Haïti Techno Mark

Haïti Techno Mark Marketing en ligne et sms

01/04/2026
15/03/2026

bon kote òganizasyon dwazimen yo ? kòmsi sa'a pa rive sou Nou?
zak sa'a yo gen lontan yap pwodwi nan sosyete Ayisyen an.

Deklarasyon Angajman – Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA’N)Batay jodi a pa dwe sèlman kont moun k ap dirije yo...
03/03/2026

Deklarasyon Angajman – Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA’N)
Batay jodi a pa dwe sèlman kont moun k ap dirije yo — minis, direktè jeneral, majistra — ki pa bay okenn rezilta pandan yo ap touche lajan Leta, pandan vòl ak piyaj ap fèt nan administrasyon piblik la san kontwòl.
Batay la dwe ale pi lwen.
Li dwe vize tou pati politik opòtinis yo, dirijan politik kowonpi apatrid ki pandan plizyè lane ap manipile pèp la.
Se yo menm ki konn voye pèp pran lari, pran gaz, pran prizon, menm pran lanmò… pou yo menm vin pran pòs apre sa.
Epi yon fwa yo monte sou pouvwa a, yo repwodui menm zak yo te konn denonse yo.
Yo vin rich.
Peyi a vin kraze plis.
Pèp la vin pi grangou.
Jodia, je pèp la dwe ouvri.
Pratik militan kap rele “Viv tèl minis! Viv tèl direktè!” sèlman paske yo resevwa yon ti chèk san travay oswa yon ti avantaj pèsonèl pandan peyi a ap tonbe… sa dwe fini.
Peyi pa ka kontinye sakrifye pou enterè pèsonèl.
Nou menm, FOSPA’N, nou angaje nou nan batay sa a.
Nou kwè fòk gen yon lòt jenerasyon militan ak dirijan politik:
✔️ Patriyòt
✔️ Angaje
✔️ Onèt
✔️ Konpetan
✔️ Ki pap vann nanm yo ni trayi batay pèp la pou avantaj pèsonèl.
Se pa politik kòm komès nou vle.
Se politik kòm sèvis.
Se pa richès pèsonèl nou chèche.
Se redrèsman nasyonal.
✊🏾 Chanjman an pap fèt san yon revolisyon nan konsyans.

27/02/2026

fòs pan'n

la nouvelle force politique
27/02/2026

la nouvelle force politique

La structure politique Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA'N) tient à préciser que, dans sa correspondance adres...
15/02/2026

La structure politique Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA'N) tient à préciser que, dans sa correspondance adressée à la Primature en janvier 2026, elle n’a formulé qu’une seule demande :
👉 Rencontrer le Premier ministre, Alix Didier Fils-Aimé,
et cela dans un esprit républicain et constructif.
L’objectif de cette démarche est exclusivement de :
Présenter sa compréhension et son analyse de la crise multidimensionnelle que traverse le pays ;
Exposer sa lecture politique de la conjoncture actuelle ;
Partager sa vision stratégique pour une sortie de crise durable, inclusive et souveraine.
FOSPA'N réaffirme qu’il ne s’agit ni d’une posture conflictuelle, ni d’une revendication opportuniste, mais d’une contribution patriotique visant à enrichir le débat national et à favoriser un dialogue responsable entre les forces vives de la Nation.
Dans un contexte aussi grave que celui que connaît Haïti, le dialogue entre les institutions de l’État et les organisations politiques structurées constitue une exigence démocratique et un impératif de stabilité.

PREZANTASYON JENERALFòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA'N)Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA'N) se yon ...
14/02/2026

PREZANTASYON JENERAL
Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA'N)
Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal (FOSPA'N) se yon strikti sosyo-politik nasyonal ki angaje li nan batay pou refondasyon Leta ayisyen sou baz jistis, diyite ak respè enterè pèp la.
FOSPA'N prezan nan 10 depatman peyi a atravè antèn ak kowòdinasyon teritoryal li yo. Estrikti a fonksyone sou prensip patisipasyon kolektif, disiplin òganizasyonèl ak responsablite sivik, pou garanti yon aksyon politik ki estriktire e dirab sou tout teritwa nasyonal la.
Vizyon nou
Nou pote yon vizyon santris, ki chèche mete enterè nasyonal la anlè tout enterè pèsonèl oswa gwoup. Nou kwè nan yon politik ekilibre ki:
Chita sou jistis sosyal
Defann valè patriyotik
Ankouraje angajman ak sakrifis kolektif
Favorize dyalòg ak konsansis pou estabilite peyi a
Prensip ak pozisyon
FOSPA'N klè nan pozisyon li:
Nou pa kwè nan kraze brize, boule peyi oswa destabilizasyon pou pran pouvwa.
Nou rejte koripsyon, inpinite ak gaspiyaj resous Leta.
Nou defann yon kilti politik ki baze sou etik, transparans ak meritokrasi.
Nou kwè chanjman pa fèt nan dezòd, men nan òganizasyon, lidèchip responsab ak mobilizasyon konsyan.
Angajman nou
FOSPA'N angaje li pou:
Ranfòse patisipasyon sitwayen yo nan lavi politik peyi a
Ankouraje bon jan gouvènans ak rann kont
Prepare yon jenerasyon lidè ki gen konpetans ak moralite
Travay pou mete Ayiti sou chimen estabilite, devlopman ak respè entènasyonal
Fòs Patriyòt Ayisyen Angaje Nasyonal se pa sèlman yon òganizasyon politik, men se yon mouvman konsyans ki mete patriyotis, disiplin ak sèvis piblik nan sant aksyon li.

Adresse

Village Solidarité
Port-au-Prince
21

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Haïti Techno Mark publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager