Nippes a l'Honneur

Nippes a l'Honneur Nou kreye paj sa pou ankouraje tout moun k ap fè yon bon travay sou rezo sosyal yo, espesyalman nan depatman NIP peyi a.

M tèlman ri lè m tande oubyen lè m wè yon moun ap fè diskisyon de PHTK ak LAVALAS, swa li di PHTK fè peyi a plis mal ke ...
19/10/2025

M tèlman ri lè m tande oubyen lè m wè yon moun ap fè diskisyon de PHTK ak LAVALAS, swa li di PHTK fè peyi a plis mal ke LAVALAS konsènan de banditism, oubyen LAVALAS fè peyi a plis mal ke PHTK...

Pou m klè ak tèt mwen, si w vle konnen reyèlman konbyen kò oubyen gwoup gang ki genyen ayiti, ou ka senpleman reyini tout pati politik ayiti yo mande yo konbyen yo chak genyen...
Peyi d'HAYTI twouve l nan yon enpas, kote tout koupab ap chèche blanchi tèt yo epi eseye lage fado pa yo a sou do yon lòt ki deja gen menm fado avè l, koz tout koupab.

Se klè sou 10 dènye ane ki sot pase la yo PHTK fini ak ti rès la, men ann serye nan sitasyon HAYTI ye la, se pa yon sèl otè ki komèt krim nan. Ni OPL, ni pitit desalin, ni boukliye, ni SDP, ni LAVALAS, ni PHTK... yo tout gen pyon pa yo, yo chak jwe wòl pa yo nan met peyi a nan nivo sa.

Pou dènye moman sa yo se yon kesyon kote, PHTK ap di se LAVALAS ki fini ak peyi nan nivo sa. Ok si nou klè ke se LAVALAS vrèman, pou kisa pandan 10 an nou te fè ap domine a nou pa t janm entante okenn aksyon an jistis dèyè yon grenn politisyen pou pi piti ladan yo tout, pou yo te vin esplike nou. Sou administrasyon nou an, te gen Anel Joseph, Ti je, Bongòy... Se sou administrasyon nou yo, peyi a konn majorite pi gwo zak banditism yo, anpil teritwa pèdi. Peyi a divize an 2 gwo pati, kote pòtoprens se yon nan ra fwontyè ki plis enpratikab nan lemond.

LAVALAS bò kote pal ap di se PHTK ki vini ak kesyon bandi legal...
Menm lavalas sa a ki te kreye lame timanchét, lame wouj, balewouze, kanibal, dòmi nan bwa, ramikòs. Ki te kreye Labanierre, Amiaud Meteyer, Une b***e a la tête, 12, Ronald Cadave, Amaral Diclona.

Donk Ni lavalas, ni PHTK , AAA, Fuzion, OpL , SDP, Matris, UNI, Tout se menm. Yo tout konplis nan eta HAYTI devni jodi a.

Nippes a l'Honneur

Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) fè konnen Dwàn Miragwàn reyalize yon ogmantasyon enpòtan nan resèt li yo, soti 29 mily...
19/10/2025

Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) fè konnen Dwàn Miragwàn reyalize yon ogmantasyon enpòtan nan resèt li yo, soti 29 milyon pou rive prèske 150 milyon goud nan 6 dènye mwa yo. Sa reprezante yon randman ki ta dwe fyète pou tout Miragwanè, malgre presyon ak mezi sevè ki egzèse sou komèsan yo.

Daprè analiz kontab ak espesyalis fiskal yo, pou yon sosyete devlope, li enpòtan pou popilasyon an kontribye ekonomikman atravè aktivite ki bay resous nesesè pou sèvis piblik.

