La Visite Magazine

La Visite Magazine Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de La Visite Magazine, fadecolavisite@gmail. com, Marigot.

Nou jwenn kat sa nan valiz yon gang kite vini pou touye moun Segen, nan dat Lendi 20 avril 2026 la. Daprè tout enfòmasyo...
19/05/2026

Nou jwenn kat sa nan valiz yon gang kite vini pou touye moun Segen, nan dat Lendi 20 avril 2026 la.

Daprè tout enfòmasyon ki disponib, baz gang teworis ki do jèlin an, gen anpil moun Jeremi ladan l aktyèlman.

Alòske direktè depatmantal Travo piblik Sidès lan se moun Jeremi, poukisa wout Segen-Kajak lan pa ka amenaje pou peyizan yo rale yon souf, ak yon bon operasyon polisyè ?

Ki pwoblèm moun Segen ta kapab genyen ak moun Jeremi ???

Nan atak bandi yo fè soumòn   16 me 2026 la , nou aprann teworis yo te pran 6 moun,  yo touye 5 ladan l yo zòn jèlin, e ...
17/05/2026

Nan atak bandi yo fè soumòn 16 me 2026 la , nou aprann teworis yo te pran 6 moun, yo touye 5 ladan l yo zòn jèlin, e genyen youn kita chape nan men yo. Pami moun sa yo, gen yon papa ak Manman ki gen 3 pitit ladan l yo. Gen yon moun yo te deja touye sou plas e boule l. Nan atak lan, gen 6 moun ki pèdi lavi yo.

N ap souliye tout atak sa yo ap kontinye akòz pa gen okenn kontwòl sou tèt kajak, pandan anpil moun ap jwe anba, anba pou wout Kajak lan pa amenaje...men bandi yo pa sispann mache pran moun nan tout rejyon lavizit lan.

Si zak kriminèl sa yo pa frennen, ki garanti nou kapab genyen pou rès sidès lan ????

16/05/2026

Maten Samdi 16 me 2026 la: bandi teworis viv ansanm yo nan fè gwo operasyon ramase bèt peyizan yo nan zòn soumòn, yo kenbe plizyè moun nou pa konnen si y ap libere yo, yo deja boule Kay Rémy nan lokalite platon bèl ki nan seksyon kominal Bèdoranj, komin Bèlans.

Aprè  plizyè sitwayen te ekri direktè depatmantal Travo piblik Sidès lan sou telefòn watsap li pou mande fòk wout rejyon...
16/05/2026

Aprè plizyè sitwayen te ekri direktè depatmantal Travo piblik Sidès lan sou telefòn watsap li pou mande fòk wout rejyon lavizit yo amelyore pou fasilite operasyon lapolis yo, li pwomèt tout moun ki ekri l yo Madi 19 me 2026 lan, ti bouldozè a ki sou wout Fonjanwèl la pra l kòmanse travay lan.

Tout fwa, direktè a mande pou n ta ede l nan mobilizasyon pou l kapab pran materyèl ki Thiotte yo, paske moun yo pa vle li deplase ak materyèl yo....n ap pwofite tou di direktè a, selon sa Wilner Content responsab nan pati lavalas Sidès fè konnen sou yon gwoup watsap, Rémy Sanozier kise yon moun ki achte pyès pou materyèl yo kapab ranje ak kòb li dakò pou Travo piblik Sidès ale pran materyèl Thiotte. Denyè volonte a, se direktè depatmantal Travo piblik Sidès lan ki pou aji.

Retounen lakay ap pi bon pou moun rejyon lavizit.

16/05/2026
15/05/2026

Deklarasyon Filéas Bellevue nan kad inisyativ: Madi laprès Peyizan Rejyon Lavizit, 12 me 2026 lan.

15/05/2026
Madi 12 me 2026Edikasyon: yon delegasyon sitwayen rejyon lavizit ( Segen, Makari...)  rankontre ak Direktè depatmantal e...
12/05/2026

Madi 12 me 2026

Edikasyon: yon delegasyon sitwayen rejyon lavizit ( Segen, Makari...) rankontre ak Direktè depatmantal edikasyon sidès la.

