22/03/2020
Ou dim ret lakay mwen
Ou dim ret lakay mwen: ou pa janm banm kouran lè telefòn mw dichaj map oblije soti nan lari ya poum al bay chajel
Ou dim ret lakay mwen: Map travail nan faktori ou pa menm banm on fwè poum ka fè jou map chita yo ou konnen se jounen mw vann
Ou dim ret lakay mwen: mwen nan lekòl natyonal se nan lekòl la'm toujou pran pla cho wa chak jou kisam pral manje pandan jou ou dim ret lakay mwen an sanw pa bay paranm on goud antanke chef peyi ya
Ou dim ret lakay mwen: ou pa pase majistra yo lòd niw pafè okenn dekesman pou yo ranmase fatra ni pou dezenfekte
Ou dim ret lakay mwen: mwen se on ti manchann male kwabosal mw ht 100 dola patat, benefis la mw achte chabon, demi glòs lwil, on mak aran rès patat ki rete mwen bouyil demen anko sim pa fèl konsa mwen antrave mwen pat pare pousa, nou pa ka ap pale nan ton yon gran peyi
Ou dim poum ret lakay mwen: pa bliye tout lot peyi yo ki mande pou moun yo ret lakay yo yo mete kob ak lot moyen disponible pou yo ka jere jou lock yo lakay yo, menm on kit sanitè ou pa menm ban nou menm.
Ou dim ret lakay mwen: prix produit yo gentan moute men hauteur hands sanitizer gen kotel gentan vann 250 $ ht ew te di yap gen problem avew siyo ta fesa seke yo pagen respect pou ou, pou pagen rasanbleman anpil moun bus jaune yo moun sou moun pret pou toufe pagen kote pou zepeng pike depi anvan sa ou pat janm voye zye gade sa.
fòw reflechi anvan ou pran on desizion nou paka ap pale nan ton yon gran peyi, Imajinew ayiti gen 14 milyon abitan menm si nou tafè on bigjè 14 milyon goud, chak moun ta soti ak 1000 goud pou achte dlo pou bwè, etc.
Ou dim ret lakay mwen: Ou pa mete anyen a la dispozitionm poum ka rete lakay mwen...
Ingénieur: Mancini