Nan sousi pou revandike kontribisyon Miragwàn nan asyèt leta, Jenès Miragwàn Konekte (JMK) ansanm ak Jenès Tirivyè Konekte mete tèt yo ansanm pou elaji revandikasyon pèp la:

1. Demisyon imedya epi arestasyon Katèl Majistra Miragwàn ak Tirivyè, poutèt move jesyon ak pratik koripsyon.

2. Elektrifikasyon pou Awondisman Miragwàn lan an jeneral.

3. Rekonstriksyon twonson wout Bèken – Chalon, ki se yon aks vital pou zòn nan.

JMK raple ke resous Dwàn Miragwàn pwodwi yo dwe tounen nan fòm sèvis dirèk pou benefis popilasyon NIP la.

N.B: Katèl Meri Miragwàn deja sou wout tonbe. JMK ap kontinye ak demach pou mete lajistis sou dosye 3 manm katèl sa yo ansanm ak madanm ki te enplike nan kolekte lajan ilegal nan baryè APN san resi legal ni dokiman jistifikatif la.

Semèn sa mobilizasyon yo ap kontinye ak plis fòs pou fè tout revandikasyon sa yo tounen reyalite.

Biwo Kominikasyon Jenès Miragwàn Konekte

✍🏾 Jenès Miragwàn Konekte

24/12/2023

Joyeux Noël et bonne année se yon koutim ki prèske ale

Anpil ayisyen ap tann ou kòm yon sovè, ui ou dwe lib pou w vin peyi w paske w sòti nan zantray Hayti. Sepandan, san n pa...
09/09/2023

Anpil ayisyen ap tann ou kòm yon sovè, ui ou dwe lib pou w vin peyi w paske w sòti nan zantray Hayti. Sepandan, san n pa bliye se menm moun se yo ki te arete w la, kite mete w kraze brize pou yo 2003-2004. Environ 20 ane aprè, men kote nou ye, banditism pi byen òganize ke PNH. Lame a la pou sèlman lè pouvwa oubyen biznis gwo mesye yo an danje. Ou toujou Ayisyen men ou te fè peyi a anpil mal nan tan pase yo, menmjan ak gouvènman sa ki sou pouvwa k ap sakrifye pèp la. Depi aprè bwa kitanago a, m remake pèp Ayisyen nan pwofon somèy. Adye Bondye, nou ran peyi a envivab pou ansyen blan kolon yo. Yon jou pèp la gen pou l kanpe ankò, fwa sa lemonn antye ap kontan ✍🏿

Konstriksyon sa te resi tèmine oubyen kòb kite disponib pou reyalizel la pat debloke ?Achiv yo la, nou gran timoun.
06/06/2023

Konstriksyon sa te resi tèmine oubyen kòb kite disponib pou reyalizel la pat debloke ?

Achiv yo la, nou gran timoun.

Ou pat bezwen yon senpatizan Jovenel pouw kòmanse santiw kontan.Jovenel te yon prezidan an fonkson, lanmò prezidan Joven...
03/06/2023

Ou pat bezwen yon senpatizan Jovenel pouw kòmanse santiw kontan.

Jovenel te yon prezidan an fonkson, lanmò prezidan Jovenel ta dwe fè tout ayisyen ap reklame jistis pou li tout kote. Pa paske li te yon bon oubyen yon moun ou te renmen, men paske se te yon prezidan eli epi ki te toujou an fonksyon. Menmlè ou pat renmen, se yon wont pou tout ayisyen ki gen konsyans.

Nap tann suit la, pa bliye abòne siw poko fè sa, kòmantèw ap trè enpòtan, like epi pataje pou plis ayisyen konsekan tankouw wè post la 🙏🏿

Yon lòt fwa ankò popilasyon nan depatman NIPPES, montre ke yo renmen e yo bay travay CG MUSCADIN an anpil valè ak respè....
02/06/2023

Yon lòt fwa ankò popilasyon nan depatman NIPPES, montre ke yo renmen e yo bay travay CG MUSCADIN an anpil valè ak respè.

Si se pat CG MUSCADIN ki te nan jiridiksyon miragwàn, depatman NIPPES lan pa tap gen diferans ak vilaj de dye, matisan... E anplis tout gransid la tap nan menm sitiyasyon an, paske dapatman NIPPES, pi presizeman komin miragwàn se yon zòn stratejik li ye pou rès gransid la. Se la pou tout moun kap antre nan gransid la pase, espesyalman depatman SID, GRANDANS ak yon bon pati nan SIDÈS la.

