Espace Marketing

Espace Marketing Pour vous aider à maîtriser le marketing numérique afin de mieux communiquer vos offres en ligne.

11/03/2024

Li enpòtan pou w konprann chak platfòm rezo sosyal yo bay yon rezilta ki diferan. Kidonk si w vlè byen itilize yo kòm zouti maketing, ou dwe adapte strateji w la an fonksyon de objektif ou + patikilarite yo.

Yon ekstrè nan premye epizòd nou pou ane a ak Herby Charles ki disponib sou tout platfòm yo.
🔗 klike sou lyen nan premye kòmantè pou w tande tout !

Ane sa nou swete w :• Siksè• Sante• Plis motivasyon• Lajwa• Lanmou• Bèl akonplismanE nou pwofite anonse w n ap tounen na...
09/01/2024

Ane sa nou swete w :
• Siksè
• Sante
• Plis motivasyon
• Lajwa
• Lanmou
• Bèl akonplisman

E nou pwofite anonse w n ap tounen nan pa lontan ak plis kontni, plis inisyativ, pi gwo pwojè, yon kominote rich ak resous !

Ret branche epi fè mesaj la pase.
2024 men nou ! 🔥

13/11/2023

Etzer se yon jèn k ap evolye nan domèn maketing an liy lan depi kèk lane. Aprè kèk tan ap pran bon jan fòmasyon ak coaching, li menm ak yon patnè l te deside kreye Specian Digital, yon ajans k ap founi akonpayman bay antrepriz isit kou lòtbò dlo. An plis de sa yo rive mete sou pye Specian Success Academy, pou ofri fòmasyon an liy sou plizyè aspè.

Novanm 2023 sa ap fè Specian 3 lane depi li egziste. Etzer ap pataje pakou l ak eksperyans li nan sa.

🔗https://linktr.ee/espacemarketing.ht

Yon lisansye nan kontabilite ki vin yon spesyalis nan maketing nimerik ! Kisa ki enspire chanjman sa ? ? Ki difikilte w ...
10/11/2023

Yon lisansye nan kontabilite ki vin yon spesyalis nan maketing nimerik !

Kisa ki enspire chanjman sa ? ? Ki difikilte w te rankontre ? Kisa w aprann nan 3zan ak antrepriz sa ?
Se kesyon sa yo ak plizyè lòt Etzer-Louis Charles reponn nan nouvo podkas nou an k ap disponib demen bonè bonè.

Abone ak nou epi ret branche !
🔗https://anchor.fm/espasmaketing

Anpil moun souvan konfonn sa yo rele STRATEJI MAKETING ak yon PLAN MAKETING.Nan yon strateji, nou degaje vizyon global k...
08/11/2023

Anpil moun souvan konfonn sa yo rele STRATEJI MAKETING ak yon PLAN MAKETING.

Nan yon strateji, nou degaje vizyon global k ap pèmèt nou atenn objektif jeneral nou fikse sou yon tan ki plizoumwen long. Nan yon plan nou elabore tout aksyon n ap gen pou n fè pou n atenn chak objektif spesifik nou fikse sou yon peryòd kout.

Di nou nan kòmantè, si gen lòt konsèp ou konfonn nan domèn lan?

24/10/2023

Anpil moun ki gen don sa lakay yo souvan panse a pa nan atizay ak jounalis, yo pa gen ankenn lòt kote yo ka reyisi avèk li.
Si w fè pati de lis sa, oubyen ou konn yon moun ki panse sa, jodi a n ap anonse w : Chaje travay ak opòtinite yon moun ka jwenn lè li konn ekri !
Nan kontni sa, Luc Dufresne pataje prèske 10 opòtinite ou ka pran depi kounya !

Pa bliye abone ak podkas nou an si w vle jwenn kontni sa yo plis :
Youtube : https://youtube.com/?si=-Uq-3iCSyEL9z7nN
Anchor : https://anchor.fm/espasmaketing

Kontni w ap li la reprezante 6 pilye ki enpòtan anpil nan kesyon kominikasyon pwofesyonèl. Gras ak yo, ou ka jwenn opòti...
05/09/2023

Kontni w ap li la reprezante 6 pilye ki enpòtan anpil nan kesyon kominikasyon pwofesyonèl. Gras ak yo, ou ka jwenn opòtinite, rezoud kriz ak konfli e sitou grandi nan sektè w ap evolye a.

Ki pilye ou metrize plis ou menm ?

Nan sousi pou amelyore platfòm nou an epi pote pi bon kontni ak inisyativ k ap sèvi w, nou deside mennen yon ankèt pou :...
29/07/2023

Nan sousi pou amelyore platfòm nou an epi pote pi bon kontni ak inisyativ k ap sèvi w, nou deside mennen yon ankèt pou :

• Konprann bezwen w ak difikilte w ap rankontre nan domèn maketing nimerik,
• Evalye kalite eksperyans ak valè n ap pote pou ou,
• Amelyore travay nou epi pote plis solisyon a travè inisyativ nou yo.

Repons ou konte anpil pou nou. Nou vle pran tout kòmantè ak sigjesyon an kont.
N ap envite w pran yon ti tan, klike sou lyen nan pwofil nou an pou ranpli kesyonè a.

Mèsi deja pou kolaborasyon w !

Nan moman w ap li mesaj sa, gen plizyè moun k ap fè pòch yo bèl ak Facebook. Non se pa yon mit, e wi ou ka fè sa tou. 💰J...
25/07/2023

Nan moman w ap li mesaj sa, gen plizyè moun k ap fè pòch yo bèl ak Facebook. Non se pa yon mit, e wi ou ka fè sa tou. 💰

Jodi a nou vin envite w dekouvri 3 sekrè pou jenere gwo revni gras ak Facebook.
Dimanch k ap 30 jiyè a n ap gen yon webinaire gratis kote w ap ka aprann strateji k ap pèmèt ou itilize pisans platfòm sa pou w fè pòch ou bèl tou.

PLAS YO LIMITE !
rezève pa w la kounya, klike sou dezyèm lyen nan pwofil nou an oubyen sou "sign up" ou wè ki anba kontni sa.

N ap tann ou 🚀

17/06/2023

Byenvini nan yon lòt nimewo Espas Maketing podcast.

Nan epizòd sa Kims Beljean :
• Eksplore mond maketing dijital la ak divès metye li gen ladan l,
• Pale de opòtinite n ap jwenn nan sektè a pa rapò ak kwasans li,
• Analize obstak pwofesyonèl an ayiti yo rankontre pa rapò ak reyalite mache a,
• Dekri kèk strateji pwofesyonèl sa yo itilize pou leve defi ki poze fas ak yo.

Si w enterese a antame yon karyè nan maketing an liy lan, epizòd sa ap ede w konprann domèn lan pi byen epi gad kijan w ka evolye sou mache an.

Tande l kounya nan lyen sa e pa bliye pataje l : https://bit.ly/espasmaketing-ak-Beljean

Bon wikenn 🫱🏾‍🫲🏿🍷

Nou kontan anonse w gran retou nou ak yon nouvo sezon nan podkas pa w la : Espas Maketing.Objektif nou sezon sa se montr...
30/05/2023

Nou kontan anonse w gran retou nou ak yon nouvo sezon nan podkas pa w la : Espas Maketing.

Objektif nou sezon sa se montre odyans lan kijan li ka itilize nimerik la pou grandi potansyèl li e devlope yon mak solid k ap pèmèt li fè siksè epi kreye bon jan enpak pozitif nan kominote l.

N ap gen plizyè bèl entèvasyon ak lòt pwofesyonèl ki pral pataje konesans yo sou divès aspè tankou metye nimerik yo, personal brand, kominikasyon an liy, monetizasyon, elatriye...

Depi kounya nou envite w suiv nou sou tout platfòm podkas yo pou w pa rate pwochen epizòd nou an.
Ret branche 😉

Adresse

278 Bourdon Avenue John Brown
Port-au-Prince
6112

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Espace Marketing publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Espace Marketing:

Partager