Bien briller pour demain - B.B.D

Bien briller pour demain - B.B.D Cette organisation vise à promouvoir l’éducation civique pour tous, et l’encadrement des enfants vulnérables du Nord-Ouest.

Fonat
04/09/2022

Fonat

Gen moun chak fwa li tande pale de ou sa enèvel, paske w se malere ou pap travay ou pa gen lajan, depi l te tande non w ...
05/02/2020

Gen moun chak fwa li tande pale de ou sa enèvel, paske w se malere ou pap travay ou pa gen lajan, depi l te tande non w site yon jou kòm yon moun ki kòmanse fè siksè li gen pou l chèche w ak balè'n pou l ba w akolad ak anpil fyète.

Alò li pat janm sispann diw ou son pèt de tan, ou son ka pèdi, ou son lajan pèdi, pa gen anyen w fè ki bon e vwa pou moun ta pran plezi nan yo.

Menm moun sa gen pou l diw ou move moun paske ou konnen ou son tip ke m apresye anpil m toujou ap pale de ou kòm yon potansyalite, kòm yon model a swiv. Dezòmè se ansanm pou n dòmi tout kote w ye se lam vle ye tou.

L ap profite diw: fok ou fè pridans wi paske pu gen anpil moun ki pa renmen w, sitou pou progrè wap fè.

M ap profite diw tou fòk ou gade saw ka fè pou mw paske tout rèv mw se wèm yon jou ki nan plas ou ye la.

Lajenès pa sispann kwè nan kapasite nou ak entelijans pa souzestime tèt nou, lè w se pitit malere ou se moun ki pi ere pi rich sou latè jis use may ou pou eksplwate sak rezève pou ou!

Marc Pheny MESIDOR, pitit Fanm ki gen bourik chaje pouse devan l lan!!!

26/07/2019

Pandan map goumen pou mande entegrasyon lajenès nan pi wo nivo leta a, men, nou pa janm sispann grennen betiz. Se toujou betiz nou yo ki koz yo toujou di nou pa gen matirite ase pou vin sèvi peyi nou nan pi wo nivo a.

Kòm jèn, mw ankouraje nou tout, pouke nou eseye byen metrize tout sa nap di ak sa nap fè. Lajenès pa kite pasew jijew mal, men ann gade kòman pase nou ak fiti nou kapab sèvi yon egzanp, yon modèl pou tout sa kap grandi e sa kap swiv nou.

__Lajenès pa rete bwa kwaze/ Nou valab nou kapab!

Adresse

Port-au-Prince
509

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bien briller pour demain - B.B.D publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Bien briller pour demain - B.B.D:

Partager