13/11/2021
Konsekans maladi s*k gen sou vi nou, pataje pataje pataje pou plis ayisyen jwenn konesans
Kò moun toujou renmen kenbe ekilib nan tout bagay. Mesye lasyans yo rele sa omeyostazi (homéostasie). Pa egzanp, lè yon moun manje, kò a fè tout sak posib pou l ka kenbe kantite s*k ke moun sa a ap bezwen nan yon nivo ki pa twò wo. Depi l pa kapab ranpli fonksyon sa a kòm sa dwa, s*k moun sa pral monte disèt wotè. Kidonk, moun sa pral fè s*k. Kisa ki maladi s*k la? Ki enpak li genyen sou vi moun ki fè l yo? Kòman mou kapab evtite devlope maladi sila a? Se kesyon sa nou pral reponn pi douvan.
Avan nou al pi lwen si nou anvi konn ki nivo s*k nou ye nan san nou e benefisye de konsiltasyon gratis rantre nan lien sa:
https://wa.me/message/AMZ44Q3F6DKPA1
Kisa ki maladi s*k la?
Gen yon ògán nan vant tout moun ke yo rele pankreya ki pwodui yon sibstans (òmón) ki pote non ensilin. Lè w manje, se sibstans sila a ki vide nan san w, pou anpeche s*k ou monte twò wo. Gen de kategori maladi s*k.
1) Premye kategori: Lè pankreya pa pwodui ase ensilin (oubyen pa pwodui ditou). Se sa yo rele dyabèt tip 1 an.
2) Dezyèm kategori: se lè pankreya a pwodui ensilin lan men kò an pa kapab itilize li.
De sitiyasyon sa yo fè s*k la monte disèt wotè. Lè sa a, aprè anpil tès ke medsen an va reyalize, lap deklare ke moun lan fè s*k.
Aktyèlman, gen plis ke 422 milyon moun ki ap viv ak maladi a nan mond lan. E li rive touye 1,6 milyon moun chak ane. Pandan 34 lane (1980-2014), kantite moun ki devlope maladi gran de prèske 400 % (108 milyon a 422 milyon). E se nan peyi ki pi pòv yo ke li banbile plis. An 2016, prevalans maladi a te nan nivo 6,9 % nan peyi Dayiti. E se plis fanm yo ki te genyen li.
Enpak maladi s*k la
Maladi a gen anpil enpak ekonomik sou moun ki fè l yo ak sou fanmi l. Paske moun sila yo konn arive atenn s*kolojikman (sitou si yo arive pèdi yon pati nan kò yo, sa ki ka fè yo pèdi fonksyon yo te konn ranpli nan fanmi yo oubyen sipò yo jwenn nan fanmi an twò piti). Li se yon pwa lou tou sou sistèm sante ak ekonomi peyi yo. Paske moun yo konn arive pèdi travay yo epitou pran swen yon moun ki fè s*k, sa koute anpil.
Kòman maladi a manifeste
Maladi s*k se yon maladi ki ka arive touye w san l pa fè bri. Dayè, anpil fwa se paraza yo konn arive dekouvri l lakay yon moun. Si l ap fè brui, moun lan ap just santi kèk siy ak sentom tankou:
● Pèdi pwa, manje anpil, bwè dlo anpil, p**i anpil, tèt vire, feblès, e moun lan ka menm rive tonbe nan koma.
● Anpil fwa, se konplikasyon yo ki konn fè moun lan konnen ke li fè s*k. Lèkonsa, li konnem gentan twò ta.
Ki konplikasyon maladi an
Si moun lan pat janm konnen ke l fè s*k oubyen li konnen sa men li pa janm pran oubyen mal pran medikaman, li ka arive devlope youn oubyen plizyè konplikasyon tankou:
● Maladi je (moun lan ka vin avèg pe a pe)
● Maladi ren (ren moun lan ka rive nan bout li pa ka travay ankò. Moun lan ka menm bezwen ranplase ren)
● Maladi kè (li ka fè moun lan fè kriz kadyak)
● Stwòk
● Maleng nan kò (sa ki konn fè moun lan arive pèdi yon pati nan kò l)
● Eksetera
Ki prevansyon yon moun ka fè pou sa
Nap remake ke m pa janm pale de atrape maladi s*k, men m pale devlope maladi s*k. Paske se pa yon maladi ki devlope rapid vit. Men li pran tan pou l arive manifeste. Sa vle di ke maladi a pa gen yon sèl koz, men se yon ansanm faktè ki mele ansanm e ka fè l devlope sou ou.
Pifò nan faktè sa yo, moun kapab aji sou yo pou: swa anpeche l fè s*k, oubyen anpeche l devlope konplikasyon yo. Se sa yo rele fè prevansyon kont maladi s*k la. Men kèk prevansyon ou ka fè :
● Pèdi pwa (plis ou pèdi pwa, mwens ou gen posibilite pou w ta fè s*k)
● Fè egzèsis (plis ou fè egzèsis, plis ou pèdi pwa, plis ensilin lan ka Fè travay li pi byen)
● Jere tansyon (si moun lan fè tansyon, li dwe fè tout sa l kapab pou l jere tansyon an. Paske tansyon wo asosye ak risk pou moun lan fè s*k)
● Kite fimen (tabak ogmante risk pou moun devlope s*k ak lòt maladi kwonik yo)
● Manje byen (pa manje ni twò s*kre, ni twò sale, ni twòp grès (sitou grès satire yo).
● O mwen gen yon glisemi ki pou dil ki nivo s*k li ye nan sanl.
● Eksetera
Si ou bezwen konn siw fè s*k oubyen konn nivo s*k ou nan sanw, klike sou lien sa pou plis enfòmasyon: https://wa.me/message/AMZ44Q3F6DKPA1
Poun fini, Maladi s*k se yon maladi ki devlope lè kò yon moun pa gen kontwòl sou kantite s*k ki nan san an. Li rive devlope lakay yon pakèt moun Nan mond lan, espesyalman an Ayiti. Li paret san l pa fè bri. Pafwa se konplikasyon yo ki konn fè w konnen ke w genyen l. Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou tout moun veye sou fason ke yap mennen bak lavi yo (fè espò, manje byen, eksetera).
Siw renmen tèks la, comment, like, share epi tag yon zanmi, yon fanmi pou lil avèw.
Mèsi
Doc_Megg et Richardson Roche