01/12/2023
Sa bon pou konnen
Mwa pase an, mwen jwenn 3 moun ki mandem enfòmasyon sou danje blakatòks reprezante pou sante nou. Aprè kèk rechèch mfin fè, Mwen remake ke se yon malè an soudin ki pandye sou tèt nou mdeside pataje rezilta rechèch mwen yo ak nou.
Vin gade avèm jan pratiks sa chaje danje.
Pou kòmanse kisa blakatòks lan ye?
Blakatòks se yon ti materyèl ki gen fòm spiral (koulèv) ke yo itilize pou lite kont marengwen ki ka bay anpil maladi tankou malaria, deng, chikungunya, elatriye. Jeneralman yo mete yo sou yon ti chodyè.
Pa rapò ak konpozisyonl, blakatòks la pa si inosan ke sa. Menmjan yo tiye marengwen yo, se konsa tou yo ka koze gwo pwoblèm lakay nou. Ann gad kèk eleman ki konpoze yo:
● Ti patikil yo tankou PM 10 ak PM 2,5 (Yon blakatòks pwopaje menm kantite PM 2,5 ke 75 a 121 sigarèt)
● Metal lou yo tankou Kadnium, Zen, Plon
● Gaz yo tankou Monoksid Kabòn, Metan, Fòmaldeyid,
● Pyrethrin ou byen nwayo pyrethrenoides ki se eleman prinsipal ki ladan yo
Se tout sibstans sa yo ki rann blakatòks la danjere. Etid yo pwouve ke lè ou respire yon blakatòks ankè se komsi ou te fimen pou piti 51 sigarèt. Pa bezwen di nou anyen ankò.
Kounya annn gade kèk efè li sou sante:
● Pi gwo danje an se ke li miltiplye pa 3 risk pou ou fè kansè poumon pa rapò a yon moun nòmal et risk sa pi gran si ou itilize plis ke 3 blakatòks nan yon semèn
● Moun ki soufri opresyon lafimen an ka deklanche kriz lan lakay li,
● Li ka bay tou gwo pwoblèm poumon tankou bwonchit kwonik (sa nou konn rele bwonch fèb) menmjan ak moun ki fimen anpil yo,
● Gen lòt ti pwoblèm tankou tous, sinizit, san konte reyaksyon alèjik, elatriye.
Pi bon fason poun evite pwoblèm sa yo, se evite sèvi ak blakatòks ni lòt ensektisid yo. Se plis itilize metòd natirèl yo tankou:
● Netwaye kay la, paske marengwen renmen kote ki sal, ki plen rad gaye donk netwaye kay la ak byen ranje rad yo ap diminye kantite marengwen yo
● Pa kite dlo dòmi nan kay la ni sou lakou an
● Pa kite limyè limen nan chanm nan siw pap itilizel
● Ou kapab itilize plant natirèl repilsif tankou: fèy melis, fèy bazilik, fèy thym, fèy jeranyòm, Plant Neptin,
● Oubyen itilize lwil ki fèt a baz sitwonèl, jeranyòm, ekaliptis, oubyen achte balèn epi simen lwil sa yo sou li poul ka tounen balèn antimoustik oubyen itilize rakèt elektrik yo.
Si malgre tout sa nou di la yo, ou toujou anvi itilize blakatòks toujou, itilizel sou lakou lakay ou oubyen nan yon chanm ki trè ayere. Men toujou sonje ak ki danje ou ekspoze tèt ou ak fanmiw.
N.B: PM10 ak PM 2,5 se de seri de patikil tou piti (yo mezire mikromèt) ki nan lè an ki pral depoze anndan poumoun an e ki ka koze enflamasyon ak anpil lòt gwo dega sou poumon an.
Doc_Megg
Sous:
1) Liu W. Zhang J. , Hashim JH, Jaludi J, Hashim Z, Goldstein BD. Mosquito cool emission and health implications. Environ health perspect. 2003 sep; 111(12):1454-60.
ou konn santi sentòm sa yo? ou konn retew paka respire byen? ou pa ta renmen gen avi yon medsen?ou ta renmen benefisye yon konsiltasyon pou konn siw fè maladi s*k ou pa avanl twò ta? rele Dr Gandhi Gedner nan+509 42 33 8125
siw gen whatsapp klike sou lyen sa:
https://wa.me/+50942338125
wap antre an kontak dirèk avèl