19/06/2026
⚽🇭🇹 Sébastien Migné : « Tout kòmantè sou sistèm nan se kòmantè ki ba nivo »
Nan yon deklarasyon ki pa pase inapèsi, seleksyonè ekip nasyonal Ayiti a, Sébastien Migné, te reyaji sou divès kritik ki ap fèt sou sistèm seleksyon nasyona la.
🗣️ « Tout kòmantè sou sistèm nan se kòmantè ki ba nivo. Nou rete konsantre sou sa nou konn fè ak objektif nou genyen. Apre sa, n ap kite tout fanatik yo fè kòmantè. »
Ak pawòl sa yo, teknisyen fransè a montre li pa vle antre nan polemik sou chwa taktik li yo. Pou li, sa ki pi enpòtan se travay ekip la ap fè sou teren an ak objektif li fikse pou mennen Grenadye yo pi lwen nan konpetisyon an.
Deklarasyon an deja ap fè anpil pale sou rezo sosyal yo, kote kèk fanatik dakò ak pozisyon an, pandan lòt yo estime kritik yo fè pati lavi yon ekip nasyonal.
Yon bagay ki sèten, Sébastien Migné rete konsantre sou rezilta yo ak sou avni ekip Ayiti a.
Kesyon pou nou " Ak ki fomasyon ou tap jwe fas Brezil siw t seleksyonè ekip la ? "
✍️ Blog'Fans Actu
📰 Enfòmasyon, analiz ak pasyon pou espò a.