26/04/2026
fans
Nou salye nou tout ak anpil respè.Nou ap ekri memo sa a pou mande sipò nou nan yon pwojè nou genyen ki se achte yon dwòn. Dwòn sa a ap itil nou anpil pou ede nan travay ak aktivite nou yo, sitou pou fasilite pran foto ak videyo, epi amelyore fason nou òganize kèk aktivite enpòtan.
Nou kwè ak kolaborasyon tout moun Ti Dedin, n ap kapab reyini mwayen ki nesesè pou reyalize objektif sa a. Se poutèt sa nou ap mande chak moun ki kapab pote yon ti kontribisyon, selon kapasite yo, pou ede nou achte dwòn nan.
Nou remèsye nou davans pou sipò ak konpreyansyon nou. Ansanm, nou kapab fè gwo bagay pou devlopman ti dedin.
N.B: Chak moun ki patisipe nan kontribisyon an, N ap remèsye l piblikman sou paj la !!
Mèsi anpil.
Petite Desdunes