Raquette Event

Raquette Event La page Raquette Event est une plateforme essentielle pour faire connaître ce lieu unique à Jacmel

Eske tet minis lan dwat m ta renmen konen eske dirije vle di fwaye Lekol la pap ouvri an 7 septanm
20/08/2026

Eske tet minis lan dwat m ta renmen konen eske dirije vle di fwaye
Lekol la pap ouvri an 7 septanm

Anpil moun ap chèche konnen ki sa nimewo 37 la reprezante, sitou paske se nimewo pati politik KONA asosye ak idantite li...
19/08/2026

Anpil moun ap chèche konnen ki sa nimewo 37 la reprezante, sitou paske se nimewo pati politik KONA asosye ak idantite li. Se pou sa Raquette Event pote ti esplikasyon sa a pou ede moun yo konprann siyifikasyon nimewo sa a sou plan materyèl, politik ak ezoterik.

Sou plan materyèl ak pratik, 37 se yon nimewo ki ka sèvi kòm yon siy idantifikasyon. Lè yon pati politik asosye tèt li ak yon nimewo, nimewo sa a ka vin yon zouti pou moun rekonèt pati a sou bilten vòt, nan kanpay ak nan kominikasyon politik. Men, siyifikasyon egzak 37 pou KONA depann de eksplikasyon ofisyèl pati a.

Nan numeroloji , 3 souvan asosye ak ekspresyon, kominikasyon ak kreyativite. 7 asosye ak rechèch, refleksyon, entwisyon ak dimansyon espirityèl. Lè yo mete 3 ak 7 ansanm, 37 vin gen yon senbolis ki asosye ak rechèch enteryè, konesans ak yon chemen pou avanse. 3 + 7 = 10, epi 1 + 0 = 1, ki nan numeroloji souvan asosye ak inisyativ, endepandans ak nouvo kòmansman.

Se poutèt sa 37 la kapab gade sou plizyè nivo: kòm yon nimewo idantifikasyon nan lavi politik, kòm yon senbòl òganizasyonèl, epi kòm yon nimewo ki gen entèpretasyon ezoterik nan numeroloji.

Sepandan, san yon deklarasyon ofisyèl KONA ki eksplike rezon egzak chwa nimewo 37 la, nou pa kapab di kòm yon reyalite ke pati a chwazi nimewo sa a pou rezon ezoterik oswa numerolojik.

Siyifikasyon egzak la depann de eksplikasyon ofisyèl KONA bay.

Urgence à l’hôpital Saint-Michel de JacmelDes informations préoccupantes circulent sur le fonctionnement des urgences de...
19/08/2026

Urgence à l’hôpital Saint-Michel de Jacmel

Des informations préoccupantes circulent sur le fonctionnement des urgences de l’hôpital Saint-Michel de Jacmel pendant la nuit. Selon des témoignages, des stagiaires seraient parfois amenés à assurer la prise en charge des patients en l’absence de médecins et d’infirmiers qualifiés.

Si cette situation est confirmée, elle doit être prise au sérieux. Les urgences nécessitent la présence de professionnels compétents et un encadrement adapté. La vie et la santé des patients sont trop importantes pour laisser une telle situation sans vérification.

Nous lançons donc un appel aux autorités sanitaires et à la direction de l’hôpital Saint-Michel afin qu’elles se penchent rapidement sur ce dossier et prennent les mesures nécessaires.

Nous demandons une mobilisation pour garantir aux habitants de Jacmel une prise en charge sûre et professionnelle, de jour comme de nuit.

Finalement si yo pa trete kesyon tè sa nan depatman pita ap pi tris
19/08/2026

Finalement si yo pa trete kesyon tè sa nan depatman pita ap pi tris

Eske vil Jakmèl pa gen ase  otorite pou l aji devan sitiyasyon lekòl yo?Jodi a, anpil etablisman lekòl ap ogmante frè yo...
18/08/2026

Eske vil Jakmèl pa gen ase otorite pou l aji devan sitiyasyon lekòl yo?

Jodi a, anpil etablisman lekòl ap ogmante frè yo jan yo vle, pandan paran yo ap fè fas ak enflasyon, chomaj ak difikilte ekonomik.

Menm Leta pa rive satisfè anplwaye li yo. Avèk nivo enflasyon an, salè anpil travayè pa pèmèt yo fè fas ak depans lavi chak jou. Lajan lekòl kèk etablisman ap mande yo depase kapasite anpil fanmi.

Se poutèt sa, nou mande otorite nan vil Jakmèl yo pou yo pran responsabilite yo. Fòk yo envite responsab tout lekòl yo nan yon reyinyon pou diskite sou ogmantasyon frè lekòl yo ak sitiyasyon ekonomik paran yo.

Nou gen lekòl prive, lekòl misyon legliz ak lòt etablisman edikatif. Chak lekòl pa kapab fikse frè yo san konsiderasyon pou kapasite ekonomik fanmi yo ak reyalite peyi a.

Nou mande otorite yo ak tout Fne pou yo chèche yon mekanis ki ka pwoteje paran yo epi garanti timoun yo jwenn aksè ak edikasyon.

Edikasyon se yon sèvis ki gen gwo enpòtans pou sosyete a. Se poutèt sa, Leta ak otorite lokal yo dwe jwe wòl yo pou asire gen dyalòg, transparans ak respè pou paran yo.

Jakmèl bezwen yon solisyon ki ka pèmèt timoun yo ale lekòl san frè lekòl yo pa vin yon baryè pou fanmi yo.

Lèt ouvè pou  Premye Minis Didier Alix Fils-Aimé ak Minis Edikasyon an Sijè: Demann ijan pou soulaje paran yo devan gwo ...
18/08/2026

Lèt ouvè pou Premye Minis Didier Alix Fils-Aimé ak Minis Edikasyon an

Sijè: Demann ijan pou soulaje paran yo devan gwo depans lekòl yo

Mesye Premye Minis,
Mesye Minis,

Nou ekri nou kòm paran ak sitwayen ki rive nan yon pwen kote nou pa kapab ankò.

Lekòl yo poko fè de mwa depi yo fèmen, deja gen paran k’ap sibi presyon pou peye gwo kantite lajan pou antre lekòl davans. Frè lekòl yo ap ogmante chak ane, pandan revni anpil fanmi pa chanje.

Gen ti lekòl ki te konn koute anviwon 5 000 goud e ki rive nan 40 000 oswa 50 000 goud. Pou anpil fanmi, sa vin prèske enposib pou peye, sitou lè yo gen plizyè timoun.

Nou mande Leta pou l pran responsablite li. Si Leta ap kolekte lajan nan men popilasyon an pou finanse edikasyon, tankou kontribisyon FNE a, paran yo gen dwa mande ki jan lajan sa yo itilize e ki rezilta yo bay. Nou mande plis transparans sou itilizasyon fon sa yo.

Pandan pri lavi a ap monte, anpil moun k’ap travay nan sektè piblik la pa wè revni yo suiv menm ritm ak depans fanmi yo e mande kilè leta ap ogmantè lajan yo . Paran yo bezwen èd konkrè, paske edikasyon timoun yo pa dwe tounen yon chay ki depase kapasite fanmi yo.

Nou mande gouvènman an pran mezi rapid pou pwochen ane lekòl la:

1. Mete yon mekanis pou kontwole ogmantasyon frè lekòl yo.
2. Ankouraje lekòl yo pa egzije gwo peman davans ki depase kapasite paran yo.
3. Bay fanmi ki pi vilnerab yo yon sipò finansye pou antre lekòl.
4. Fè yon bilan piblik sou itilizasyon lajan FNE yo.
5. Mete an plas yon plan pou diminye depans edikasyon pou fanmi ayisyen yo.

Mesye Premye Minis, nou mande Leta pou li aji prese. Paran yo bouke. Yo vle voye pitit yo lekòl, men yo bezwen mwayen pou yo fè sa.

Nou mande pou Leta fè tout sa li kapab pou mete kondisyon yo an plas pou lekòl la ka reprann nan mwa Oktòb san paran yo pa antre nan yon nouvo sezon lekòl anba gwo presyon finansye.

Gen plizyè pa ran ki komanse touye pitit yo epi pann tète yo
Mesye ki nan leta eske Nou gen kè Imen

Nou espere gouvènman an tande vwa paran yo epi pote repons konkrè.

Avèk respè,

Ingénieure André Dupuy

Nou wè konbyen moun ki pwal mouri nan zafè lekol 7 septanm sa Dram dèyè fò nan vil okay:fabienne ki se non manman ti ado...
18/08/2026

Nou wè konbyen moun ki pwal mouri nan zafè lekol 7 septanm sa

Dram dèyè fò nan vil okay:fabienne ki se non manman ti adolesant wap gade la retire lavi pitit la ak kout kouto nan environ 8è yè swa selon enfomasyon nou rekeyi se ta depresyon stres lekòl pral reouvri li poko gen frè antre lekol la poul bay poul asire ane lekol timoun nan se sa kita lakoz li retire lavi ti moun lan poukounya manman lopital li tap tante retire lavi pa li tou Nb timoun nan ta pral fè 5èm ane fondamantal

17/08/2026

Gen yon fatra yo mete bò Max Power ki pat janm kon la avan moun jakmel stop ak politik sa Mairie de Jacmel

17/08/2026
Ki kote la ye nan jakmel
16/08/2026

Ki kote la ye nan jakmel

Adresse

Bloc Raquette
Jacmel
HT9111

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Raquette Event publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager