28/10/2022
😘💌💯💯Daprè mwen 🤗✍
Premye
bagay ki koze yon barèm Pafwa sa konn rive de moun yo konn gen krent pou yo pwouve santiman yo,pou yo degaje sa yo resanti a yo oblije ret ap soufri sou santiman yo.
Dezyèm
bagay ki pwovoke gwo krent Kay de moun sa yo se antouraj yo,lè'm di antouraj yo sa vle yo konn grandi ansanm yo fè dè karyè nan relasyon zanmitay yo,yo te konn fè tout vye blag youn konn anpil bagay sou lòt,epi yo konn ap imajine yo si mal di entèl mwen tonbe damou'l eske entèl pa'p fache,eske mw pap gache tout tan nou fè zanmi yo,sa antouraj li pral panse.
Ou byen ahh mwen renmen l sèt eske aprè tout sal te gentan konnen de mwen kòm zanmi eske l pa pral doute de mwen.
woufff anfen tèlman gen vye refleksyon sou bagay sa,sa koz anpil soufrans bò kote de moun ki zanmi,youn toujou ap fè jalouzi pou lòt san yo paka renmen.
Twazyèm
bagay ki konn koz moun yo paka renmen se sa yo rele konpatibilite a si moun yo pa konpatib youn te mèt renmen lòt yo pap ka ansanm yo pap ka viv tou,men li pap yon pwoblèm pou yo zanmi.
Katriyèm bagay la se vye mès yo,vye konsepsyon yo,vye tanperaman yo,vye mòde de vie yo ki konn rann de moun ki renmen youn lòt sensèman yo paka ansanm se zanmi yo ka zanmi, moun nan ka vagabon,ou byen fi a ka detay twòp.
mmmh antouka mes amours li lè li tan pou'n sispann pè avwe santiman nou
Jis degaje sa nou santi a depi moun nan resanti'l pou ou tou lap jis fè'w resipwosite a
Konsèy mwen pou nou si'n pa avwe santiman nou yon lòt ap fèl nan plas nou kale je nou 👂🧏♀️
Emma penseuse divineresse ✍ 🧠♥ 💖 ❤