07/05/2022
"10 mois depuis les yeux de la justice haïtienne sont bandés ; 10 mois depuis qu'ils sont aveuglés , perdu dans le désert ; les animaux féroces s'engueulent contre eux, pour leurs dévorer."
Nan dat 6&7 jiyè, sa fè 10 mwa depi oligat kowonpi yo ,asasinen karaktè pèp la , rèv pèp la, maspinen pèp la , pete 2 zyel, kase 2 bra pèp la, pou lagel de bwa balanse, yo vinn lage pèp la nan yon veritab tenèb , akòz yo vinn tounen zombi , zye yo , bra yo ak pye yo kase y'ap mache yo pawè kote y'ap met pye yo.
Yo delala , akabre, de troub insekirite, chomaj ak lavi k'ap ogmante de tanzantan, yo nan fènwa ,yo bouke de sitiyasyon yap viv kote pa gen pyès dirijan ki Di Yon mo pou yo pou ede soti nan kalamite yap travèse yo.
10 mwa depi lidè politik ki tap mete yo nan konfli , mete yo devan pou yo rele aba kont yo , tout sa yo te vle ,pou yon lavi miyò men hélas!!!
Nan fè yo révolte kont yo, yo vinn trouve yo nan Yon dezè se sèlman bèt feròs yo kap dirije,ki te fè konplo maspinen sel grenn a ;poukisa???
Paske interè yo te menase yo tap goumen pou kòz pèsonel yo. Pandan yo , yo te fè pep la kwè pou Yon chanjman yo tap batay men domaj!!!
Rèv nou , diyite nou, fyète nou vinn pase anba pye fènn bliye kiyes nou , pa ki chimen nou te pase poun te rive la , fènn bliye koulè ponn senbol fyete nou , fènn trayi zanset nou yo ki rive fenn rive la dlo nan zye , desepwa , problèm lavi fènn bliye si nou te Moun.
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=335140328703972&id=100066240236867&sfnsn=mo
Prezidan ,ke nanm ou tounen chandel poun goumen pouw jwenn jistis ;ke nanm ou tounen chandel pou kontinye klere zye nou; ke nanm ou tounen chandel pou klere lespri nou,poun kontinye batay la pou lespwa blayi sou vizaj nou; e poun demaskenn de zannimo feròs sa yo...