Commissaire JEAN Ernest Muscadin bon travay, siw pat nan depatman NIPPES lan, nou pa konn sa nou tap fè. E jouw kite jiridiksyon miragwàn nou poko konnen kòman sa va ye.

Mèsi pou loyauté w CG MUSCADIN 🙏🏿

Patajel pou plis ayisyen ka wèl, pa bliye tag CG MUSCADIN anba post la.

Pataje, kòmante, like 🙏🏿

Jovenel te twò di, Jovenel te twò peng... Gade bouch avoka pèp la, kap defann pèp la nan gouvènman Ariel la mesye 😏 nap ...
26/05/2023

Jovenel te twò di, Jovenel te twò peng...

Gade bouch avoka pèp la, kap defann pèp la nan gouvènman Ariel la mesye 😏 nap kite sòt, si Jojo pa ale nap mouri kounya pa gen yon grenn ayisyen kap mal viv 🤔

24/05/2023

Aprè Jèn gason an fin sakrifye tèt li okap la, mwen pèswade ke HAYTI pap rete konsa 💪🏽🇭🇹

Mtèlman ri lèm tande oubyen lèm wè yon moun ap fè diskisyon de PHTK ak LAVALAS, swa li di PHTK fè peyi a plis mal ke LAV...
21/05/2023

Mtèlman ri lèm tande oubyen lèm wè yon moun ap fè diskisyon de PHTK ak LAVALAS, swa li di PHTK fè peyi a plis mal ke LAVALAS konsènan de banditism, oubyen LAVALAS fè peyi a plis mal ke PHTK...

Poum klè ak tèt mwen, siw vle konnen reyèlman konbyen kò oubyen gwoup gang ki genyen ayiti, ou ka senpleman reyini tout pati politik ayiti yo mande yo konbyen yo chak genyen...
Peyi d'HAYTI twouvel nan yon enpas, kote tout koupab ap chèche blanchi tèt yo epi eseye lage fado pa yo a sou do yon lòt ki deja gen menm fado avèl, koz tout koupab.
Se klè sou 10 dènye ane ki sot pase la yo PHTK fini ak ti rès la, men ann serye nan sitasyon HAYTI ye la, se pa yon sèl otè ki komèt krim nan. Ni OPL, ni pitit desalin, ni boukliye, ni SDP, ni LAVALAS, ni PHTK... yo tout gen pyon pa yo, yo chak jwe wòl pa yo nan met peyi a nan nivo sa.

Pou dènye moman sa yo se yon kesyon kote, PHTK ap di se LAVALAS ki fini ak peyi nan nivo sa. Ok si nou klè ke se LAVALAS vrèman, pou kisa pandan 10 an nou te fè ap domine a nou pat janm lanse menm yon apèl dèyè yon grenn pou pi piti ladan yo, pou yo te vin esplike nou.
LAVALAS bò kote pal ap di se PHTK ki vini ak kesyon bandi legal, Roland Beaubrun ki lavalas zanmi? Sepa sa ki te kreye lame timanchét, lame wouj, balewouze, kanibal, dóminan bwa, ramikós? Kite kreye Labanierre, Amiaud Meteyer, Une b***e a la tête, 12, Ronald Cadave, Amaral Diclona?

Donk Ni lavalas, ni PHTK , AAA, Fuzion, OpL , SDP, Matris, UNI, Tout se menm. Yo tout konplis nan eta HAYTI devni jodi a.

“Sonje pouw swiv paj Nippes a l'Honneur epi pataje, mèsi”

3 Kout Kanno Pou Verite
Ing Moreno Jn Baptiste
Wilky Toussaint

21/05/2023

Menmsi w wè mond lan ap vin pi di, mvin raplew sa Bondye te diw la lap fèl 🙏🏿

Adresse

Miragoâne

Téléphone

+50948679963

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Nippes a l'Honneur publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager