1000 Black Entrepreneurs

1000 Black Entrepreneurs Paj pou prezantasyon biznis

💯💯
06/09/2022

💯💯

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️*Nan tout kote nan mond lan se youn nan kichòy ki plis anvòg, se li anpil moun renmen, li ...
09/08/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️
*Nan tout kote nan mond lan se youn nan kichòy ki plis anvòg, se li anpil moun renmen, li pa yon mal, men lè w pran l anvan lè osnon ou mal pran l li rann ou soufri*, li se youn nan opoze siksè si w ap mal pran l, li rann ou ere nan menm tan an li rann ou tris tou depann jan w abòde l ak sèvi avèl, *li enpòtan pou nou koupe plezi yo kout je jodi a, sa vle di sa ki parèt enpòtan, men se pa vre yo paske se yo ki ka fè nou pèdi tout liks nou demen !*
Bon lajounen Chanpyon🍪☕

CoaCoach Tonny On FirenCoach Tonny On Fire Coach Tonny On FirerCoach Tonny On Fire

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Ou ka toujou poko rive nan yon nivo, men se pa rezon pou w panse pawòl ou pa konte pou sa,...
07/08/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Ou ka toujou poko rive nan yon nivo, men se pa rezon pou w panse pawòl ou pa konte pou sa, *okontrè se pawòl ou anpil fwa ki ka epanye youn ki santi l genyen twòp*, se rezon ki fè ou pa dwe janm dekouraje travay talan w piske se youn nan bousòl pitit sòyèt genyen pou soti tèt li, si w poko genyen ew pa chèche itil nan sa lide w ap pwodwi gen yon bagay ki poko mache ou bezwen teste, *degaje w jwenn lide milyon yo paske w paka rete jan w ye a !*
Bon lajounen Chanpyon🍪☕

Kredi: CoaCoach Tonny On FirenCoach Tonny On Fire Coach Tonny On FirerCoach Tonny On Fire

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Nou chak se yon chanpyon*, men nan sa ki gen rapò ak yon kad fòmèl, nan yon kous osnon nen...
04/08/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Nou chak se yon chanpyon*, men nan sa ki gen rapò ak yon kad fòmèl, nan yon kous osnon nenpòt ki lòt konpetisyon pa fouti genyen 2 chanpyon, si nou ta pran ekzanp lekòl klasik, inivèsite, espò, elatirye, ap gen yon #1 ki ka pa ou, alòs si ou paka premye nan yon kous konsa toujou bat pou w pami mèyè yo pou w ka abitye tèt ou ak genyen, paske plis ou pran gou sa ki bon se plis ou pap santi w alèz nan sa ki medyòk, *toujou vize premye plas la pou si pye w ap glise pou w pa tonbe ba !*
Bon sole🍪☕

Kredi CoaCoach Tonny On FirenCoach Tonny On Fire Coach Tonny On FirerCoach Tonny On Fire

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️*Motivatè mèt fè sa pou l fè ap toujou gen parese ak paresèz nan nenpòt peyi li ye sou lat...
03/08/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

*Motivatè mèt fè sa pou l fè ap toujou gen parese ak paresèz nan nenpòt peyi li ye sou latè piske nou reyèlman bezwen tout kouch moun pou nou kontinye kreye mond sa*, men asire w ou pa youn ladan yo paske w dwe toujou gen yon rèv w ap karese nan travay pou w reyalize kichòy solid ak serye pou w vanse san kanpe, *li difisil pou yon moun nan relijyon sa vanse, paske chak jou se bak li fè, plenyen ak kritik se bousòl li, travay di pou w pa kite viris sa atake w !

Bon lajounen Chanpyon🍪☕

CoaCoach Tonny On FirenCoach Tonny On Fire Coach Tonny On FirerCoach Tonny On Fire

Byen vini nan 1000 Black Entrepreneurs Mesye&Dam🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩E ou saw ap tann pouw rejwenn nou?Pa kite ane an fini pouw pa ...
02/08/2022

Byen vini nan 1000 Black Entrepreneurs Mesye&Dam🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩

E ou saw ap tann pouw rejwenn nou?

Pa kite ane an fini pouw pa demare biznis ou🚶‍♂️

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Reyisit yon moun koumanse depi lè l ranpòte viktwa sou anviwon yon milyon espèmatozoyid pa...
02/08/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Reyisit yon moun koumanse depi lè l ranpòte viktwa sou anviwon yon milyon espèmatozoyid parèy li nan yon kous san rann kont*, sèlman paske w te pi rapid ou rive fè manamn w fegondasyon, pase lòt etap epi rive fèt, nou ka di se BonDye ki vle se ou menm tou, la ankò pa gen bagay BonDye vle pou l pa pozitif, alòs se pa kounya pou w ap mòde lage, se pa kounya pou w ap lage sa pandan w gen tout lespri w sou ou a, *mete granmoun sou ou sòlda lavi pou w domine sou tout sa ki ka dekouraje w !*

Kredi: CoCoach Tonny On FireoCoach Tonny On FirenCoach Tonny On FireiCoach Tonny On FirePa bliye like paj lan & Abone🙂

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Ou bezwen fè deklarasyon yo pou yo ka swiv ou paske gen bagay nan lavi si w pa pran yo pap...
01/08/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Ou bezwen fè deklarasyon yo pou yo ka swiv ou paske gen bagay nan lavi si w pa pran yo pap ba ou yo, *se rezon plis ki fè w bezwen deklare sa w bezwen ak kwayans w ap jwenn li*. Li enpòtan tou pou w konnen si w sèlman deklare san travay pou deklarasyon an vini reyalite ou fenk fè yon erè ou bezwen repare, *se travay la ki swiv deklarasyon an pou tout bagay kapab fèt nòmal*. Koupe sa an de moso, deklare epi travay !
Bon lajounen Chanpyon🍪☕

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Siksè elastik, li mande w pou w detire l nan nivo men w ak pòch ou ye toutotan w kapab pou...
30/07/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Siksè elastik, li mande w pou w detire l nan nivo men w ak pòch ou ye toutotan w kapab pou w rive jwenn plis longè chak jou pi plis*, li pa mande w pou fè eksè, men plis ou konnen kouman pou w manevre l sou plizyè teritwa se plis w ap vin polivalan nan lavi w epi w ap genyen plis pou w pataje ak lòt moun, yon sèl bagay pa fè deplasman yo pou dan griyen, *nenpòt sa sòlda lavi a ap fè li dwe itil kichòy nan tout sans*. Si w poko ka deplase, byen travay kote w ye a !
Bon lajounen Chanpyon🍪☕

CoaCoach Tonny On FirenCoach Tonny On Fire Coach Tonny On FirerCoach Tonny On Fire

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Toujou sonje si pat gen piti anvan, gwo patap ekziste ni gen sans, alòs *toujou kontante w...
29/07/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Toujou sonje si pat gen piti anvan, gwo patap ekziste ni gen sans, alòs *toujou kontante w pou w travay piti w ak tout ond pozitif sa mande pou w kapab vini yon gran ekzanplè*, se pou rezon sa ki fè ou bezwen fè tout sa w ap fè ak grandè nan piti w pou w ka toujou gen lespri gran an k ap domine anndan w, mete tout ou menm nan balans lan, *chèche plis ladrès, chèche plis pwofesyonalis ladan l konsa grandè w ap chèche a w ap twouve l rapid vit !*
Bon lajounen chanpyon🍪☕

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Koze pouse pwojè se koze ki fè anpil sosyete gwo mal, *koze pouse pwojè sa se koze ki detw...
28/07/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Koze pouse pwojè se koze ki fè anpil sosyete gwo mal, *koze pouse pwojè sa se koze ki detwi moun rapyetè* piske anpil fwa ou konn deja rate moman ideyal la epi w panse w gen anpil tan devan w toujou pou w reyisi yon bagay, pa pran vye abitid nan remèt anyen a demen paske pwovèb bat fè a pandan l cho a se yon reyalite pafè de sitiyasyon tout moun k ap viv sou fas tè sa, *koumanse kounya ak sa w genyen an pou pita pa pi tris pou ou !*

Kredi: CoCoach Tonny On FireoCoach Tonny On FirenCoach Tonny On FireiCoach Tonny On Fire

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️Nan lòm nou nou fèt tou pou nou viv moman ki pa fè kè n kontan, moman nwa moman amè*, bat ...
27/07/2022

🙋‍♂️Lizay lizay sòlda lavi🙋‍♂️

Nan lòm nou nou fèt tou pou nou viv moman ki pa fè kè n kontan, moman nwa moman amè*, bat pou lè lè sa yo rive nou pa tèlman akable pou se moun ki jalou ak moun ki fistre nou al mande konsèy, si se konsa kafe nou ap koule ak ma n ap tonbe nan tchouboum, na menm rive regrèt ekzistans nou, *se sa k fè ou menm kòm sòlda lavi ou bezwen toujou chèche lajwa w pou w pa rive nan yon moman pou w depann de ti kal lajwa moun ki pap janm jwenn li pou tèt pa yo, w ap mal sèvi si se konsa !*
Bon lajounen Chanpyon🍪☕

CoaCoach Tonny On FirenCoach Tonny On Fire Coach Tonny On FirerCoach Tonny On Fire

Adresse

Port-au-Prince
HT6110

Téléphone

+50947328506

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque 1000 Black Entrepreneurs publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager