01/02/2022
Anpil nan nou kritike eta sosyete a san yo pa pote okenn kontribisyon pou sa miyò. Jan ou kapab, se mete men pou sa chanje nan antouraj ou. Chak moun gen sa yo ka fè pou sa miyò nan lavi antouraj yo. Pa sispann ede, mete men pou sa miyò, menm si sosyete sa engra. Jis jwe wòl ou nan chanjman, fè devwa w san w pa tann anyen. Pa chita ap gade sèlman, kritike san pwopoze ni mete men, fè sa w kapab pou w chanje lavi lòt yo.