ap byen mache deja.
M ap soulaje w de pwoblèm paka jwenn kliyan an e fè w vann 3 fwa pIis
👉 Voye “MEN DORE” nan mesaj WhatsApp mwen si w pare pou m mete estrateji nan men w.