Depi nan lanwit 29 Janvye pou rive jiska 10 me 2026, gwoup teworis Viv Ansanm yo pa sispann atake popilasyon rejyon lavizit lan, jiskaske yo rive paralize lekòl sou tout rejyon an. Rankont sa fèt nan objektif, pou timoun yo pa pèdi ane lekòl la. Delegasyon Segen an akonpaye ak òganizasyon byen èt kolektif te diskite ak Direktè depatmantal edikasyon an Mesye Mascary Levêque pou n konnen kilè lekòl ap relouvri nan rejyon lavizit.

Selon Direktè depatmantal levasyon an ak lòt kad direksyon an ki prezan, li fè konnen te gen dezisyon ki pran pou fè enspektè zòn yo fè yon evalyasyon pou tout lekòl ki afekte pa kriz la, epi bay rekòmandasyon pou tout lekòl nasyonal depatman sidès sitou nan komin : Bèlans, Marigo, Kay -jakmèl, Jakmèl kapab resevwa timoun yo san difikilte. Yon dezisyon malerezman, popilasyon an pat jwenn okenn nòt enfisyèl pou sansibilize paran timoun yo, e pou montre tout mezi yo kapab pran si lekòl pa vle resevwa timoun sa yo. Kanta pou timoun ki prale nan nevyèm Ane fondamantal yo, youn nan manm delegasyon an pwopoze lide pou gen kou ki bay sou fòm seminè pou ede konble vid yo, men se yon pwopozisyon ke direksyon an pa enmezi pou bay yon repons klè sousa.

Yon lòt bò, delegasyon klè sousa li egzije pou direksyon depatmantal edikasyon sidès sòti yon nòt ki dwe pibliye nan laprès pou enfòme tout paran deplase yo pou yo kapab ale nan nenpòt lekòl nasyonal ki nan depatman Sidès lan pou kontinye ane lekòl la, e anplis direksyon an dwe enfòme direksyon jeneral ministè edikasyon nasyonal, nesesite pou lekòl nasyonal nan depatman lwès yo ta kapab akeyi timoun ki sòti nan rejyon lavizit yo ( wo Makari, Segen, wo Bèdoranj ak wo Mabriyòl) lan.

Pou fini, kanta pou paran yo ki pa deplase avèk timoun yo nan rejyon an, direksyon an sijgere pou lekòl ta kapab relouvri se yon konsètasyon lajman laj ant plizyè aktè tankou: Lapolis, Pwoteksyon sivil, lame, BSAP, lameri e tout lòt aktè yo nan sosyete sivil la pou gade fezabililte a, paske selon responsab yo nan direksyon depatmantal edikasyon an, lekòl yo fèmen pou koz ensekirite san yon otorizasyon klè bò kote enstans ki la pou jere koz sekirite piblik yo l ap difisil direksyon depatmantal edikasyon sidès pran yon desizyon pou retounen lekòl timoun ki rete nan rejyon lavizit yo. Tout fwa Delegasyon an klè sousa, tout tantiv fèmen lekòl nan kominote a se siy ki montre zòn nan livre, donk nou vle lekòl relouvri nan kominote a rejyon lavizit ( wo Makari, Segen, wo Bèdoranj, wo Mabriyòl), san pèdi tan.

Nan lokalite tizèbfin ak nan sanba, toujou son seksyon kominal Bèdoranj bandi yo pa sispann rann peyizan yo lavi enposib...
11/05/2026

Nan lokalite tizèbfin ak nan sanba, toujou son seksyon kominal Bèdoranj bandi yo pa sispann rann peyizan yo lavi enposib. Jodia Dimanch 10 me 2026 la bandi yo antre nan plizyè kay fouye yo pou pran sa moun genyen, yo volè bèt.....

N ap kontinye mande direksyon depatmantal Travo piblik Sidès lan, repare twonson wout Segen-Kajak pou bay lapolis aksè....fòk lapolis jwenn wout pou bloke tantiv bandi sa yo ki vle detwi tout ti ekonomi peyizan yo, epi mete gwo menas ensekirite sou tout depatman Sidès lan.

Adresse

Fadecolavisite@gmail. Com
Marigot

Téléphone

+50946385941

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque La Visite Magazine publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager