12/03/2024
Politichen Ayisyen depi kèk tan itilize gang pou ranfòse ak chita pouvwa yo. Avan se te lame ki te konn bwa dèyè bannan n pouvwa e ki konn pafwa pi gwo lènmi l tou.
Lè yo kòmanse wè lame kòm yon menas yo kraze sa a. Jounen jodia gwoup gang yo oganize yo pi byen pou fè e defè sou sèn politik lan, yo itilize vyolans ak destabilizasyon politik pou peze kou pèp la.
Ann rèt kwè ke aktè politik aktyèl yo pap kite grangou lajan ak pouvwa minimize menas gang yo e pran sèl desizyon ki posib lan ki se: Demantle gang yo e sitou fe jistis ak milye moun ki pedi lavi yo pandan peryod boulvès peyi a ap konnen an.
Etap sa a , kise fè jistis, se premye etap pou pèmèt retabli lòd ak sekirite nan peyi a.