Vibration Media 509

Itinéraire

Vibration Media 509 🎥 Vibration Media 509
Média dédié à la promotion du sport haïtien 🇭🇹
Informer • Valoriser • Faire vibrer
(2)

TOUNWA U19 NAN KAD PREPARASYON SELEKSYON U17 LA     Seleksyon U17 la bat SLG académie 1 a 0 nan dezyèm demi final yo epi...
21/09/2026

TOUNWA U19 NAN KAD PREPARASYON SELEKSYON U17 LA


Seleksyon U17 la bat SLG académie 1 a 0 nan dezyèm demi final yo epi kalifye pou final kote lap jwenn Leg az


TOUNWA U19 NAN KAD PREPARASYON SELEKSYON U17 LA Leg az mete do Lionceaux de pernier atè nan premye demi final yo 1 a 0  ...
21/09/2026

TOUNWA U19 NAN KAD PREPARASYON SELEKSYON U17 LA
Leg az mete do Lionceaux de pernier atè nan premye demi final yo 1 a 0


Seleksyon U17 la bat C21 Academy 5-0 nan match zanmitay Nan kad preparasyon li pou Mondyal U17 la, Seleksyon U17 la ranp...
18/09/2026

Seleksyon U17 la bat C21 Academy 5-0 nan match zanmitay

Nan kad preparasyon li pou Mondyal U17 la, Seleksyon U17 la ranpòte yon viktwa 5-0 fas ak C21 Academy nan yon match zanmitay.

Rankont sa a antre nan seri match preparasyon ekip la, pandan staff teknik la ap kontinye evalye jwè yo epi mete gwoup la sou pye anvan konpetisyon entènasyonal la.

Seleksyon U17 5-0 C21 Academy.


LES ROULERS PRENNENT L’AVANTAGE !Les Rouleurs s’imposent 1-0 face à Flore École de Football lors du match aller de la Ch...
15/09/2026

LES ROULERS PRENNENT L’AVANTAGE !

Les Rouleurs s’imposent 1-0 face à Flore École de Football lors du match aller de la Challenge League U17, au terme d’une rencontre très disputée, physique et marquée par une forte tension sur le terrain.

Fait marquant : les deux entraîneurs principaux ont écopé d’un carton rouge au cours de la rencontre.

Mais rien n’est encore joué !

📅 Match retour : 15 septembre
📍 Parc Sainte-Claire
⏰ 13h00

Avec seulement un but d’écart, le match retour s’annonce intense et décisif. À l’issue de cette confrontation, une seule équipe décrochera son billet pour la finale.

Les Rouleurs sauront-ils défendre leur avantage ?
Flore École de Football réussira-t-elle à renverser la situation ?

TOUNWA U19 NAN KAD PREPARASYON SELEKSYON U17 🇭🇹⚽SELEKSYON U17 LA FÈ MATCH NUL 1-1 AK LIONCEAUX DE PERNIERNan dènye joune...
13/09/2026

TOUNWA U19 NAN KAD PREPARASYON SELEKSYON U17 🇭🇹⚽

SELEKSYON U17 LA FÈ MATCH NUL 1-1 AK LIONCEAUX DE PERNIER

Nan dènye jounen faz gwoup la, Sélection U17 la fè match nul 1-1 ak Lionceaux de Pernier.

Lionceaux de Pernier te antre nan poz ak avantaj 1-0. Nan kòmansman dezyèm mitan an, Clervius Jourdlyn egalize pou Sélection U17 la ak yon bèl frap nan antre sifas la.

Sélection U17 la te jwenn yon penalite apre sa, men kapitèn Miguel joseph pa rive transfòme l, gadyen Lionceaux de Pernier la fè arè a.

Avèk rezilta sa a, Sélection U17 la fini faz gwoup la ak 9 pwen, pandan Lionceaux de Pernier fini ak 7 pwen.

📊 KLASMAN FINAL :
🥇 LEG-AZ — 10 pwen
🥈 SLG Académie — 10 pwen
🥉 Sélection U17 — 9 pwen
4️⃣ Lionceaux de Pernier — 7 pwen

LEG-AZ, SLG Académie, Sélection U17 ak Lionceaux de Pernier kalifye pou demi-final yo. AST ak CSSL elimine.

Lionceaux de Pernier 1-1 Sélection U17

RONELSON PELÉ JANVIER ENVOIE LES ROULERS EN FINALE !Les Rouleurs FC U14 ont validé leur billet pour la finale de la Chal...
09/09/2026

RONELSON PELÉ JANVIER ENVOIE LES ROULERS EN FINALE !

Les Rouleurs FC U14 ont validé leur billet pour la finale de la Challenge Cup après leur victoire face à LEG-AZ, grâce notamment à un triplé de Ronelson Pelé Janvier.

Le jeune attaquant s’est montré décisif dans cette demi-finale et permet aux Rouleurs de poursuivre leur parcours dans la compétition.

En finale, les Rouleurs retrouveront Perfection FC une équipe de Carrefour, une équipe solide et particulièrement dangereuse offensivement, qui pourra compter sur son attaquant Sandro.

🏆 Une finale U14 qui promet du spectacle !

🇭🇹⚽

08/09/2026

🇭🇹 Gen anpil bagay k ap pase nan foutbòl ayisyen an ke nou pa toujou wè. Vibration Media 509 la pou chanje sa.

Jèn talan, jwè, ekip, konpetisyon, istwa ak enfòmasyon sou espò ayisyen an se sa w ap jwenn sou Vibration Media 509.

Nou la pou mete plis limyè sou sa k ap fèt lakay nou epi bay talan ayisyen yo plis vizibilite.

📲 Abòne ak tout paj Vibration Media 509 yo, like kontni nou yo, pataje yo epi envite lòt fanatik espò yo vin jwenn nou.

Pa rete deyò! Avanti a fèk kòmanse.

Vibration Media 509 Medya espòtif ayisyen yo. 🇭🇹⚽

Vye tig yo nan antrenman.
08/09/2026

Vye tig yo nan antrenman.

🇭🇹 RICARDO ADÉ METE FEN NAN KARYÈ ENTÈNASYONAL LI A 36 ANDefansè ayisyen an Ricardo Adé anonse li mete yon fen nan karyè...
07/09/2026

🇭🇹 RICARDO ADÉ METE FEN NAN KARYÈ ENTÈNASYONAL LI A 36 AN

Defansè ayisyen an Ricardo Adé anonse li mete yon fen nan karyè entènasyonal li avèk seleksyon Ayiti a, a laj 36 an. 🇭🇹

Apre plizyè ane sèvis anba koulè seleksyon nasyonal la, Adé deside vire paj sou yon chapit enpòtan nan karyè foutbòl li. Li te vin youn nan jwè ki gen plis eksperyans nan defans ekip nasyonal la, kote li te pote lidèchip, angajman ak eksperyans li nan plizyè konpetisyon entènasyonal.

Depi premye aparisyon li ak Grenadye yo, Ricardo Adé te reprezante Ayiti avèk fyète, pandan li te travèse plizyè jenerasyon jwè nan seleksyon an.

A 36 an, defansè a chwazi konsakre tèt li sou lòt etap nan karyè li, apre yon long peryòd kote li te sèvi drapo ble ak wouj la. 🇭🇹❤️💙

Mèsi Ricardo Adé pou sèvis ou bay seleksyon Ayiti a! 🫡🇭🇹

🎂🎉 BON FÈT CLIFFORD GENE! 🇭🇹⚽Tout ekip Vibration Media 509 ap swete Clifford Gene yon bon  anivèsè! Nou swete w anpil si...
06/09/2026

🎂🎉 BON FÈT CLIFFORD GENE! 🇭🇹⚽

Tout ekip Vibration Media 509 ap swete Clifford Gene yon bon anivèsè!

Nou swete w anpil siksè, fòs, disiplin ak anpil bèl moman nan karyè foutbòl ou. Kontinye travay di, aprann chak jou epi kwè nan tèt ou. 💪🏾🧤

Bon fèt, Clifford! 🎉🦁🇭🇹
Ke nouvo ane sa a pote w plis viktwa ak anpil bèl opòtinite!

Adresse

Delmas 31, Port-au-Prince, Haïti
Port-au-Prince
HT6120

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Vibration Media 509 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager