24/10/2022
MOUN ISIT....MOUN ISIT....MOUN ISIT AN🎤
GPM : GRAND-PIERRE Miradieu...ANIMATEUR LE PLUS CONNU DE LA VILLE...PI WOUYE PI KOUPE...MAWENGWEN CHECHE WONF OU🎤
Kimoun tirivyè latibonit ki pa t konn tande vwa sa yo ?
Se te 2 pwotorik gason ak yon espikè mare ak chanm nan dèyè yon moto makonnen, ak anpil fil konekte nan yon batri epi yon mikro. Chak kote osnon kafou yo rive yo kanpe moto a, yo pran mikro a pou di :MOUN ISIT....MOUN ISIT....MOUN ISIT AN osnon
GPM : GRAND-PIERRE Miradieu...ANIMATEUR LE PLUS CONNU DE LA VILLE...PI WOUYE PI KOUPE...MAWENGWEN CHECHE WONF OU. Kilès ki pa t konnen vwa sa yo te sèvi kòm ID chak pèsonaj sa yo ?
Depi w di MOUN ISIT osnon GPM tout moun wè de ki w ap pale🤗e si w kanpe fraz lan la, y ap fi n kontinye l pou ou. Ton, amoni ak anchènman pawòl sa yo te konn fè zòrèy tout moun plezi, chak maten byen bonè.
Mwen sonje lè m te lekòl tirivyè latibonit se te toujou yon plezi pou n ap tande vwa sa yo chak maten, depi lè sa rive je tout moun klè pou y ap koute. Vwa sa yo te vle di anpil pou tout moun tirivyè ; tout kote w pase nan bouk la, ou jwenn granmoun kou timoun ap plede di : MOUN ISIT...MOUN ISIT...MOUN ISIT AN oubyen GPM : GRAND-PIERRE Miradieu... ANIMATEUR LE PLUS CONNU DE LA VILLE...PI WOUYE PI KOUPE...MAWENGWEN CHECHE WONF OU. Sa ta vle di se te distraksyon tout moun nan bouk la a chak fwa yo fi n di l epi yo pete yon gwo kout ri"kraaaaaa kraaaaaa kraaaaaa."
Mwen men m yo te sèvi m "Alam" a chak fwa yon ti dòmi vle pran m, kokenn chenn vwa sa yo reveye m pou raple m ke l fè lè pou m leve, pou m prepare pou m ale lekòl.
Èske nou toujou tande vwa sa yo chak maten ?
Èske yo toujou la ?
Vi n di kisa osnon kiyès ki atire osnon ki te konn atire atansyon w nan tirivyè latibonit.
PRA❤️🌳